Ansyen Testaman 2022
7–13 Novanm. Oze 1–6; 10–14; Jowèl: “M Ap Renmen Yo Ak Tout Kè M”


“7–13 Novanm. Oze1–6; 10–14; Jowèl: ‘M Ap Renmen Yo Ak Tout Kè M,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“7–13 Novanm. Oze 1–6; 10–14–8; 23–24,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: AnsyenTestaman 2022

Imaj
lamarye ak lemarye nan lakou yon tanp

7–13 Novanm

Oze 1–6; 10–14; Jowèl

“M Ap Renmen Yo Ak Tout Kè M”

Envite Lespri a pou l fè pati de etid ou a sou Oze ak Jowèl la. Pran nòt sou mesaj Lespri a mete nan kè w ak nan lespri w.

Ekri Enpresyon w yo

Alyans Izrayèl avèk Senyè a te destine pou l te tèlman pwofon ak siyifikatif ke Senyè a te konpare l avèk yon maryaj. Alyans lan, menm jan avèk yon maryaj, te enkli angajman etènèl, eksperyans pataje, bati yon vi ansanm, yon lwayote total, e plis pase tout bagay, lanmou san rezèv. Kalite devosyon sa a te vini avèk gwo atant—ak konsekans trajik pou enfidelite. Pa lantremiz pwofèt Oze, Bondye te dekri kèk nan konsekans Izrayelit yo te sibi poutèt yo te vyole alyans yo a. Epoutan mesaj Li a se pa t “Mwen ap rejte w pou toutan poutèt ou enfidèl.” De preferans se te “Mwen ap envite w ankò” (gade nan Oze 2:14–15). Senyè a te deklare: “M ap toujou respekte w, m ap toujou kenbe pawòl mwen avè w” (Oze 2:19). “M ap rale pèp la tounen vin jwenn mwen ankò. M ap renmen yo ak tout kè m” (Oze 14:4). Se menm mesaj sa a Li ban nou jodi a lè nou chèche viv alyans nou yo avèk lanmou ak devosyon.

Jowèl te pataje yon mesaj menm jan an tou: “Tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an. Li gen bon kè anpil, li gen pitye pou moun” (Jowèl 2:13). “Men, se Senyè a k ap pwoteje pèp li a. Se li k ap pran defans moun Izrayèl yo.” (Jowèl 3:16). Pandan w ap li Oze ak Jowèl la, medite sou pwòp relasyon pa w avèk Senyè a. Reflechi sou kijan fidelite L enspire w pou w rete fidèl anvè Li.

Pou yon koudèy sou liv Oze ak Jowèl yo, gade nan “Oze ou Jozye” ak “Jowèl” nan Diksyonè Bib la.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Oze 1–3; 14

Senyè a toujou envite m retounen vin jwenn Li.

Madanm Oze a, Gomè, te enfidèl anvè li, e Bondye te siyale evenman tris sa a pou anseye Izrayelit yo kijan Li te santi L konsènan yomenm ak pèp alyans Li a. Pandan w ap li Oze 1–3 a, medite sou jan Senyè a wè relasyon Li avèk pèp alyans Li a. Ou ta kapab medite sou fason ke oumenm, tankou Izrayelit yo, kapab te enfidèl anvè Senyè a ak kijan li te lonje lamen ba ou. Pa egzanp, kisa Oze 2:14–23 ak Oze 14 anseye ou konsènan lanmou ak mizèrikòd Senyè a? Kijan w montre L lanmou w ak lwayote w?

Gade tou Deter F. Uchtdorf, “Le point de non retour,” Liahona, Me 2007, 99–101.

Imaj
yon fi ki chita atè avèk yon mesye ki mete men l sou tèt li

Senyè a te ofri redanmsyon a pechrès Gomè, ki reprezante Izrayèl. Ilistrasyon Deb Mnannard, lisansye nan goodsalt.com

Oze 6:4–7; Jowèl 2:12–13

Devosyon pou Bondye dwe yon bagay moun santi andedan, pa sèlman yon bagay moun eksprime sou deyò.

Senyè a te kòmande pèp Li a pou yo ofri sakrifis bèt. Men menm si pèp nan epòk Oze a te obeyi lwa sa a, yo te vyole kòmandman ki gen pi gwo enpòtans (gade nan Oze 6:4–7). Kisa w panse li vle di ke Senyè a “vle mizèrikòd, e pa sakrifis; epi konnen Bondye plis pase boule ofrann”? (Oze 6:6). Kisa w panse pou jistis tankou yon nyaj oswa tankou lawouze vle di? Tankou kisa jistis nou ta dwe ye? (gade nan Ezayi 48:18; 1 Nefi 2:9–10).

Ou ta kapab li tou Matye 9:10–13; 12:1–8 pou wè kijan Sovè a te itilize Oze 6:6 diran ministè L la. Kijan pasaj sa yo ede w konprann pawòl Oze yo?

Lè w li Jowèl 2:12–13, sa ta kapab ede w konnen ke dapre tradisyon an dechire rad se te yon siy eksteryè pou montre ke yon moun an dèy oubyen yo gen remò (pa egzanp, gade nan 2 Kwonik 34:14–21,27). Ki diferans ki genyen ant dechire kè nou e dechire rad nou?

Gade tou nan Ezayi 1:11–17; Matye 23:23; 1 Jan 3:17–18.

Jowèl 2

“M a vide lespri mwen sou tout moun.”

Lè Jowèl te profetize sou “jou Senyè a,” li te dekri l kòm “yon jou ki pral fè nwa kou lank, ak syèl la plen nwaj nwa,” “Se yon jou pou moun pè tout bon vre” (Jowèl 2:1–2,11). Izrayèl te afwonte anpil gwo moman tèrib nan itstwa l, e pèp Alyans Bondye a ap gen pou l afwonte plis toujou nan lavni. Kisa ki enpresyone w sou konsèy Senyè a te bay nan Jowèl 2:12–17? Remake benediksyon Li te pwomèt nan Jowèl 2:18–32yo tou. Poukisa benediskyon Li te pwomèt nan vèsè 27–32 yo te gen yon enpòtans espesyal nan jou ki tankou sa yo dekri nan Jowèl 2yo, sa enkli epòk pa nou an?

Kisa w panse Senyè a tap “vide Lespri [L] sou tout moun” vle di? Jowèl 2:12 Kijan pwofesi ki nan Jowèl 2:28–29 yo akonpli? (Gade nan Travay 2:1–21; Istwa—Joseph Smith 1:41.)

Ou ta kapab medite sou pawòl sa yo ke Prezidan Russell M. Nelson te di: “Nan jou k ap vini yo, li p ap posib pou nou siviv espirityèlman san asistans, direksyon, ak enfliyans rekonfòtan ak konstan Sentespri a.” (“Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou lavi nou,” Liahona, Me 2018, 96). Poukisa revelasyon esansyèl pou nou siviv espirityèlman? Kijan w ka ogmante kapasite w pou resevwa revelasyon pèsonèl?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Oze 2:19–20.Senyè a te itilize metafò maryaj la pou l dekri relasyon alyans Li an avèk Izrayèl (gade tou nan Gid Ekriti yo, “Bridegroom,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Fanmi w ta kapab diskite poukisa maryaj kapab yon bon metafò pou alyans nou avèk Bondye. Kijan Oze 2:19–20 ede nou konprann kijan Bondye santil L konsènan nou? Kijan nou kapab fidèl a alyanss nou yo avèk Li yo?

Oze 10:12.Timoun yo ta kapab kontan desine yon revèy epi pou yo planifye fason yo ka chèche Senyè a nan moman diferan pandan tout jounen an.

Jowèl 2:12–13.Pou ede fanmi w pale de Jowèl 2:12–13, ou ta kapab mete yon foto Sovè a sou yon bò nan yon sal la ak mo peche sou lòt bò a. Envite manm fanmi yo pou yo patisipe nan gade siy lan epi tounen nan direksyon Sovè a lè tou pa yo rive pandan y ap pataje bagay ki kapab ede nou tounen al jwenn Li “avèk tout kè [nou].” Ankouraje manm fanmi an pou yo reflechi sou tout aspè lavi yo, sa enkli aktivite, travay, lekòl, ak relasyon yo.

Jowèl 2:28–29.Kisa pou Lespri a “vide” sou nou vle di? Petèt ou ta kapab demontre sa lè w vide yon likid epi konpare li avèk yon ti gout oswa yon or yon tikras likid.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Venez à Jésus! Il vous appelle,” Cantiques, no. 62.

Amelyore Ansèyman Nou

Anseye doktrnan nan. Pa janm rate yon okazyon pou reyini timoun yo ansanm pou yo aprann doktrin Jezikri a. Kalite moman sa yo ra anpil an konparezon avèk efò enmi an” (Henry B. Eyring, “Le pouvoir d’enseigner la doctrine,” Liahona, Me 1999,74).

Imaj
Jezi ki kanpe nan pa pòt la

Come unto Me [Vin Jwenn Mwen], pa Kelly Pugh