Ansyen Testaman 2022
31 Oktòb–6Novanm. Danyèl 1–6: “Pa gen okenn lòt Bondye Ki Ka Delivre”


“31 Oktòb–6Novanm. Danyèl 1–6: ‘Pa gen okenn lòt Bondye Ki Ka Delivre,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“31 Oktòb–6Novanm. Danyèl 1–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2020

Imaj
Danyèl k ap entèprete rèv wa a

Danyèl entèprete Rèv Nebikadneza a, pa Grant Romney Clawson

31 Oktòb–6Novanm

Danyèl 1–6

“Pa gen okenn lòt Bondye Ki Ka Delivre”

Èldè RichardG. Scott te eksplike ke lè nou ekri enspirasyon nou yo “sa montre Bondye ke kominikasyon li yo sakre pou nou. Lè nou ekri yo, sa ap amelyore kapasite nou pou nou sonje revelasyon” (“Fason pou Resevwa Revelasyon ak Enspirasyon pou Lavi Pèsonèl Ou,” Ensign oswa Lyawona, Me 2012,46).

Ekri Enpresyon w yo

Pwobableman pèsonn pa p janm menase w pou jete w nan yon founo toulimen oswa yon kav lyon akoz lafwa ou nan Jezikri. Men pèsonn nan nou pa travèse lavi mòtèl sa a san yon eprèv lafwa. Nou tout ka benefisye nan egzanp moun tankou Danyèl, Shadrach, Meshach, ak Abed-nego, ke Wayòm babilonyen puisan an te mennen prizonye kòm jèn gason yo (gade 2Wa 24:10–16). Jèn moun sa yo te antoure ak yon kilti etranje ki te gen valè diferan, epi yo te fè fas ak gwo tantasyon pou abandone kwayans ak tradisyon jis yo. Men yo te rete fidèl nan alyans yo. Tankou Joseph nan Ejip la ak Estè nan Pès, Danyèl ak zanmi l yo nan Babilòn te kenbe lafwa yo nan Bondye, epi Bondye te akonpli mirak ki toujou kontinye enspire kwayan yo rive jiska jodia.

Kijan yo te fè jwenn fòs pou yo te rete fidèl konsa? Yo te fè ti bagay senp ak piti sa yo ke Bondye mande nou tout pou nou fè yo—priye, jene, chwazi bon zanmi, fè Bondye konfyans, epi rete yon limyè pou lòt moun. Pandan n ap fòtifye nan fè menm bagay toupiti ak senp sa yo, nou ka fè fas ak lyon ak founo toulimen nan pwòp lavi pa nou ak lafwa.

Pou yon koudèy sou liv Jenèz la, gade “Liv Danyèl la” nan Diksyonè Bib la.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Danyèl1; 3; 6

M ka fè Senyè a konfyans lè lafwa mwen ap pase eprèv.

Nan yon sans, nou tout ap viv nan Babilòn. Mond lan ki antoure nou an ranpli avèk anpil tantasyon pou konpwomèt prensip nou yo ak kesyone lafwa nou nan Jezikri. Pandan w ap li Danyèl1, 3, ak 6, note fason Danyèl, Shadrach, Meshach, ak Abed-nego t ap sibi presyon pou yo te fè bagay yo te konnen ki pa t bon. Èske w janm konn santi w anba presyon pou konpwomèt kwayans ou yo? Kisa w aprann nan men mesye sa yo ki ka ede w fè Senyè a konfyans lè ou fè fas ak opozisyon?

Liv Danyèl la ak anpil lòt ekriti anrejistre eksperyans kote gwo lafwa te kondui nan gwo mirak. Men e si lafwa w pa kondui nan mirak w ap chèche yo? (gade, pa egzanp, Alma 14:8–13). Baze sou sa w li nan Danyèl 3:13–18 yo, kijan w panse Shadrach, Meshach, ak Abed-nego t ap reponn kesyon sa a? Kijan egzanp yo a ka afekte fason ou apwoche eprèv lafwa w yo? Pou plis konsènan vèsè sa yo, gade mesaj Èldè DennisE. Simmons lan “Men si …” (Ensign oswa Lyawona, Me 2004, 73–75).

Liv Danyèl la montre tou kijan chwa endividyèl jis yo ka mennen lòt moun gen pi gwo lafwa nan Senyè a. Kisa egzanp sou sa ou jwenn nan chapit1, 3, ak 6? Medite sou efè ke chwa nou yo ka genyen sou lòt moun (gade Matye 5:16).

Gade tou DieterF. Uchtdorf, “Pa Pè, Kwè Sèlman,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2015, 76–79; DavidR. Stone, “Siyon nan Mitan Babilòn,” Ensign or Lwahona, Me 2006, 90–93.

Imaj
kat tigason atab ki refize vyanm mesye a ofri yo

Ilistrasyon sou Danyèl ak zanmi li yo ki refize manje wa a, pa Brian Call

Danyèl2

Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se wayòm Bondye sou tè a.

Atravè revelasyon, Danyèl te wè ke rèv Nebuchadneza a te predi wayòm monden yo ki t ap vini yo, ansanm ak wayòm Bondye ki t ap vini an, ki “pa p janm detwi a” (Danyèl 2:44). Èldè D. Todd Christofferson te anseye, “Legliz la se wayòm dènye jou sa a yo te pwofetize a, ki pa kreye pa lòm, men ki etabli pa Bondye nan syèl la, e l ap woule desann tankou yon wòch ki detache soti nan mòn nan san okenn men pa voye l, ” (“Poukisa Legliz la,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2015,111). Reflechi konsènan wayòm Bondye a nan dènye jou yo pandan w ap li deskripsyon yo sou wòch la nan Danyèl 2:34–35, 44–45. Ki resanblans ou wè ant wòch la ak wayòm nan? Kijan nou wè wayòm Bondye a ap ranpli tè a jodia?

Gade tou GordonB. Hinckley, “Wòch la detache soti sou Mòn nan,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2007, 83–86; L. Whitney Clayton, “Moman an Pral Rive,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2011, 11–13.

Danyèl 3:19–28

Senyè a ap soutni m nan eprèv mwen yo.

Ki ide ou jwenn lè w li konsènan katriyèm figi ki parèt nan founo toulimen an avèk Chadrak, Mechak, ak Abèdnego? Kijan resi sa a ka ede ou nan eprè w ap fè fas ak yo? Ou ka jwenn ide adisyonèl nan Mozya 3:5–7;  Alma 7:11–13; ak Doktrin ak Alyans 61: 36–37; 121:5–8.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Danyèl 1–2.Pandan n ap li Danyèl1 ak 2 ansanm, ou ka chèche jwenn benediksyon ke Danyèl ak zanmi li yo te resevwa nan evite manje vyann ak diven wa a. (Gade videyo “Bondye te bayo konesans,” la ChurchofJesusChrist.org.) Ou ta ka konpare benediksyon sa yo ak pwomès Senyè a pou nou lè nou kenbe kòmandman, tankou Pawòl Sajès la (gade Doktrin ak Alyans 89:18–21). Kijan Senyè a te beni nou paske n respekte Pawòl Sajès la?

Danyèl3.Kijan w ka ede fanmi w aprann konsènan istwa a nan Danyèl3? “Chadrak, Mechak, ak Abèdnego” nan Istwa Ansyen Testaman yo ta ka ede. Kisa ki enpresyone nou konsènan Chadrak, Michak, ak Abèdnego. Ki sitiyasyon nou ap fè fas ki defye lafwa nou epi mande nou pou nou montre ke nou konfye n nan Bondye?

Danyèl 6:1–23.Fanmi ou ka kontan demontre pati yo nan istwa a nan Danyèl 6:1–23 (pa egzanp, vèssè 10–12 oswa 16–23). Kisa nou aprann nan egzanp Danyèl la? Kisa nou ka fè pou nou vin plis tankou li?

Danyèl 6:25–27.Selon vèsè sa yo, kijan wa Dariyis te afekte lè Senyè a te delivre Danyèl anba lyon yo? Ou ka li tou nan Danyèl 2:47; 3:28–29 konsènan fason wa Nebikadneza te afekte nan menm fason an. Ki opòtinite nou genyen pou n enfliyanse lòt moun? Diskite egzanp yo ou te wè sou fason lafwa lòt moun, enkli manm fanmi ou, te enfliyanse lòt moun fè byen.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa anan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sijere: “Je suivrai l’Evangile,” Chants pour les Enfants,72.

Amelyore Ansèyman Nou

Anseye doktrin nan. Levanjil Senyè a bèl nan senplisite li (gade Doktrin ak Alyans 133:57). Aktivite ak diskisyon senp ki fokis sou doktrin lan ka envite Sentespri a pou pote mesaj levanjil la nan kè fanmi ou yo.

Imaj
Danyèl nan twou lyon yo

Danyèl nan twou lyon yo, 1872. Rivyè, Briton (1840–1920). Kredi: Imaj Walker Art Gallery, National Museums Liverpool/Bridgeman