Jèn yo
Fè chwa ki enspire


“Fè chwa ki enspire,” Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa (2022)

“Fè chwa ki enspire,” Pou Fòs Jèn yo

Imaj
yon jènfi k ap priye sou kabann ni

Fè chwa ki enspire

Nan Pou Fòs Jèn yo, n ap jwenn ansèyman Jezikri ak pwofèt Li yo. Ak verite sa yo kòm gid nou, nou ka fè chwa enspire ki ap beni nou kounyea ak atravè letènite.

Jezikri se chemen ki mennen nan lajwa etènèl. Pandan n ap itilize libète nou pou nou chwazi pou n suiv Jezikri, nou sou chemen ki mennen nan bonè etènèl la. Fè Jezikri vin prensip nou, fondasyon solid nou. Bati lavi nou sou ansèyman L yo, epi itilize yo pou mezire chwa nou yo. Alyans nou fè nan batèm, pandan Sentsèn, ak nan tanp yo se baz fondasyon fèm nou nan Kris la. W ap toujou kontinye lite anba tantasyon, men Pè Selès la ak Sovè a ap ede w travèse yo tout.

Ou se yon pitit byeneme Bondye. Gran plan bonè L la rann posib pou w pwogrese spirityèlman epi devlope potansyèl diven ou. Se poutèt sa Li te voye Jezikri pou L te vin Sovè ou.

Papa nou ki nan syèl la fè w konfyans. Li ba ou gwo benediksyon, enkli plenitid levanjil la ak òdonans ak alyans sakre ki liye ou avèk Li epi ki pote pouvwa Li nan lavi ou. Gen responsablite ki atache a benediksyon sa yo. Li konnen w ap kapab fè yon diferans nan mond lan, epi, nan plizyè ka, sa ap mande pou w diferan de mond lan. Chèche gidans Pè Selès la pandan w ap fè chwa w yo. L ap beni ou avèk enspirasyon atravè Sentespri a.

Objektif Pou Fòs Jèn yo se pa pou ba ou yon “wi” oubyen “non” osijè chak chwa posib ki anfas ou. Men olyesa, Senyè a envite w pou w viv nan yon fason ki pi elve ak pi sen—fason pa Li. Gid sa a ap anseye w sou fason Li. Li eksplike verite Li te revele yo. Fè verite sa yo vin tounen gid ou pou w ka fè chwa—gwo chwa, tankou fè alyans nan tanp ak sèvi yon misyon, osibyen ke chwa chak jou, tankou kijan pou w trete moun oubyen kijan pou w pase tan ou.

Pandan ke lòt moun kapab ede ou, pwogresyon espirityèl ou se yon bagay pèsonèl. Se ant oumenm ak Senyè a. Li konnen kè ou, epi se sèl Limenm ki ka Jij final la. Fè tout sa w kapab pou amelyore w chak jou, pou w kenbe kòmandman Bondye yo ak onore alyans ou yo, ak pou ede lòt moun vin pi pwòch Sovè a.

Gade Mozya 4:29–30 (gen anpil fason moun ka peche, se poutèt sa nou dwe fè atansyon); Elaman 5:12 (bati fondasyon nou sou Kris la); Doktrin ak Alyans 45:57 (pran Sentespri a kòm gid ou); 82:15 (lye tèt ou avèk Senyè a atravè alyans).

Imaj
moun k ap itilize yon kat jeyografik

Kijan gid sa a òganize

Chak sijè yo genyen twa pati:

  1. Verite etènèl, oswa doktrin levanjil retabli Jezikri a

  2. Envitasyon pou aji selon verite sa yo

  3. Pwomès benediksyon ke Senyè a ofri moun ki viv selon ansèyman L yo