Jèn yo
Mache nan limyè Bondye


“Mache nan limyè Bondye,” Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa (2022)

“Mache nan limyè Bondye,” Pou Fòs Jèn yo

Imaj
Reyon solèy ki parèt atravè branch pyebwa.

Mache nan limyè Bondye

Galat 5:25

Imaj
senbòl moun k ap mache nan direksyon senbòl limyè a

Ou fè pi bon chwa lè w ka wè bagay yo klèman. Se poutèt sa limyè si enpòtan konsa: limyè rann ni pi fasil pou nou wè bon chemen an. Pè Selès la ba ou aksè nan limyè selès la—don Sentespri a—pou ede w wè klèman sa ki bon ak sa ki move, byen ak mal.

Verite etènèl yo

Imaj
Yon jènfi k ap pran dlo a pandan sentsèn nan

Nan batèm, ou antre nan yon bèl relasyon alyans avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Nan tanp lan, ou pral fè alyans adisyonèl ki ka ranfòse relasyon sa a. Chak semèn pandan sentsèn nan, ou renouvle alyans ou yo. Ou eksprime volonte w pou w kenbe kòmandman yo, epi Senyè a beni w avèk opòtinite pou w gen Sentespri a kòm konpayon konstan ou. Se youn nan pi gwo kado Li pou ou.

Lè w fè bon chwa, ou ogmante kapasite w pou w santi Lespri a. Gen anpil bagay ki bon ak benefik nan mond sa a. Menmjan kò w afekte pa sa w ap manje ak bwè a, se menmjan tou lespri w pwofondeman afekte pa sa w ap li, sa w ap gade, ak sa w ap koute.

Envitasyon

Rezève tan pou Senyè a chak jou. Aprann de Li. Toujou sonje Li. Priye Papa nou ki nan Syèl la. Sonde ekriti yo ak pawòl pwofèt vivan yo. Apresa efòse w pou w viv ann akò avèk sa w aprann yo.

Imaj
Twa jèn moun nan yon jaden tou pre yon tanp

Chèche bagay ki kapab edifye w, enspire w, epi ki envite Lespri a. Pandan w ap fè bon chwa sou sa w ap gade, li, koute, oubyen patisipe, panse a kijan sa fè w santi ou. Èske sa envite bon panse? Rete lwen tout bagay k ap moke bagay sakre yo oubyen sa ki imoral. Pa patisipe nan okenn bagay ki ka afekte jijman ou oubyen ki ka fè w pa ka santi Lespri a, tankou voylans, alkòl, ak dwòg. Se pou w gen kouraj pou w fèmen yon videyo oubyen yon jwèt, pou w soti kite yon sinema oubyen yon dans, pou w chanje mizik w ap koute a, oubyen vire do bay nenpòt bagay ki pa konsistan avèk Lespri a.

Imaj
senbòl yon kè sou medya sosyal

Itilize medya sosyal pou edifye. Medya sosyal kapab yon enstriman puisan pou kominikasyon. Si w itilize l, konsantre w sou limyè, lafwa, ak laverite. Pa konpare lavi w avèk sa lòt moun sanble y ap fè eksperyans. Sonje ke valè w soti nan lefèt ke w se yon pitit paran selès, e non pa nan medya sosyal.

Chèche viv eksperyans ki benefik ak vrè relasyon amitye ki dirab. Fè atansyon pou itilizasyon teknoloji ak medya sosyal pa ranplase tan w ap pase avèk fanmi w ak zanmi ou. Medya sosyal ak lòt teknoloji kapab pran anpil nan tan ou san yo pa gen anyen y ap ba ou anretou. Fè yon ti detache w de mond vityèl la, epi konekte w avèk moun nan lavi reyèl.

Benediksyon li pwomèt yo

Ou kapab gen Lespri a avèk ou tout tan. Sentespri a ap rann ou temwayaj konsènan Papa nou ki nan Syèl la avèk Jezikri. L ap rekonfòte w, gide w, avèti w, ak sanktifye ou. L ap ede w rekonèt laverite epi wè sa ki bon nan mond lan.

Imaj
senbòl kesyon ak repons

Kesyon ak repons

Kijan m ka konnen si m santi Sentespri a? Sa mande tan, pratik ak pasyans pou w ka aprann rekonèt Lespri a. Li pale a moun diferan nan fason ki diferan. Pa neglije ti bagay senp yo—santiman lapè ou santi lè w ap koute temwayaj yon moun oubyen santiman enkonfòtab ou santi apre w fin fè yon move chwa a. Sonde ekriti yo pou w ka wè diferant fason Lespri a kominike, priye sou sa, epi kontinye chèche opòtinite pou w santi Lespri a.

Imaj
Yon jènfi k ap priye pandan l ajenou bò kanbann ni.

Kisa pònografi ye? Poukisa m dwe evite l? Pònografi se yon reprezantasyon, nan imaj oubyen an pawòl, ki la pou reveye santiman seksyèl. Pònografi vini sou plizyè fòm, enkli videyo, foto, liv, ak mizik. Li ka prezante sou fòm mesaj oswa imaj zanmi ap voye youn bay lòt tou. Pònografi trete bagay ki sakre—kò fizik nou ak santiman seksyèl—san respè. Sa posib pou w rankontre pònografi san w pa gen entansyon an. Keseswa ou rankontre pònografi entansyonèlman ou non, vire do w imedyatman. Ou gendwa pale avèk paran w oubyen yon lòt grandèt ou fè konfyans tou. Gade pònografi entansyonèlman se peche epi sa ap detwi kapasite w pou w santi Lespri a. L ap febli metriz tèt ou epi l ap defòme fason ou wè tèt ou ak lòt moun. Jezikri gen pouvwa pou L ede w reziste anba pònografi epi repanti. Vire al jwenn Li; vire do bay fènwa. Evèk ou kapab ede w resevwa fòs ak padon atravè Sovè a.

Gade Amòs 5:14 (chèche sa ki bon); Galat 5:22–23 (fwi Lespri yo); Mowoni 7:18–19 (limyè Kris la); Doktrin ak Alyans 6:23 (Senyè a pote lapè); 20:77, 79 (priyè sentsèn yo).

Imaj
senbòl tanp

Kesyon pou Rekòmandasyon Tanp

Senyè a di ke tout bagay gen pou “fèt nan pwòpte” devan Li (Doktrin ak Alyans 42:41). Èske w fè efò pou w rete moralman pwòp nan panse ou ak nan konpòtman ou? Èske w obeyi lwa chastete a?

Èske w fè efò pou w respekte jou Saba a, lakay ou ak nan legliz la; asiste reyinyon w yo; prepare w pou pran sentèn nan diyite; epi viv yon lavi ki an amoni avèk lwa ak kòmandman levanjil yo?