Ansyen Testaman 2022
7–13 Novanm. Oze 1–6; 10–14; Jowèl: “M ap Renmen Yo San Kontrent ”


“7–13 Novanm. Oze 1–6; 10–14; Jowèl: ‘M ap Renmen Yo San Kontrent,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“7–13 Novanm. Oze 1–6; 10–14; Jowèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
de fiyanse nan lakou yon tanp

7–13 Novanm.

Oze 1–6; 10–14; Joel

“M ap Renmen Yo San Kontrent”

Pandan w ap etidye ekriti yo epi prepare w pou w anseye a, chèche enspirasyon nan men Sentespri a. Sou kisa ou santi w enspire pou w konsantre pandan klas la semèn sa a?

Ekri Enpresyon W yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Montre yon foto Sovè a, epi envite timoun yo pou yo di yon bagay yo konnen sou Li semèn sa a. Fè yo chak kenbe foto a lè tou pa yo rive pandan y ap pataje a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Oze 10:12

M ka chèche Senyè a.

Oze 10:12 itilize foto simen, rekòlte, tan, ak lapli pou envite nou chèche Senyè a. Pandan w ap li vèsè sa a, ki ide kreyatif ki vin nan lespri w ki ta ka enspire timoun yo pou yo chèche L?

Aktivite Posib

  • Li Oze 10:12 pou timoun yo, epi envite yo fè aksyon senp pou ede yo konprann vèsè a, tankou fè kòm si y ap plante semans, rekòlte legim nan yon plant, oubyen kanpe nan lapli. Oubyen montre yo foto semans, plant, ak lapli. Ede timoun yo konpare plante yon semans ak rekòlte bon manje ak viv byen avèk resevwa benediksyon Senyè a. Rann temwayaj konsènan benediksyon Senyè a devèse sou ou pandan w ap eseye chèche L.

  • Desine yon revèy sou tablo a, epi mande timoun yo pou yo pataje fason nou ka chèche Senyè a nan moman diferan nan jounen an. Envite timoun yo repete avèk ou gwoup mo sa yo: “Li lè pou nou chèche Senyè a” (Oze 10:12). Ede yo konprann ke li toujou lè pou nou chèche Senyè a. Pataje sa w fè pou w sonje L tout tan.

Imaj
Jezi chita avèk timoun

Jezikri se Sovè ak Redanmtè nou.

Oze 13:4,14 .

Jezikri se Sovè m.

Pandan w ap anseye sou Sovè a ak Ekspyasyon L lan, rann temwayaj ou sou lanmou L pou chak timoun.

Aktivite Posib

  • Montre foto plizyè moun, enkli Jezi, epi mande timoun yo pou yo chèche kiyès nan moun sa yo ki se Sovè nou. Li Oze 13:4, epi siyale ke pa gen okenn lòt Sovè ke Jezikri. Temwaye ke gras ak Ekspyasyon Jezikri a, nou ka retounen al viv avèk Pè Selès la ankò.

  • Fè timoun yo pran tan pou yo chak kenbe yon foto Jezi sou kwa a oubyen nan tonm nan ak yon foto Jezi deyò tonm vid la. Mande timoun yo pou yo pale de sa foto yo montre a. Li nan Oze 13:14 fraz ki di “M ap sove yo anba pouvwa tonm nan; m ap rachte yo anba lanmò” a. Temwaye ke Jezikri te sove nou anba lanmò e ke nou ka resisite. Chante ansanm yon chan sou Rezirèksyon an, tankou “Jésus est-il ressuscité?” (Chants pour les enfants,45). Ede yo rekonèt Lespri a pandan y ap chante.

Joèl 2:128

Sentespri a ka gide m.

Pandan w ap anseye sou pwofesi Jowèl la nan Jowèl 2:28la, konsidere kijan w ka ede timoun yo prepare yo pou yo resevwa don Sentespri a apre yo fin batize.

Aktivite Posib

  • Li Jowèl 2:28 pou yo, epi eksplike ke mo “tout flèch” la vle di nenpòt moun, sa enkli “pitit gason” ak “pitit fi” tankou yo. Envite timoun yo desine foto moun yo mansyone nan vèsè sa a (pitit gason ak pitit fi, granmou ak jèn moun gason, granmoun ak jèn moun fi), ansanm ak yomenm tou. Eksplike ke yon fason Pè Selès la devèse Lespri L se nan ba nou don Sentespri a lè nou batize.

  • Mande timoun yo pou yo pataje sa yo konnen konsènan Sentespri a. Ede yo konprann ke Sentespri a ka anseye nou apwopo Pè Selès la ak Jezikri epi Li ka ede nou konnen sa ki vrè (gade nan Jan 14:26; Doktrin ak Alyans 42:17). Pataje eksperyans pou ede timoun yo konprann fason Lespri a ka ede nou.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Gran yo

Oze 2:19–20

Mwen ka respekte alyans mwen yo fidèlman.

Nan liv Oze a, Senyè a konpare alyans Li avèk Izrayelit yo avèk yon maryaj. Malgre enfidelite Izrayelit yo, Li te toujou renmen yo epi L te vle yo retounen. Konparezon sa a ka ede w anseye timoun yo kijan sa enpòtan pou nou respekte alyans nou fè avèk Senyè a.

Aktivite Posib

  • Di timoun yo ke nan liv Oze a, Senyè a te konpare alyans Li avèk Izrayèl la avèk yon maryaj. Montre timoun yo foto yon koup ki pral marye. Kijan Papa nou ki nan Syèl la vle pou yon mari ak madan youn trete lòt nan yon relasyon maryaj? Kijan nou ka montre Senyè a ke nou renmen L epi nou ap rete fidèl anvè Li?

  • Ede timoun yo konprann ke alyans nou fè avèk Senyè a dwe dire pou tout tan. Envite youn ladan yo li Oze 2:19–20, pandan l ap chèche mo ki dekri kijan Senyè a santi l apwopo alyans Li fè avèk nou. Kisa nou fè alyans pou nou fè lè nou batize? Kijan nou ka respekte alyans sa a nou fè avèk Senyè a?

Oze 13:4,14 .

Jezikri se Sovè m ak Redanmtè m.

Kijan w ka itilize pawòl Oze yo pou ranfòse temwayaj timoun yo konsènan Jezikri kòm Sovè yo ak Redanmtè yo? Pandan w ap anseye, ede yo santi lajwa ak lanmou Ekspyasyon Jezikri a.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo li Oze 13:4,14, pandan w ap chèche mo oubyen ekspresyon ki dekri Jezikri. Kisa vèsè sa yo anseye nou sou Li? Envite timoun yo pou yo itilize Gid pa Sijè a ou Gid Ekriti yo pou yo jwenn epi pataje lòt ekriti ki anseye sou Jezikri kòm Sovè nou ak Redanmtè nou. Pataje temwayaj ou konsènan Sovè a, epi bay timoun yo opòtinite pou yo fè menm bagay la tou.

  • Pou ede yo konprann kijan Sovè a rachte nou anba lanmò, pase videyo “Handel’s Messiah: Debtor’s Prison” an (ChurchofJesusChrist.org). Kisa nou aprann nan videyo sa a ki ka ede nou konprann sa Sovè a te fè pou nou an?

Jowèl 2:28–29

Sentespri a ka gide m.

Anpil nan timoun w ap anseye yo gen dwa deja batize epi resevwa don Sentespri a. Kijan w ka itilize ekriti sa yo pou ede yo konprann pouvwa ak benediksyon ki soti nan tande vwa Lespri a?

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo li ansanm Jowèl 2:28–29, pandan youn ap mete non lòt nan plas gwoup mo “pitit gason” ak “pitit fi” w yo. Ekri sou tablo a yon fraz tankou Sentespri a kapab… epi envite chak timoun pou yo konplete fraz la lè tou pa yo rive. Ankouraje yo pou yo enkli bagay yo aprann nan Jan 14:16; Mowoni 10:5; Doktrin ak Alyans 42:17, ak lòt ekriti yo.

  • Mete yon objè nan yon bòl, epi fè chak nan timoun yo vide dlo sou li lè tou pa yo rive. Eksplike ke objè a reprezante noumenm, epi dlo a reprezante Sentespri a. Lè nou batize, nou resevwa don Sentespri a, ki se youn nan fason Senyè a ranpli pwomès Li pou “devèse Lespri [L] la.” Kisa nou dwe fè pou nou resevwa Sentespri a? Envite timoun yo pou yo pale de lè yo konn santi enfliyans Sentespri a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ede timoun yo idantifye yon bagay yo te aprann sou Papa nou ki nan Syèl la, sou Jezikri, oubyen Sentespri a nan klas la jodi a. Ankouraje yo pou yo pataje sa avèk fanmi yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Chèche revelasyon pèsonèl chak jou. Pandan w ap prepare w pou w anseye a, priye epi medite sou ekriti yo pandan semèn nan. Ide ak enpresyon sou fason pou w anseye ka vini nan tèt ou nenpòt lè ak nenpòt kote. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 12.)