Jèn yo
Apendis


“Apendis,” Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa (2022)

“Apendis,“ Pou fòs jèn yo

Imaj
Tanp Barranquilla nan Kolonbi

Apendis

Yon fason pou w note pwogrè w sou chemen alyans lan se medite sou kesyon nou pral bay la yo. Yo se kesyon y ap poze w lè w ap fè entèvyou pou yon rekòmandasyon tanp, men pa tann pou yon entèvyou. Fè pwòp evalyasyon spirityèl ou. Tèm Jènfi a, Tèm Kowòm Prètriz Aawon an, ak Dis kòmandman yo kapab tounen zouti ki ap ede w lè w ap fè evalyasyon tèt ou a.

Imaj
senbòl tanp

Kesyon rekòmandasyon tanp pou jèn yo

Èske w gen lafwa nan Bondye, Papa Etènèl la, ak nan Pitit Gason l lan, Jezikri, ak nan Sentespri a; ak yon temwayaj konsènan yo?

Èske w gen yon temwayaj sou Ekspyasyon Jezikri a ak wòl li kòm Sovè w ak Redanmtè ou?

Èske w gen yon temwayaj sou Retablisman levanjil Jezikri a?

Èske w soutni Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè epi kòm sèl moun sou tè a ki otorize pou egzèse tout kle yo nan prètriz la? Èske w soutni manm Premyè Prezidans yo ak Kolèj Douz Apot yo kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè? Èske w soutni lòt Otorite Jeneral yo ak dirijan lokal yo nan Legliz la?

Senyè a di ke tout bagay gen pou “fèt nan pwòpte” devan Li (Doktrin ak Alyans 42:41). Èske w fè efò pou w rete moralman pwòp nan panse ou ak nan konpòtman ou? Èske w obeyi lwa chastete a?

Èske w suiv ansèyman Legliz Jezirki pou Sen Dènye jou yo nan lavi prive w ak nan konpòtman w an piblik avèk manm fanmi ou ak lòt moun?

Èske w sipòte oubyen fè pwomosyon ansèyman, pratik, oswa doktrin ki kontrè avèk pa Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo?

Èske w fè efò pou w respekte jou Saba a, lakay ou ak nan legliz la; asiste reyinyon w yo; prepare w pou pran sentèn nan diyite; epi viv yon lavi ki an amoni avèk lwa ak kòmandman levanjil yo?

Èske w fè efò pou w onèt nan tout sa w ap fè?

Èske w peye yon dim konplè?

Èske w konprann epi obeyi Pawòl Sajès la?

Èske gen okenn peche grav nan lavi w ke w ta bezwen rezoud avèk otorite prètriz yo kòm pati nan repantans ou?

Èske w konsidere tèt ou diy pou w antre nan kay Senyè a epi patisipe nan òdonans tanp yo?

Tèm Jènfi yo

Mwen se yon pitit fi byeneme Paran Selès, ki gen yon nati divin ak yon destine etènèl.

Antanke disip Jezikri, m ap efòse m pou m vin menmjan avèk li. M ap chèche revelasyon pèsonèl epi m aji selon yo epi m ap sèvi lòt moun nan non sakre li.

M ap kanpe kòm yon temwen Bondye tout tan, nan tout bagay ak nan tout kote.

Pandan m ap fè efò pou kalifye m pou egzaltasyon, m ap cheri don repantans lan epi m ap chèche amelyore m chak jou. Ak lafwa, m ap fòtifye fwaye m ak fanmi m, fè ak kenbe alyans sakre, e resevwa òdonans ak benediksyon tanp sakre yo.

Tèm Kolèj Prètriz Aawon an

M se yon pitit gason byeneme Bondye, epi li gen yon travay pou m fè.

Avèk tout kè m, tout panse m, ak tout fòs mwen, m ap renmen Bondye, m ap kenbe alyans mwen yo, epi m ap itilize prètriz Li a pou m sèvi lòt moun, kòmanse nan pwòp lakay pa m.

Pandan m ap fè efò pou m sèvi, pou m egzèse lafwa, repanti, ak amelyore chak jou, m ap kalifye pou m resevwa benediksyon tanp yo ak lajwa dirab levanjil la.

M ap prepare pou m vin yon misyonè dilijan, yon mari lwayal, ak yon papa eman nan vin yon vrè disip Jezikri.

M ap ede prepare mond lan pou retou Sovè a nan envite tout moun pou yo vin jwenn Kris la epi resevwa benediksyon Ekspyasyon l yo.

Imaj
senbòl moun k ap li yon kat jewografik

Dis kòmandman yo

Nou pa dwe gen lòt bondye apre m.

Nou pa dwe fè okenn imaj taye . …

Pinga nou site non Senyè Bondye nou an anven. …

Sonje jou saba a pou sanktifye l.

Respekte papa w ak manman w. …

Ou pa dwe touye.

Ou pa dwe fè adiltè.

Ou pa dwe vòlè.

Ou pa dwe rann fo temwayaj.

Ou pa dwe konvwate.

Gade Egzòd 20:3–17.

Imaj
De tigason ki abiye avèk chemiz, youn k ap mare kòl li.