Ansyen Testaman 2022
21–27 Novanm. Jonas; Miche: “Li rejwi nan Mizerikòd”


“21–27 Novanm. Jonas; Miche: ‘Li rejwi nan Mizerikòd,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo 2022 (2021)

“21–27 Novanm. Jonas; Miche,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
gason k ap ranpe sou plaj avèk nan oseyan dèyè li

Jonas sou plas la nan Niniv, pa DanielA. Lewis

21–27 Novanm

Jonas; Miche

“Li Pran plezi nan Mizerikòd”

Pandan w ap ekri enpresyon w yo, reflechi sou kijan prensip ki nan Jonas ak Miche yo koresponn ak sa ou te aprann nan ekriti yo.

Ekri Enpresyon w yo

Jonas te sou bato a nan direksyon Tasis. Pat genyen anyen mal nan mete vwal pou Tasis, eksepte ke li te lwen Niniv, kote Jonas te sipoze ale ppu delivre mesaj Bondye a. Konsa lè bato a te rankontre yon gwo tanpèt, Jonas te konnen sete akoz dezobeyisans li. Sou ensistans Jonas, asosye maren li yo te jete li nan dlo fon lanmè a pou kanpe tanpèt la. Sa te sanble tankou lafen Jonas ak ministè li a. Men Senyè a pa t abandone Jonas—menmjan Li te abandone pèp Niviv la epi menmjan Li pa abandone okenn nan nou an. Jan Miche te anseye, Senyè a pa rejwi nan kondane nou, men “li rejwi nan mizerikòd.” Lè nou tounen vin jwenn Li ankò, “L ap gen konpasyon pou nou; li pral metrize inikite nou yo; epi [Li pral] voye jete tout peche [nou] yo nan fon lanmè a” (Miche 7:18–19).

Pou yon koudèy sou liv Jonas ak Miche yo, gade “Jonasak “Miche” nan Diksyonè Bib la.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Jonas 1–4; Miche 7:18–19

Senyè a gen mizèrikòd pou tout moun ki vin jwenn ni.

Liv Jonas la montre, pami lòt bagay yo, kijan Senyè a gen mizerikòd lè nou repanti. Pandan w ap li Jonas la, chèche jwenn egzanp sou mizerikòd li. Medite sou fason ou te fè eksperyans mizerikòd sa a nan lavi ou. Kisa w aprann ki ka ede ou vin gen plis mizerikòd pou lòt moun?

Lè w temwen mizerikòd Senyè a, sa souvan enspire santiman lanmou ak gratitid. Sepandan, Jonas te “kontrarye” ak “trè fache” (Jonas 4:1) lè l te pataje mizerikòd Senyè a avèk pèp Niniv la, ki sete enmi Izrayèl. Poukisa Jonas ka te santi l fason sa a? Èske w janm konn gen santiman konsa? Kisa ou santi Senyè a t ap esye pou ede Jonas konprann nan chapit4?

Medite sou ansèyman ki nan Miche 7:18–19 yo. Kijan verite sa yo ka te ede Jonas chanje atitid li konsènan Senyè a ak pèp Niniv la?

Gade tou Lik 15:11–32; JeffreyR. Holland, “Jistis ak Mizerikòd Bondye,” Ensign, Sept. 2013, 16–21.

Imaj
de moun k ap pale bò rivyè

M ka pataje levanjil la avèk pitit Bondye yo.

Jonas1; 3–4

Tout pitit Bondye yo bezwen tande levanjil la.

Niniv te fè pati wayòm Asiryen an, yon ènmi Izrayèl ki te repite pou vyolans ak kriyote li. Pou Jonas, sa te parèt yon bagay ki pa t reyalis pou pèp Niniv la te pare pou aksepte pawòl Bondye a epi repanti. Men, jan Prezidan DallinH. Oaks te anseye: Nou pa dwe janm tabli tèt nou kòm jij pou konn kiyès ki pare ak kiyès ki pa pare. Senyè a konnen kè tout pitit li yo, epi si nou priye pou jwenn enspirasyon, l ap ede nou jwenn moun li konnen ki ‘prepare pou yo tande pawòl la’ (Alma 32:6)” (“Pataje Levanjil Retabli a,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2016, 58–59). Kisa ou aprann nan Jonsh3 ki enspire ou pou pataje levanjil la menm avèk sila yo ki pa sanble yo pare pou chanje?

Li ka ede pou konpare atitid Jonas la (gade Jonas1; 3–4) ak santiman Alma ak pitit gason Mozya yo (gade Mozya 28:1–5; Alma 17:23–25).

Gade tou 3Nefi 18:32.

Miche 4:11–13; 5:8–15; 7:5–7

Jezikri te site ekriti Miche yo.

Tout moun byen konnen ke Sovè a te site Ezayi ak Sòm yo. Èske w te konnen ke li te site Miche anpil fwa ? Konsidere egzanp ki pi ba yo, epi medite sou poukisa pasaj sa yo t aka gen enpòtans pou Sovè a. Poukisa yo enpòtan pou nou?

Miche 4:11–13 (gade 3Nefi 20:18–20). Senyè a te konpare rasanbleman nan dènye jou yo ak rekòt ble (gade tou Alma 26:5–7; Doktrin ak Alyans 11:3–4). Kisa konparezon sa a sigjere w konsènan rasanbleman Izrayèl la?

Miche 5:8–15 (gade 3Nefi 21:12–21). Kisa vèsè sa yo sigjere a ou menm konsènan pèp Bondye a (“desandan Jakòb yo ”) nan dènye jou yo?

Miche 7:5–7 (gade Matye 10:35–36). Selon vèsè sa yo, poukisa non Legliz la enpòtan pou “chèche jwenn Senyè a” dabò? Poukisa konsèy sa a enpòtan jodia?

Miche 6:1–8

“Kisa Senyè a egzije de ou?”

Miche envite nou pou nou imajine kijan sa t ap ye pou “vini devan Senyè a, epi koube … devan Bondye gran an” (Miche 6:6). Kisa vèsè 6–8 sigjere pou ou konsènan sa ki enpòtan pou Senyè a lè la p evalye lavi ou?

Gade tou Matye 7:21–23; 25:31–40; DaleG. Renlund, “Aji avèk Jistis, Renmen Mizerikòd, epi Mache avèk Bondye nan imilite,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2020, 109–12.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Jonas 1–4.Pitit ou yo ka kontan pou yo fè aksyon yo ki rakonte istwa Jonas la, tankou pretann y ap kouri sove, fè bri tankou yon lanmè ki move, oswa pretann yon gwo pwason te vale yo (gade “Jonas Pwofèt la” nan Istwa Ansyen Testaman yo). Mande manm fanmi yo kisa yo aprann nan eksperyans Jonas la. Pou yon egzanp sou yon leson nan Jonas, gade kouplè7 nan kantik “Suivez le prophète” (Chants pour les Enfants, 110–11).

Jonas3.Kisa Jonas te aprann konsènan pataje levanjil la? Kiyès nou panse ki t ap beni nan tande mesaj levanjil retabli Jezikri a ?

Miche 4:1–5.Selon vèsè sa yo, kisa ki pral pote lapè ak pwosperite pou pèp Senyè a? Kisa nou ka fè pou ede akonpli pwofesi sa a nan fwaye nou?

Miche 5:2.Ou ta ka ekspoze yon foto Jezi kòm yon timoun avèk manmman li (gade Liv Imaj Levanjil la, no.33) sou yon bò nan sal l a ak yon foto Wa Maj yo sou lòt bò a. Li ansanm Miche 5:2 ak Matye 2:1–6. Kijan pwofesi Miche a te ede Wa Maj yo jwenn Jezi? Manm fanmi yo ta ka mete foto Wa Maj yo akote foto Jezi a. Fanmi w ta ka kontan gade videyo “Kris la Timoun: Yon Istwa Nwèl” la tou nan (ChurchofJesusChrist.org).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “J’irai où tu veux,” Cantiques, no. 174.

Amelyore etid pèsonèl

Chèche lanmou Bondye. Pandan w ap li konsidere pou w note evidans lanmou Bondye yo ki parèt klè pou ou. Pa egzanp, chche jwenn kijan Bondye te montre lanmou li pou pitit li yo nan istwa Jonas la.

Imaj
gason y ap voye jete nan lanmè soti nan bato

Ilistrasyon pa Kevin Carden