Jèn yo
Verite a ap libere ou


“Verite a ap libere ou,” Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa (2022)

“Verite a ap libere ou,” Pou Fòs Jèn yo

Imaj
Tablo yon jènfi ki kenbe yon bouji epi k ap gade nan direksyon syèl la

Verite a ap libere ou

Jan 8:32

Papa nou ki nan Syèl la se yon Bondye laverite. Li konn tout bagay. Tout verite soti nan Li e mennen nan Li. Ou montre ke w bay verite a valè pandan w ap chèche aprann, viv avèk entegrite, epi bravman defann sa w konnen ki byen—menmsi w kanpe poukont ou.

Imaj
Yon jènjan k ap souri.

Verite etènèl yo

Pè Selès la vle pou pitit fi ak pitit gason L yo toujou ap aprann. Ou gen rezon tanporèl ak espirityèl pou w chèche aprann ak renmen aprann. Edikasyon se pa jis osijè fè lajan. Li fè pati objektif etènèl ou pou w vin plis sanble ak Pè Selès la.

Viv avèk entegrite vledi ke w renmen laverite ak tout kè w—plis pase w renmen konfò pèsonèl ou, popilarite, oswa ezans ou. Sa vledi fè sa ki byen senpleman paske se byen.

Ou gen yon bagay presye pou w pataje. Levanjil Jezikri a gen repons pou kesyon lavi yo. Se chemen ki mennen nan lapè ak bonè. Ou gen dwa pa konn tout bagay, men ou konnen ase pou w ede lòt moun konprann ak valorize prensip vrè ak etènèl yo.

Envitasyon

Toujou kontinye aprann. Chèche okazyon pou w elaji lespri ou ak talan ou. Opòtinite sa yo kapab enkli fòmasyon lekòl oubyen fòmasyon pwofesyonèl osi byen ke aprantisaj enfòmèl nan sous ou fè konfyans. Enplike Senyè a nan efò w yo, epi L ap gide ou. Pandan w ap aprann osijè mond ki antoure w la, aprann osijè Sovè a tou, ki te kreye mond lan. Etidye lavi Li ak ansèyman L yo. Fè seminè, enstiti, ak etid levanjil pèsonèl vin fè pati aprantisaj tout lavi ou.

Renmen laverite sitèlman ke ou p ap janm anvi vòlè, bay manti, triche, oubyen twonpe moun nan okenn fason—keseswa nan lekòl, nan travay, sou entènèt, toupatou. Se pou w rete menm kalite disip fidèl Jezikri a an piblik ak an prive.

Se pou w yon limyè pou lòt moun. Kite pawòl ou ak aksyon ou reflete lafwa w nan Jezikri. Prepare w depi kounyea pou opòtinite fiti pou w pataje levanjil gloriye L la, antanke misyonè ak pandan tout lavi ou. Epi se pou w pare pou w pale tout moun ki poze w kesyon sou lesperans ak bonè w santi a.

Benediksyon li pwomèt yo

Edikasyon ap ogmante kapasite w pou w sèvi Senyè a. L ap ba w pouvwa pou w beni lòt moun, espesyalman fanmi ou. Plis ou aprann, se plis w ap kapab ede bati wayòm Bondye a ak enfliyanse mond lan pou byen.

Onètete pote lapè ak respè tèt. Lè pawòl ou ak aksyon w konfòm ak verite a, ou montre ke—lòt moun avèk Senyè a ka fè w konfyans.

Lè w kanpe pou defann ansèyman Jezikri yo, Li kanpe avèk ou. Lòt moun gen dwa pa dakò avèk ou, men y ap remake kouraj ou ak senserite w . Keseswa lòt moun suiv egzanp ou ou pa, temwayaj ou, konfyans ou, ak lafwa w ap grandi.

Imaj
senbòl kesyon ak repons

Kesyon ak repons

Èske sa pa bon pou m gen kesyon sou Legliz la? Kijan m ka jwenn repons? Si w gen kesyon, sa pa yon siy feblès ni mank lafwa. Anfèt, poze kesyon kapab ede bati lafwa. Retablisman levanjil la te kòmanse lè Joseph Smith, ki te gen 14 zan, te poze kesyon nan lafwa. Chèche repons nan ekriti yo, nan pawòl pwofèt Bondye yo, nan men dirijan ak paran fidèl, ak nan men Bondye Limenm. Si repons yo pa vini tousuit, gen konfyans ke w ap aprann liy apre liy. Kontinye viv selon sa w deja konnen, epi kontinye chèche laverite.

Imaj
Tablo Joseph Smith ki ajenou devan Bondye Papa a ak Jezikri nan Boskè Sakre a.

Kijan m ka kanpe pou sa ki byen san m pa ofanse moun ki gen kwayans diferan yo? Kòmanse nan asire w ke pawòl ou ak aksyon w enspire pa lanmou pou Bondye ak pou pitit Li yo. Pataje levanjil la pa ta dwe fèt nan yon lespri kontansyon men olyesa nan yon lespri klète, imilite, ak jantiyès. Ou ka renmen lòt moun menmsi w pa dakò avèk pwendvi yo.

Gade Matye 5:14–16 (fè limyè w briye); Jan 14:6 (Jezi se verite a); 1 Pyè 3:15 (toujou pare pou w pataje lesperans ou nan Kris la); Doktrin ak Alyans 88:77–80 (bagay Senyè a vle pou nou aprann); 93:36 (laglwa Bondye se entèlijans); 124:15 (entegrite vledi renmen sa ki byen); 130:18 (entèlijans nou ap leve avèk nou lè nou resisite).

Imaj
senbòl tanp

Kesyon pou Rekòmandasyon Tanp

Èske w fè efò pou w onèt nan tout sa w ap fè?