Jèn yo
Kò w se bagay ki sakre


“Kò w se bagay ki sakre,” Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa (2022)

“Kò w se bagay ki sakre,” Pou Fòs Jèn yo

Imaj
Tablo yon fi k ap priye.

Kò w se bagay ki sakre

1 Korentyen 6:18–20

Imaj
senbòl moun k ap jwe foutbòl

Kò w se yon kado mèveye Pè Selès la ba ou. Li ba ou l pou ede w vin menmjan avèk Li. Paske w gen yon kò, sa ba w plis pouvwa pou w egzèse libète w pou w aji. Levanjil retabli Jezikri a kapab ede w wè kò w selon pèspektiv Bondye. Epi sa fè yon gwo diferans nan chwa w ap fè pou konn kisa pou w fè avèk kò ou ak kijan pou w pran swen li.

Verite etènèl yo

Kò w kreye daprè imaj Bondye—Pèsonaj ki pi gloriye ak pi majestye nan inivè a. Ekriti yo konpare kò w avèk yon tanp sakre, yon andwa kote Lespri a ka abite. Natirèlman, kò w pa pafè pou kouneya. Men eksperyans w ap fè avèk kò w yo kapab ede w prepare pou w resevwa yon kò pafè, resisite, ak glorifye yon jou.

Nanm ou fèt avèk kò w ak lespri ou. Pou rezon sa a, sante fizik ak sante espirityèl makònnen ansanm. Sovè a te revele Pawòl Sajès la pou anseye prensip sou kijan pou pran swen kò ou—ak pou pwomèt benediksyon fizik ak espirityèl.

Santiman seksyèl yo se yon pati enpòtan nan plan Bondye a pou kreye maryaj ki gen bonè ak fanmi etènèl. Santiman sa yo se pa peche—yo sakre. Paske santiman seksyèl yo si sakre ak si puisan konsa, Bondye ba ou lwa chastete L la pou prepare w pou w itilize santiman sa yo nan fason Li vle pou w fè sa. Lwa chastete a deklare ke Bondye apwouve aktivite seksyèl sèlman ant yon gason ak yon fi ki marye. Anpil moun nan mond lan inyore lwa Bondye yo oubyen menm pase yo nan rizib, men Senyè a envite nou pou nou se disip Li epi viv nan yon nivo ki pi elve pase nivo mond lan.

Imaj
Yon fanmi k ap mache nan lari yon vil

Envitasyon

Trete kò w—ak kò lòt moun—avèk respè. Lè w ap pran desizyon sou fason pou w abiye, sou kwafi, ak sou aparans ou, mande tèt ou, “Èske m ap onore kò m kòm yon don sakre Bondye ban mwen?” Pè Selès la vle nou youn konsidere lòt pou sa nou reyèlman ye a: non pa jis kò fizik men kòm pitit byeneme Li ki gen yon destine diven. Evite lamòd ki mete aksan oubyen atire atansyon ki pa apwopriye sou kò fizik ou olye de kiyès ou ye kòm yon pitit Bondye ki gen yon fiti etènèl. Kite purete moral ak lanmou pou Bondye gide chwa w yo. Chèche konsèy nan men paran ou.

Imaj
De jènjan nan yon forè twopikal.

Fè bagay ki ap fòtifye kò ou—pa fè anyen ki ap blese l oubyen domaje li. Avèk rekonesans, jwi pil bon bagay Bondye ofri w yo. Men sonje ke alkòl, tabak, kafe, te, ak lòt dwòg ak sibstans danjere se pa pou kò ou ni pou lespri ou. Menm sibstans ki ede, tankou medikaman yo preskri w, kapab destriktè si w pa itilize yo kòrèkteman.

Kenbe seksyalite w ak santiman seksyèl yo sakre. Ou pa dwe itilize yo kòm bagay pou fè plezantri oubyen divètisman. Andeyò maryaj ant yon gason ak yon fi, sa pa kòrèk pou w touche pati prive ak sakre kò yon lòt moun, menmsi li abiye. Lè w ap chwazi sa pou w fè, sa pou w gade, li, koute, ak panse, ak poste, oubyen voye tèks, evite tout bagay ki ka volontèman reveye emosyon seksyèl nan lòt moun oubyen nan oumenm. Sa enkli pònografi sou tout fòm. Si w twouve w nan sitiyasyon oswa aktivite ki fè tantasyon yo vin pi fò, evite yo. Ou konn kisa sitiyasyon ak aktivite sa yo ye. E, si w pa konnen, Lespri a, paran w, ak dirijan w yo kapab ede w konnen yo. Montre Pè Selès la ke ou onore ak respekte pouvwa sakre pou kreye lavi a.

Imaj
De tigason k ap ede manman yo fè manje.

Benediksyon li pwomèt yo

Respè w pou tèt ou ak pou lòt moun ap ogmante pandan w ap onore kò w nan fason konpòtman, aparans, ak abiman w ye.

Senyè a pwomèt gwo trezò konesans pou moun ki kenbe Pawòl Sajès la. Yon kò ansante, ki pa gen adiksyon, ap ogmante kapasite w pou w resevwa revelasyon pèsonèl, pou w panse klèman, ak pou w sèvi Senyè a tou.

Viv lwa chastete a ap pote apwobasyon Bondye ak pouvwa espirityèl pèsonèl. Lè w marye, lwa sa a ap pote pi gwo lanmou, konfyans, ak inite nan maryaj ou. Obeyi lwa sa a ap rann posib pou w pwogrese etènèlman epi vin pi plis sanble avèk Papa nou ki nan Syèl la. Konfyans ou ap grandi pandan w ap viv antanke yon disip Jezikri.

Imaj
Tablo Jezi k ap preche Mari ak Mat.
Imaj
senbòl kesyon ak repons

Kesyon ak repons

Kisa prensip Senyè a ye sou abiman, sou aparans ou, sou tatwaj, ak pèse kò? Prensip Senyè a se pou w onore karaktè sakre kò ou, menm lè sa vledi pou w diferan de mond lan. Kite verite sa a ak Lespri a vin gid ou lè w ap pran desizyon—espesyalman desizyon ki gen efè dirab sou kò ou. Se pou w saj ak fidèl, epi chèche konsèy nan men paran w ak dirijan ou.

Kijan m ka simonte tantasyon ak move abitid? Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri gen pouvwa pou Yo ede ou. Ranpli lavi w avèk bagay ki envite pouvwa sa a nan lavi w, tankou lapriyè, etid ekriti, ak sèvi lòt moun. Vire al jwenn Jezikri ak levanjil Li a epi w ap vin rann ou kont ke feblès yo kapab vin tounen pwen fò. Chèche èd nan men paran, dirijan, ak konseye pwofesyonèl si nesesè. Pou moun ki soufri anba adiksyon yo, Legliz la ofri yon pwogram pou rekiperasyon anba adiksyon. Bagay sa yo se benediksyon Legliz Sovè a ofri pou ede w reprann kontwòl lavi ou. Sa ap pran tan, konsa, se pou w gen pasyans, epi pa janm abandone.

Imaj
yon tifi k ap li ekriti yo.

Mwen atire pa moun ki gen menm sèks avèk mwen. Nan ki fason prensip sa yo aplike pou mwen? Santiman atirans pou moun menm sèks avèk ou se pa yon peche. Si w gen santiman sa yo epi ou pa sede ladan yo ni aji sou yo, w ap viv lwa chastete sakre Pè Selès la. Ou se yon pitit byeneme Bondye ak yon disip Jezikri. Sonje ke Sovè a konprann tout sa w ap travèse. Atravè koneksyon alyans ou avèk Li, w ap jwenn fòs pou w obeyi kòmandman Bondye yo ak resevwa benediksyon Li pwomèt yo. Mete konfyans nan Limenm ak levanjil Li a.

Mwen te viktim anba abi, e mwen santi m wont. Èske m peche? Moun ki viktim anba nenpòt abi oubyen atak yo pa koupab ni peche. Tanpri, pa santi w koupab ni wont. Senyè a renmen ou. Li vle ede w, geri ou, ak ba w lapè. Konseye pwofesyonèl, manm fanmi, ak dirijan w yo kapab ede w tou.

Gade Jenèz 1:27 (nou kreye daprè imaj Bondye); Jan 14:18 (Sovè a pwomèt rekonfò); Filipyen 4:7 (lapè Bondye depase konpreyansyon); Doktrin ak Alyans 88:15 (lespri a ak kò a fòme nanm nan); 89 (Pawòl Sajès la); 121:45 (panse vètye pote pi gwo asirans).

Imaj
senbòl tanp

Kesyon pou Rekòmandasyon Tanp

Senyè a di ke tout bagay gen pou “fèt nan pwòpte” devan Li (Doktrin ak Alyans 42:41). Èske w fè efò pou w rete moralman pwòp nan panse ou ak nan konpòtman ou? Èske w obeyi lwa chastete a?

Èske w konprann epi obeyi Pawòl Sajès la?