Jèn yo
Jezikri ap ede ou


“Jezikri ap ede ou,” Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa (2022)

“Jezikri ap ede ou,” Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa

Imaj
Tablo ki montre Jezikri.

Jezikri ap ede ou

Sòm 147:3

Jezikri se fòs ou. Li fè tout sa ki nesesè pou w ka gen lajwa nan lavi sa a ak pou tout tan. Si w chwazi Limenm ak levanjil Li a, w ap chwazi lajwa etènèl.

Imaj
Tablo ki montre men Jezi k ap touche zye yon mesye ki fèmen.

Menm lè w ap eseye fè tout sa w kapab pou w fè bon chwa, w ap fè erè pafwa. W ap fè kèk bagay ou ta swete ke w pa t fè. Sa rive tout moun. Lè sa rive, li fasil pou w santi w dekouraje oubyen pou w mande tèt ou si w ap janm bon ase. Men, gen bòn nouvèl—nouvèl ki mèveye e ki pote lespwa! Paske Bondye renmen ou, Li te voye Pitit Gason L lan, Jezikri, ki te pran peche w yo sou tèt Li pou w ka repanti ak kontinye pwogrese.

Verite etènèl

Jezikri ka fòtifye ou. Li ka ede w chanje dezi ou, panse ou, ak aksyon ou. Lè w enkyete, oubyen ou pè, oubyen w ap lite nan yon fason kèlkonk, L ap rekonfòte ou. L ap ede w nan tout aspè lavi ou.

Repantans se pa pinisyon pou peche; se fason Sovè a itilize pou libere nou anba peche. Repanti vledi chanje—vire do bay peche epi vire gade Bondye. Li vledi amelyore ak resevwa padon. Kalite chanjman sa a se pa yon evenman ki rive yon grenn fwa; se yon pwosesis ki kontinyèl.

Envitasyon

Repanti. Ale jwenn Senyè a avèk dezi pou w amelyore. Lè w fè yon bagay ki mal, ou dwe onètman admèt li devan Bondye epi, si nesesè, al jwenn evèk ou ak moun ou te petèt blese yo. Fè tout sa w kapab pou repare sitiyasyon an.

Rejwi w nan don w genyen pou w fè pi byen e vin pi bon an. Menmsi sa pa fasil epi sa pran anpil tan pase w ta renmen, pa janm sispann eseye. Kontinye travay ak mete konfyans ou nan Senyè a. Sovè a ap ede w nan chak pa sou wout la.

Benediksyon li pwomèt

Jezikri ap padone w ak geri ou si w repanti. L ap ranplase lawont ou santi a pa lapè ak lajwa. Li p ap sonje peche w yo ankò. Atravè fòs Li, dezi w pou w respekte kòmandman L yo ap ogmante.

L ap chanje kè w ak lavi ou. Tikras pa tikras, w ap pwogrese epi w ap vin pi plis menmjan avèk Li. Koneksyon alyans ou genyen avèk Li a ap pote yon pi gran aksè nan pouvwa Li pou ou.

Imaj
senbòl kesyon ak repons

Kesyon ak repons

Kijan m ka konnen si Bondye padone m? Bondye pwomèt ke L ap padone moun ki repanti. Lè w santi rekonfò Sentespri a, ou ka konnen ke pouvwa ekspyatwa Sovè a ap travay nan lavi ou.

Kilè m bezwen èd evèk la pou m ka repanti? Evèk ou a gen kle prètriz yo ak don espirityèl pou ede w repanti. Ou ka chèche èd li ak konsèy li nenpòt lè. Si w te fè peche ki grav, tankou kraze lwa chastete a, al jwenn evèk ou. Li p ap kondane ou. Li se reprezantan Jezikri epi l ap ede w konn kijan pou w repanti konplètman epi resevwa gerizon ak pouvwa fòtifyan Sovè a.

M ap eseye repanti, men m kontinye ap fè menm erè yo. Kisa m dwe fè kounyea? Sa pran tan pou yon moun devlope bon abitid ak kraze move abitid yo, konsa, pa dekouraje. Ale jwenn Kris La. Gras Li sifi. Eseye ankò. Ou p ap janm poukont ou nan efò w pou w pwogrese. Jezikri toujou avèk ou.

Imaj
Tablo Jezi ki kenbe men Pyè nan mitan tanpèt.

Gade Enòs 1:6 (lawont la ka efase); Mozya 4:3 (atravè Sentespri a, Bondye ap fè w konnen ke L padone ou); 26:30 (Sovè a padon osi souvan ke nou repanti); Etè 12:27 (lagras Sovè a ka fè bagay fèb yo vin fò); Mowoni 6:8 (moun ki repanti yo resevwa padon); 10:32 (pèfeksyone nou nan Kris la); Doktrin ak Alyans 1:32 (Senyè a padone moun ki repanti); 58:42–43 (repantans enkli konfese ak bliye peche a).

Imaj
senbòl tanp

Kesyon pou rekòmandasyon tanp

Èske w gen lafwa nan Bondye, Papa Etènèl la, ak nan Pitit Gason l lan, Jezikri, ak nan Sentespri a; ak yon temwayaj konsènan yo?

Èske w gen yon temwayaj konsènan Ekspyasyon Jezikri a ak konsènan wòl li kòm Sovè w ak Redanmtè ou?