Jèn yo
Renmen Bondye, renmen pwochen ou


“Renmen Bondye, renmen pwochen ou,” Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa (2022)

“Renmen Bondye, renmen pwochen ou,” Pou Fòs Jèn yo

Imaj
Tablo yon mesye k ap pran swen yon lòt mesye byen mèg ki kouche atè a

Renmen Bondye, renmen pwochen ou

Matye 22:37–40

Imaj
senbòl moun k ap rann sèvis

Pou ede w fè bon chwa, Bondye bay kòmandman. Li fè sa paske Li renmen ou. Epi pi bon rezon pou w obeyi kòmandman Bondye yo se paske w renmen Li. Lanmou se eleman santral kòmandman Bondye yo.

Imaj
Yon jenòm k ap pouse yon fi aje ki nan chèz woulant pou l travèse lari a

Verite etènèl yo

Bondye renmen ou. Li se Papa ou. Lanmou pafè Li ka ankouraje w pou w renmen Li. Lè lanmou w pou Pè Selès la se enfliyans ki pi enpòtan nan lavi ou, anpil desizyon ap vin pi fasil.

De pi gran nan tout kòmandman yo, Jezi te anseye, se renmen Bondye ak renmen pwochen ou. E kiyès ki pwochen w? Tout moun! Tout lòt bagay nan ekriti yo ak sa pwofèt yo anseye konekte avèk de kòmandman sa yo.

Tout moun se frè w ak sè w—enkli, natirèlman, moun ki diferan de ou oubyen moun ki pa dakò avèk ou. Pè Selès la vle pitit Li yo renmen youn lòt. Lè w sèvi pitit Li, se Limenm w ap sèvi.

Envitasyon

Montre lanmou pou Bondye nan kenbe kòmandman L yo. Paregzanp, si w sanktifye jou Saba a, enkli fidèlman prepare w pou w pran sentsèn, ou montre Bondye ke w dispoze pou w dedye yon jou nan semèn nan pou Li. Lè w jene ak peye dim ak ofrann, ou montre Bondye ke travay Li a pi enpòtan pou ou pase bagay materyèl. Lè w itilize non Bondye avèk Kris la ak reverans, epi w pa janm itilize non yo anven ni san respè, ou montre ke w rekonesan pou tout sa Yo fè pou ou.

Trete tout moun kòm pitit Bondye. Antanke yon disip Jezikri, ou ka sèvi kòm modèl nan trete moun tout ras ak tout relijyon ak nenpòt lòt gwoup avèk lanmou, respè, epi entegre yo—espesyalman moun ki pafwa viktim anba pawòl ak aksyon ki blese yo. Lonje lamen bay moun ki santi yo solitè, izole, oswa san sekou. Ede yo santi lanmou Pè Selès la atravè oumenm.

Imaj
De jènjan abiye avèk chemiz ak kravat.

Veye pou langaj ou reflete lanmou pou Bondye ak pou lòt moun—keseswa lè w ap kominike avèk moun an pèsòn oubyen a distans. Di bagay ki edifyan—pa di anyen ki ta ka divize, blese, oubyen ofanse moun, menm si se yon plezantri. Pawòl ou kapab puisan. Kite yo puisan pou fè bon bagay.

Lanmou pou tout pitit Bondye kòmanse nan fwaye a. Fè pati pa w la pou w ka fè fwaye w vin yon andwa kote chak moun ka santi lanmou Sovè a.

Benediksyon li pwomèt yo

Relasyon w avèk Bondye ap vin pi pwofon si w eksprime lanmou Li atravè obeyi kòmandman L yo ak kenbe alyans ou fè avèk Li yo.

Relasyon w avèk lòt moun ap vin pi apwofondi si w eksprime lanmou ou atravè sèvis kretyen. W ap jwenn lajwa nan fè mond lan vin yon kote ki gen plis lanmou.

Imaj
senbòl kesyon ak repons

Kesyon ak repons

Kijan m ka santi lanmou Bondye? Lanmou Pè Selès la toujou disponib. Pale avèk Li atravè lapriyè. Pataje sa w santi avèk Li, epi koute enpresyon L ap ba ou yo. Li pawòl Li nan ekriti yo. Panse avèk tout sa Li fè pou ou. Pase tan nan andwa ak aktivite kote Lespri Li prezan.

Èske Senyè a atann pou m renmen tout moun, menm moun ki trete m mal? Senyè a atann ke w ap renmen enmi ou epi priye pou moun ki maltrete ou. Sepandan, sa pa vledi ke w dwe rete nan yon sitiyasyon ki ka lakoz ou blese emosyonèlman, fizikman, oswa spirityèlman. Etabli bon kalite limit pou kenbe tèt ou an sekirite. Si w ap sibi abi oubyen move tretman—oubyen si w konnen sa ap rive yon lòt moun—pale avèk yon grandèt ou fè konfyans.

Kilè ak kijan m ta dwe aprann konnen manm sèks opoze? Pi bon fason w ka konnen lòt moun se atravè amitye ki sensè. Pandan w jèn, bati bon amitye avèk anpil moun. Nan kèk kilti, jèn yo aprann konnen manm sèks opoze yo pa mwayen bon jan aktivite an gwoup. Pou devlòpman ak sekirite emosyonèl ak spirityèl ou, ou ta dwe ranvwaye aktivite tètatèt yo pou jiskaske w rive nan laj matirite—laj 16 zan se yon bon laj pou sa. Fè konsèy avèk paran w ak dirijan w yo. Kite relasyon privilejye yo pou lè w vin pi gran. Pase tan avèk moun ki ap ede w kenbe angajman w pran anvè Jezikri yo.

Kisa m ka fè si fwaye m se pa yon kote ki gen lanmou? Sovè w la konn sitiyasyon ou, epi Li renmen ou. Se pou w gen pasyans, kontinye kenbe kòmandman Bondye yo, epi rete yon bon egzanp pou fanmi ou. Bati relasyon avèk manm pawas ou yo. Prepare w kounyea pou w bati pwòp fanmi w ki pral baze sou ansèyman Jezikri yo.

Gade Ezayi 58:3–11 (objektif jèn); 58:13–14 (benediksyon nan onore Saba a); Malachi 3:8–10 (benediksyon nan peye dim); Lik 6:27–28 (renmen enmi nou); 10:25–37 (kiyès ki pwochen mwen?); Jan 3:16–17 (Bondye renmen nou, konsa Li te voye Pitit Gason L lan); 14:15 (nou kenbe kòmandman yo paske nou renmen Bondye); 1 Jan 4:19 (nou renmen Bondye paske Li renmen nou); Mozya 2:17 (lè nou sèvi lòt moun, se Bondye n ap sèvi).

Imaj
senbòl tanp

Kesyon pou Rekòmandasyon Tanp

Èske w suiv ansèyman Legliz Jezirki pou Sen Dènye jou yo nan lavi prive w ak nan konpòtman w an piblik avèk manm fanmi ou ak lòt moun?

Èske w fè efò pou w respekte jou Saba a, lakay ou ak nan legliz la; asiste reyinyon w yo; prepare w pou w pran sentèn nan diyite; epi viv yon lavi ki an amoni avèk lwa ak kòmandman levanjil yo?

Èske w peye yon dim konplè?