Ansyen Testaman 2022
14–20 Novanm. Amòs; Abdyas: “Chèche Senyè a, epi W ap gen lavi”


“14–20 Novanm. Amòs; Abdyas: ‘Chèche Senyè a, epi W ap gen lavi,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“14–20 Novanm. Amòs; Abdyas,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
vizaj Jezi ke chandèl klere nan chanm fènwa

Pen lavi a, tablo Chris Young

14–20 Novanm

Amòs; Abdyas

“Chèche Senyè a, epi Wa p gen lavi”

Sentespri a ka louvri espri w ak kè ou pou mesaj nan pawòl Bondye a ki destine jis pou ou yo. Kisa w santi Senyè a vle w aprann semèn sa a?

Ekri Enpresyon w yo

Bondye te chwazi desandan Abraran yo pou vin pèp alyans Li pou yo te “vin yon benediksyon” pou tout moun (gade Jenèz 12:2–3). Men olyesa, rive epòk ministè Amòs la, anpil nan pèp alyans yo t ap oprime pòv yo epi inyore pwofèt yo, sa ki te rann aksyon adorasyon yo vid epi san sans (gade Amòs 2:6–16). Se vre, nasyon ozalantou yo te koupab gwo peche tou (gade Amòs1; 2:1–5), men sa pa t janm yon eskiz pou moun Bondye yo (gade Amòs 3:2). Konsa Bondye te voye yon bèje soti Jida ki te rele Amòs pou preche repantans nan wayòm Izrayèl la. Nan apre, Bondye te deklare atravè pwofèt Abdyas ke malgre wayòm Jida a te detwi, Senyè a t ap rasanble ak beni pèp Li a ankò. Pèp alyans la te egare ale lwen Bondye, toude pwofèt yo te temwaye, men Li pa t rejte yo pou tout tan. Lè Bondye revele sekrè Li bay pwofèt yo, sèvitè l yo (gade Amòs 3:7), nou ka pran sa kòm yon siy ke L toujou vle ede nou viv fidèl ak alyans nou te fè avèk Li yo.

Pou plis enfòmasyon konsènan liv Amòs ak Abdyas yo, gade “Amòs” ak “Abdyas” nan Diksyonè Bib la.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Amòs 3:1–8; 7:10–15

Senyè a revele verite atravè pwofèt Li yo.

Nan Amòs 3:3–6, pwrofèt Amòs te prezante anpil egzanp sou koz ak efè yo: akoz yon lyon jwenn jibye, lyon an gwonde; akoz yon atrap byen monte pou yon zwazo, zwazo a kole. (Note ke nan Tradiksyon Joseph Smith pou vèsè6, mo “lakoz” la te chanje an “konnen” [nan Amòs 3:6, referansb].) Nan vèsè 7–8, Amòs te aplike lojik sa ak pwofèt yo. Kisa ki lakoz yon pwofèt pwofetize? Ki lòt bagay ou aprann konsènan pwofèt yo pandan w ap li Amòs 7:10–15 la? Medite poukisa w rekonesan ke Senyè a kontinye “revele sekrè li yo bay sèvitè li yo pwofèt yo” (Amòs 3:7). Kisa verite sa a sigjere pou ou konsènan Bondye?

Gade tou Doktrin ak Alyans 1:38; 21:4–8; 35:13–14.

Amòs 4:-5

“Chèche Senyè a, epi w ap gen lavi.”

Pandan w ap li Amòs 4:6–13, remake jijman yo Senyè a te voye sou pèp Izrayèl la. Kisa vèsè sa yo sigjere konsènan sa Senyè a te espere ki t ap rive apre chak nan ekzperyans sa yo? (gade tou Elaman 12:3). Panse sou yon eprèv resan ou te fè eksperyans. Pandan eprèv ou an ka se pa Bondye ki te voye l, medite sou fason li te ka ba ou opòtinite pou chèche li.

Li Amòs 5:4, 14–15, epi medite sou fason Senyè a te montre li “jenere” (vèsè15) avèk ou lè w chèche li, menm pandan moman eprèv ou yo.

Gade tou DonaldL. Hallstrom, “Vire jwenn Senyè a,” Ensign oswa Lyawona, Me 2010, 78–80.

Amòs 8:11–12

Pawòl Senyè a grangou ak swaf espirityèl.

Nou tout fè eksperyans peryòd grangou ak swaf espirityèl, men pa gen okenn nesesite pou nou “pwomennen soti yon lanmè rive nan yon lòt” (Amòs 8:12) nan chèche yon bagay pou satisfè ou. Nou konnen kisa ki pral satisfè grangou espirityèl sa, epi nou te beni avèk pawòl Senyè a an abondans. Pandan w ap li Amòs 8:11–12, panse konsènan poukisa famin se yon bon konparezon pou viv san pawòl Bondye a. Ki ide adisyonèl ou jwenn nan Matye 5:6; Jan 6:26–35; 2Nefi 9:50–51; 32:3; Enòs 1:4–8?

Gade tou JeffreyR. Holland, “Li te ranpli grangou avèk bon bagay,” Ensign, Nov. 1997, 64-66; Sijè Levanjil yo, “Apostazi,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
gwoup jènjan ki kanpe devan yon tanp

Nou kapab vin tounen sovè sou mòn Siyon nan fè travay tanp ak travay istwa familyal.

Abdyas 1:21.

Kiyès ki se “sovè …. sou mòn Siyon an”?

Prezidan GordonB. Hinckley te bay yon entèpretasyon posib pou fraz “sovè sou mòn Siyon,” an nan konekte fraz sou tanp ak travay istwa familyal: “[Nan tanp lan] nou literalman vin tounen sovè sou mòn Siyon yo. Kisa sa a vledi? Jis tankou Redanmtè nou an te bay lavi li kòm yon sakrifis pa pwokirasyon pou tout moun, epi nan fè sa vin tounen Sovè nou, konsa nou menm, nan yon ti nivo, lè nou angaje nan travay pa pwokirasyon nan tanp lan, vin tounen sovè pou sila yo sou lòt bò vwal la ki pa gen okenn mwayen pou avanse amwenske moun ki sou tè a fè yon bagay fèt pou yo” (“Remak Final,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2004,105).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Amòs 3:7.Ou ka repase anpil mesaj resan Prezidan Legliz la epi diskite kisa Senyè a ap revele pou fanmi ou atravè li. Poukisa li enpòtan pou gen yon pwofèt k ap dirije Legliz la? Kijan nou fè konnen li se yon vrè pwofèt? Kisa n ap fè pou nou suiv konsèy li?

Amòs 5:4.Fanmi ou ta ka kreye yon postè pou ekspoze nan kay ou avèk vèsè sa a sou li. Kisa sa vledi pou w chèche Senyè a? Ki fason nou chèche li? Ki benediksyon nou resevwa lè nou fè l? Ou ta ka envite manm fanmi yo pou pataje ak diskite lòt pasaj ki anseye konsènan chèche Senyè a, tankou Matye7:7–8; Etè 12:41; ak Doktrin ak Alyans 88:63.

Amòs 8:11–12.Timoun yo ka renmen pou yo kreye aksyon ki matche avèk fraz nan vèsè sa yo. Lè kò nou yo grangou oswa swaf, kisa nou fè? Lè espri nou yo grangou oswa swaf, kisa nou fè? Ou gen dwa pase tou videyo “Gran Apostazi a” (ChurchofJesusChrist.org) epi pale konsènan fason retablisman levanjil la satisfè grangou espirityèl nou.

Abdyas 1:21.Kisa sa ta ka vledi pou vin “sovè yo … sou mòn Siyon”? (Pou yon eksplikasyon posib, gade deklrasyon Prezidan GordonB. Hinckley nan “Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl.”) Kiyès nan zansèt nou yo ki bezwen òdonans sali yo? Kisa nou pral fè pou ede yo?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan ki sigjere: “Seigneur, merci pour le prophète,” Cantiques, no.10.

Amelyore etid pèsonèl ou

Itilize mizik pou envite Lespri a ak pou aprann doktrin nan. Koute oswa li yon kantik kapab ede ou aprann prensip levanjil la. Pa egzanp, ou ta kapab koute oswa li “Seigneur, merci pour le prophète” (Cantiques, no.10) pou enspire pi gwo lafwa nan pwofèt vivan yo. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 22.)

Imaj
Tanp Santo Domingo Repiblik Dominikèn

Tanp Santo Domingo Repiblik Dominikèn