Ansyen Testaman 2022
10–16 Oktòb. Jeremi 1–3; 7; 16–18; 20: “M te Konnen w avan m te fòme w nan Vant manman w”


“10–16 Oktòb. Jeremi 1–3; 7; 16–18; 20: ‘M te Konnen w avan m te fòme w nan Vant manman w,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“10–16 Oktòb. Jeremi 1–3; 7; 16–18; 20,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
pwofèt k ap pale avèk mesye yo

Jeremi, tablo Walter Rane

10–16 Oktòb

Jeremi 1–3; 7; 16–18; 20

“M te Konnen W avan M te fòme W nan Vant manman w”

Èldè DavidA. Bednar te di: “Youn nan fason mwen koute [Senyè a] se nan ekriti yo. Ekriti yo se vwa Senyè a ki pre-anrejistre” (“‘Koute Li’ nan Kè ou ak nan Panse ou,” ChurchofJesusChrist.org).

Ekri Enpresyon w yo

Toudabò, Jeremi pa t panse li te ka vin yon bon pwofèt. “Gade, Mwen pa ka pale,” li te reponn lè Senyè a te aple l premye fwa a (Jeremi 1:6). Senyè a te rasire li, “Mwen mete pawòl mwen yo nan bouch ou” (vèsè9). Jeremi te santi ke li sete yon “timoun” san eksperyans (vèsè6), men lSenyè a te eksplike ke li te anfèt pi prepare ke li te reyalize—li te jwenn òdinasyon pou apèl sa a anvan menm li te pran nesans (gade vèsè5). Konsa Jeremi te mete akote krent li yo epi aksepte apèl la. Li te avèti wa ak prèt nan Jerizalèm yo ke sentete yo te pretann yo te genyen an pa t ap sove yo anba destriksyon. “Timoun” ki pat ka pale a te vin santi pawòl Bondye a “nan kè [li] kòm yon dife brilan” epi li pa t ka rete an silans (Jeremi 20:9).

Istwa Jeremi an se istwa pa nou tou. Bondye te konnen nou, tou, avan nou te pran nesans epi Li te prepare nou pou fè travay li sou tè a. Pami lòt bagay yo, travay sa a enkli yon bagay Jeremi te prevwa: rasanble moun Bondye yo, youn pa youn, pou “mennen [yo] nan Siyon” (Jeremi 3:14). Epi menmsi nou pa konne egzakteman kisa pou fè oswa di, nou ta dwe “pa gen krent…; paske mwen avèk ou, se sa Senyè a te di” (Jeremi 1:8,19).

Pou yon koudèy sou liv Jeremi an, gade “Jeremi” nan Diksyonè Bib la.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Jeremi 1:4–19; 7:1–7; 20:8–10

Pwofèt yo aple pou yo pale pawòl Senyè a.

Pandan w ap li nan Jeremi 1:4–19 konsènan apèl Jeremi pou vin yon pwofèt, medite sou wòl pwofèt yo nan lavi ou. Kisa w aprann konsènan pwofèt yo apati pawòl Senyè a pou Jeremi? (gade tou Jeremi 7:1–7). Moun yo te souvan rejte mesaj Jeremi t ap preche a (gade Jeremi 20:8,10). Kisa w aprann nan pawòl Jeremi yo nan Jeremi 20:90? Kenbe panse sa yo nan lespri w tout pandan w ap etidye ansèyman Jeremi yo. Kisa w twouve nan seksyon sa yo ki enspire w pou w suiv pwofèt Jeremi?

Jeremi 1:5

Bondye te konnen nou avan nou te pran nesans.

Avan Jeremi te pran nesans, Bondye te konnen epi chwazi li, oswa te preòdone li, pou akonpli yon misyon espesifik sou tè a (gade Jeremi 1:5). Poukisa w panse li te enpòtan pou Nefi te konn bagay sa yo?

Bondye te konnen nou tou avan nou te pran nesans epi li te preòdone nou pou responsablite espesifik (gade Alma 13:1–4; Doktrin ak Alyans 138:53–56; Abraam 3:22–23). Ki diferans konesans sa a ka fè nan lavi ou? Si w te resevwa benediksyon patriyakal ou, ou ka repase li nan lapriyè epi mande Bondye kijan pou akonpli sa li te preòdone ou pou w fè.

Gade tou Sijè yo nan Levanjil la, “Preòdinasyon,” “Premòtalite,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
moun ki kanpe nan yon ansyen sitèn

Moun nan ansyen Izrayèl la te itilize sitèn pou konsève dlo presye.

Jeremi2; 7

“Yo lage mwen menm ki sous dlo fre a.”

Nan rejyon arid la kote Izrayelit yo te viv la, moun yo te konsève dlo presye nan rezèvwa souteten ki rele sitèn. Poukisa jwenn dlo nan yon sous t ap pi bon pase konte sou yon sitèn? Kisa sa vledi pou n abandone “sous dlo lavi yo”? Kisa ou panse “sitèn kraze yo” ki mansyone nan Jeremi 2:13 gen dwa senbolize? Pandan w ap li Jeremi2 ak7, remake kijan moun yo te abandone Senyè a ki se dlo lavi, epi reflechi sou kijan w ap resevwa dlo lavi a nan lavi ou.

Jeremi7 adrese a moun yo ki te antre nan “ kay Senyè a … pou adore Senyè a” (Jeremi 7:2). Men malgre aparans eksteryè sou devosyon sa a, yo te koupab gwo mechanste (gade vèsè 2–11). Ki mesaj ou santi Senyè a gendwa genyen pou ou nan vèsè 21–23 yo?

Jeremi 3:14–18; 16:14–21

Senyè a pral rasanble pèp li a.

Lè Jeremi te pwofetize sou rasanbleman Izrayèl ki dispèse a, li te di sa t ap vin pi monimantal pase menm Egzòd soti Ejip la (gade Jeremi 16:14–15). Nan yon espri similè, Prezidan RussellM. Nelson te di: “Yo te voye nou sou tè a nan moman presi sa a … pou ede rasanble Izrayèl. Pa gen anyen k ap pase sou tè sa a nan moman sa a ki pi enpòtan pase [rasanbleman] sa a. … Rasanbleman sa aThis gathering shouldta dwe vledi tout bagay pou ou” (RussellM. Nelson ak WendyW. Nelson, “Espwa Izrayèl” [devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen, 2018], sipleman pou New Era a ak Ensign, Out 2018,12, ChurchofJesusChrist.org).

Pandan w ap etidye Jeremi 3:14–18; 16:14–21, kisa ki enspire w konsènan rasanbleman Izrayèl dènye jou a? Kisa vèsè sa yo sigjere konsènan fason rasanbleman sa a ap fèt? Ki ide adisyonèl ou jwenn nan rès nan mesaj Prezidan Nelson an ki site pi wo a?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Jeremi 1:5.Ou ta ka itilize vèsè sa a pou pale konsènan lavi nou avèk Pè Selès la avan nou te pran nesans. Resous tankou “Mwen te viv nan Syèl la” (Children’s Songbook,4) ak “Entwodiksyon: Plan Pè Selès nou an” (nan Istwa Nouvo Testaman yo, 1–5) ka ede. Kijan konesans konsènan lavi premòtèl nou ka afekte fason nou viv lavi mòtèl nou?

Jeremi 2:13; 17:13-14.Pou ede manm fanmi w yo vizyalize vèsè sa yo, ou ka demontre sa ki pase a lè ou mete dlo nan yon resipyan ki fele oswa kraze. Kisa “sous dlo lavi a” ak “sikèn kraze yo” ka reprezante? (Jeremi 3:14). Kisa nou bwè anan dlo lavi Senyè a?

Jeremi 3:14.Prezidan RussellM. Nelson te konpare pechè ak chasè yo nan vèsè sa a ak misyonè sen dènye jou yo (gade “Rasanbleman Izrayèl Dispèse a,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2006,81). Manm fanmi yo ka “chèche jwenn” objè nan anviwònman kay ou a epi pale konsènan kijan ou ka ede “peche” ak “lachas” Izrayèl ki dispèse a.

Jeremi 18:1–6.Pou eksplore vèsè sa yo, ou gendwa diskite oswa montre kijan yo fè seramik. Ki mesaj Senyè a genyen pou Izrayèl nan Jeremi 18:1–6? Kisa sa vledi pou ou se ajil nan men Senyè a? (gade tou Ezayi 64:8). Pou yon lòt istwa ki konpare nou ak ajil potye a, gade mesaj Eldè RichardJ. Maynes la “La joie de mener une vie centrée sur le Christ” (Ensign oswa Lyawona, Nov. 2015, 27–30).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “Israel, ton Dieu t’appelle,” Cantiques, no. 7.

Amelyore Ansèyman Nou

Itilize istwa. Sovè a te souvan anseye nan itilize iswa. Panse sou istwa nan pwòp lavi pa w ki ka fè yon prensip levanjil vin vivan. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 22.)

Imaj
ajil sou wou potye a

“Gade, menmjan ajil la nan men potye a, konsa nou nan men mwen, O kay Izrayèl la” (Jeremi 18:6).