Ansyen Testaman 2022
24–30 Oktòb. Ezekyèl 1–3; 33–34; 36–37; 47: “M Ap Mete yon Espri Nouvo Andedan Ou”


“24–30 Oktòb. Ezekyèl 1-3; 33–34; 36–37; 47: ‘M ap Mete Yon Espri Nouvo Andedan Ou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“24–30 Oktòb. Ezekyèl 1–3; 33–34; 36–37; 47,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Jezi ap gide mouton

Vini, Suiv Mwen, pa Scott Sumner

24–30 Oktòb

Ezekyèl 1–3; 33–34; 36–37; 47

“M Ap Mete yon Espri Nouvo Andedan Ou”

Ezekyèl te jwenn envitasyon pou l te senbolikman “manje” pawòl Bondye a—pou ranpli tèt li avèk li (gade Ezekyèl 2:9–3:3,10). Kijan w pral ranpli tèt ou avèk pawòl Bondye a semèn sa a?

Ekri Enpresyon w yo

Ezekyèl sete yon pwofèt an egzil. Ansanm avèk lòt Izrayelit yo, yo te kaptire l epi voye l nan Babilòn anpil ane avan Jerizalèm te finalman detwi. Nan Jerizalèm, Ezekyèl t ap vin tounen yon prèt k ap sèvi nan tanp lan. Nan Babilòn, li te pami “moun ki te prizonye yo,” epi li “te chita kote yo te chita” (Ezekyèl 3:15), dè santèn kilomèt de tanp lan epi avèk yon ti kras espwa pou retounen nan kay byenneme Bondye a. Epi yon jou Ezekyèl te gen yon vizyon. Li te wè “laglwa Senyè a” (Ezekyèl 1:28)—pa t retounen nan tanp nan Jerizalèm nan men la nan Babilòn nan mitan egzile yo. Li te aprann mechanste nan Jerizalèm te vin sitèlman grav ke prezans Bondye pa t la ankò (gade Ezekyèl 8–11; 33:21).

Youn nan devwa Ezekyèl sete pou avèti Izrayelit yo konsènan konsekans rebelyon yo—yon avètisman ke yo te inyore preske totalman. Men te genyen plis nan mesaj Ezekyèl la: li te pwofetize ke, malgre bagay yo te vin mal, te genyen yon wout pou tounen. Si pèp Bondye a te aksepte envitasyon pou “koute pawòl Senyè a” (Ezekyèl 37:4), sa ki yon fwa te mouri ka reviv. Yon “kè anwòch” ka ranplase avèk “yon kè nouvo” (Ezekyèl 36:26). Senyè a te di yo, “[mwen] pral mete espri m nan ou,” “epi nou pral gen lavi” (Ezekyèl 37:14). Epi nan dènye jou yo, Senyè a ap etabli yon nouvo tanp an yon nouvèl Jerizalèm, “epi non vil la apati jou sa se pral, Senyè a la” (Ezekyèl 48:35).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Ezekyèl 1–3

“Ou pral pale pawòl mwen.”

Li konsènan apèl Ezekyèl la pou ministè a nan Ezekyèl 1–3 ka ankouraje ou pou reflechi sou opòtinite yo Bondye te ba ou pou “pale avèk pawòl [li] yo” bay lòt moun yo (Ezekyèl 3:4). Nan Ezekyèl 2–3, remake pawòl ankourajman ak enstriksyon li yo pou Ezekyèl. Malgre moun w ap sèvi yo pwobableman pa osi rebèl ke moun Ezekyèl yo, konsidere kijan pawòl Bondye pou Ezekyèl yo afekte fason ou gade sèvis ou nan legliz la, lakay ou, ak lòt kote.

Gade tou Ezekyèl 33:1–9; D.Todd Christofferson, “Vwa Avètisman an,” Ensign oswa Lyawona, Me 2017, 108–11.

Ezekyèl 33:10–19

Senyè a vle padone.

Prizonye Izrayelit yo t ap mande “si peche … nou yo anvayi nou,” “kijan nou pral fè viv menm?” (Ezekyèl 33:10). An repons, Senyè a te anseye yo verite enpòtan konsènan repantans ak padon. Kesyon sa yo ka ede w medite sou verite sa yo:

Ezekyèl34

Sovè a envite m pou m nouri brebi l yo.

Nan Ezekyèl34, kòm “bèje yo.” Pandan w ap li a, konsidere kisa tit sa sigjere pou ou konsènan kisa sa vledi pou w se yon lidè. Kiyès ki se “brebi” Senyè a vle pou nou nouri a? Kijan w ka suiv egzanp Sovè montre kòm bèje nou? (gade vèsè 11–31).

Gade tou Jan 21:15–17.

Imaj
dezè ak Lanmè Mòt

Ezekyèl te fè vizyon sou yon rivyè ki koule soti nan yon tanp epi geri Lanmè Mòt la.

Ezekyèl37

Senyè a ap rasanble pèp li a epi ba yo lavi tounèf.

Rasanbleman Izrayèl la reprezante nan Ezekyèl37 atravè de senbòl. Pandan w ap li konsènan premye a—lavi k a[p retabli nan zo mò yo (gade vèsè 1–14)—medite sou sa ou aprann konsènan rasanbleman Izrayèl sou toude bò vwal la (gade tou Ezekyèl 36:24–30).

Dezyèm senbòl la (gade vèsè 15–28) enplike de boutbwa, ke anpil chèchè entèprete kòm plak ekriti anbwa ki atache ak yon gon (chanyè). Bwa Jida a ka reprezante Bib la (paske pifò nan Bib la te ekri pa desandan Jida), epi bwa Joseph la ka reprezante Liv Mòmon an (paske fanmi Leyi sete desandan Joseph, moun Ejip la). Avèk sa nan lespri w, kisa vèsè sa yo anseye w konsènan wòl ekriti yo nan rasanbleman Izrayèl la? Kisa 2Nefi 3:11–13 (yon pwofesi konsènan Joseph Smith ak Livv Mòmon an) ajoute sou konpreyansyon ou?

Gade tou 2Nefi 29:14; “Liv Mòmon an Rasanble Izrayèl Dispèse a” (videyo, ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Ezekyèl 33:1–5.Pou ilistre vèsè sa yo, yon manm fanmi an ta ka pretann li se yon “gadyen” nan gade atravè yon fenèt epi di rès fanmi an sa ka p pase deyò a. Kijan pwofèt vivan an se tankou yon gadyen pou nou?

Ezekyèl 33:15–16.Kisa vèsè sa yo anseye nou konsènan padon nou ka resevwa atravè Jezikri?

Ezekyèl 36:26–27.Montre fanmi ou kèt tiwòch pandan w ap diskite kisa sa vledi pou gen yon “kè anwòch.” Kite yo sigjere mo ki dekri “kè tounèf” la ak “espri nouvo” Sovè a ba nou an (gade Mozya 3:19; 5:2).

Ezekyèl 37:15–28.Manm fanmi yo ta ka jwen de boutbwa epi ekri sou youn Pou Jida (Bib) epi sou lòt la Pou Joseph (Liv Mòmon) (gade vèsè 16–19). Yo ta ka pataje istwa oswa ekriti nan Bib la ak Liv Mòmon an apresaki ede yo santi yo pi pre Sovè a epi vin tounen “pèp [li]” (veèsè23).

Ezekyèl 47:1–12.Vèsè sa yo dekri visyon Ezekyèl sou dlo k ap koule soti nan tanp lan epi geri Mè Mòt la—yon lanmè sale anpil epi plant pa ka viv ladan. Timoun yo gendwa ta renmen desisen yon foto sou vizyon sa a. Kisa dlo kap koule soti nan tanp lan ta ka senbolize? (gade videyo a “Epi Rivyè a Pral Gwosi,” ChurchofJesusChrist.org). Kijan tanp lan ede geri nou? (gade Ezekyèl 47:8–9,11).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan ki sigjere: “Au berger elles sont chères,” Cantiques, no.221.

Amelyore ansèyman nou

Pa eseye kouvri tout bagay. Ou gendwa pa gen posiblite pou eksplore tout verite nan Ezekyèl yo avèk fanmi ou. Chèche gidans espirityèl pou detèmine kisa pou fokis sou li. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 7.)

Imaj
ilistrasyon tivyè kap koule soti nan tanp

“Gade, dlo yo pete soti anba lento pòt kay la.… Epi chak bagay pral viv kote dlo a koule” (Ezekyèl 47:1,9). Imaj ki itilize dapre lisans nan shutterstock.com.