Jèn yo
Mesaj Premye Prezidans lan


“Mesaj Premye Prezidans lan,” Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa (2022)

“Mesaj Premye Prezidans lan,“ Pou Fòs Jèn yo

Imaj
Tablo sou yon fi k ap egzamine men Jezi pami moun k ap gade yo

Mesaj Premye Prezidans lan

Chè frè ak sè nou yo,

Nou renmen nou, epi nou gen konfyans nan nou. Nou reyèlman fè pati espri chwazi Pè Selès la, ke L voye sou tè a nan moman sa a pou nou fè bagay ki enpòtan.

Ap gen anpil fwa kote n ap santi nou pa solid ni kapab. Se nòmal. Espesyalman nan moman sa yo, vire jwenn Sovè a. Li se “fòs jèn yo.”

Gid sa a ap ede nou bati yon fondasyon solid pou nou ka fè chwa pou nou rete sou chemen alyans lan. L ap ede nou prepare pou nou fè alyans sakre nan tanp, prepare pou nou sèvi yon misyon, ak pou nou jwenn lajwa nan suiv Jezikri pandan tout lavi nou. Nou espere ke n ap santi nou nan plas nou nan Legliz Sovè a epi nou gen pouvwa nou resevwa nan men Li pou n akonpli objektif Li pou nou.

Nou konnen Bondye vivan. Priyè nou se pou nou ka rete solid sou chemen alyans ki ap mennen nou retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la. Si nou fè sa, n ap vin yon enfliyans pou byen, ki ap pataje levanjil la ak lajwa epi ki ap prepare mond lan pou Dezyèm Vini Sovè a.

Premye Prezidans lan