Ansyen Testaman 2022
28 Novanm–4 Desanm. Nawoum; Abakouk; Sofoni: “Chemen L yo Etènèl”


“28 Novanm–4 Desanm. Nawoum; Abakouk; Sofoni: ‘Chemen L yo Etènèl,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“28 Novanm–4 Desanm. Nawoum; Abakouk; Sofoni,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Jezi ki ap gade etwal yo

“Chemen L yo Etènèl” (Abakouk 3:6). Anvan Bondye te kreye anyen Pawòl la te la, pa Eva Timothy

28 Novanm–4 Desanm

Nawoum; Abakouk; Sofoni

“Chemen L yo Etènèl”

Ou ka etidye ekriti yo pandan tout yon lavi epi toujou jwenn nouvo konesans. Pa panse w oblije konprann tout bagay kounyeya. Priye pou w rive jwenn èd pou rekonèt mesaj ou bezwen jodi a.

Ekri Enpresyon w yo

Li Ansyen Testaman an vle di souvan li pwofesi sou destriksyon. Senyè a te aple pwofèt souvan pou yo te avèti mechan yo de jijman Li tap vide sou yo. Ministè Nawoum, Abakouk ak Sofoni yo se bon egzanp. Nan detay redoutab, pwofèt sa yo te predi chit vil ki, nan moman sa a, te sanble yo te djanm e puisan—Niniv, Babilòn, e menm Jerizalèm. Men sa gen dè milye ane depi l te pase. Poukisa li enpòtan pou moun li pwofesi sa yo jodi a?

Menm si vil ògeye ak mechan sa yo te detwi, ògèy ak mechanste ap pèsiste. Nan mond jodi a, pafwa nou kapab santi nou antoure avèk mal ke pwofèt tan lontan yo te kondane yo. Nou kapab menm detekte tras yo nan pwòp kè pa nou. Pwofesi sa yo ki nan Ansyen Testaman an revele kijan Senyè santi L konsènan ògèy ak mechanste, e yo anseye ke nou kapab vire do bay mal sa yo. Petèt sa se yon rezon ki fè nou toujou li pwofesi tan lontan yo jodi a. Nawoum, Abakouk, Sofoni, ak lòt yo pa t sèlman pwofèt malediksyon—yo te pwofèt delivrans tou. Deskripsyon destriksyon yo pèdi fòs akoz de envitasyon pou nou vin jwenn Kris la epi pou nou resevwa mizerikòd li a: “Nou menm…, vin jwenn li. Fè sa ki dwat devan li. Pa kite lògèy vire tèt nou” (Sofoni 2:3). Sa a se te fason Senyè a nan tan lontan, e se fason L jodi a. “Chemen L yo Etènèl” (Abakouk 3:6).

Pou apèsi sou liv sa yo, gade nan “Nawoum,” “Abakouk,” ak “Sofoni” nan Diksyonè Bib lla.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Nawoum 1

Senyè a puisan e Li gen anpil mizèrikòd.

Misyon Nawoum se te pou l te predi destriksyon Niniv—kapital vyolan ampi Asiri a, ki te dispèse Israyèl epi britalize Jide a. Nawoum te kòmanse dekri kòlè ak puisans enkonparab Bondye, men li te pale tou sou mizèrikòd ak bonte Bondye. Ou ta kapab anvizaje idantifye vèsè nan chapit 1 an ki ede w konprann chak nan atribi sa yo—ak lòt atribi Bondye genyen ke ou remake. Poukisa ou panse li enpòtan pou w konn chak bagay sa yo konsènan Senyè a?

Kèk moun gen dwa twouve l difisil pou yo rekonsilye ansèyman nan ekriti yo ki di “Senyè a bon” an (Nawoum 1:7) avèk ansèyman ke Li “tire revanj li sou tout moun ki kenbe tèt avè l” la (Nawoum 1:2). Nan Liv Mòmon an, pitit gason Alma a, Koryanton, te gen kesyon menm jan an “ki konsène lajistis Bondye nan pinisyon pechè yo” (Alma 42:1). Pou aprann plis sou mizerikòd Bondye ak rapò ki genyen ant mizerikòd sa a ak jistis Li, li repons Alma te bay Koryanton an nan Alma 42.

Imaj
fòtrès an wòch

“Senyè a gen bon kè tou: Jou malè, se li ki pwoteje pèp Li” (Nawoum 1:7).

Abakouk

Mwen kapab gen konfyans nan volonte Senyè a ak tan pa Li.

Menm pwofèt yo gen kesyon pafwa sou fason Senyè a. Abakouk, ki te viv nan yon epòk ki te gen anpil mechanste nan Jide, te kòmanse liv li a avèk kesyon pou Senyè a (see Abakouk 1:1–4). Kijan w tap rezime preyokipasyon Abakouk yo? Èske w janm gen santiman konsa?

Senyè a te reponn kesyon Abakoku yo lè l te di Li tap voye kaldeyan yo (babilonyen yo) pini Jide (gade nan Abakouk 1:5–11). Men Abakouk te toujou twouble, paske li te sanble enjis pou Senyè pa fè anyen “lè mechan yo [babilonyen yo] te devore nonm ki te pi jis la [Jida]” (gade nan vèsè 12–17). Kisa w jwenn nan Abakouk 2:1–4 ki enspire w pou fè Senyè a konfyans lè w gen kesyon ki rete san repons?

Chapit 3 nan Abakouk se yon priyè lwanj pou Bondye ak yon ekspresyon lafwa nan Li. Kisa ki enpresyone w nan pawòl Abakouk yo ki nan vèsè 17–19? Ki diferans ki genyen nan ton vèsè sa yo nan Abakouk 1:1–4? Medite sou kijan ou kapab devlope yon pi gran lafwa nan Bondye, menm lè lavi a sanble li enjis.

Gade tou nan Ebre10:32–39; 11; Doktrin ak Alyans 121:1–6; Robert D. Hales, “Se confier en l’Éternel: Que ta volonté soit faite,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2011, 71–74.

Sofoni

“Nou menm, pòv malere nan peyi a k ap fè sa Senyè a bay lòd fè a, vin jwenn ni.”

Sofoni te pwofetize ke babilonyen yo tap detwi pèp Jide konplètman akozde mechanste yo. “Senyè a di konsa: Mwen pral detwi dènye bagay sou latè.” (Sofoni 1:2). E poutan Sofoni te di tou ke gen yon “rès” ki tap prezève (Sofoni 3:13). Pandan w ap li pwofesi sa yo, remake kalite atitid ak konpòtman ki te mennen Jide ak lòt gwoup nan destriksyon—gade sitou nan nan Sofoni 1:4–6,12; 2:8, 10,15; 3:1–4. Apre sa chèche karakteristik pèp Bondye a tap prezève—gade nan Sofoni 2:1–3; 3:12–13, 18–19. Ki mesaj ou santi Senyè a gen pou ou nan vèsè sa yo?

Sofoni 3:14–20 dekri jwa jis yo apre Senyè a “ bale tout lènmi nou yo ale” (vèsè 15). Ki benedisksyon yo pwomèt nan vèsè sa yo ki enpresyone w? Poukisa li enpòtan pou w konnen konsènan benediksyon sa yo? Ou ta kapab konpare vèsè sa yo avèk eksperyans yo dekri nan 3 Nefi 17 epi medite sou kijan Jezikri santi l konsènan pèp Li a—ki enkli oumenu.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Nawoum 1:7.Kijan Sovè a se “pwotektè pèp li” a? Petèt fanmi w ta kapab bati yon pwoteksyon senp oswa yon fòtrès lakay ou epi diskite Nawoum 1:7 pandan w anndan l. Kisa ki fè epòk nou an se yon “epòk pwoblèm”? Kijan Jezikri ak levanjil Li a fòtifye nou? Kijan nou montre ke nou “gen konfyans nan li”?

Abakouk 2:14.Kijan nou ka ede akonpli pwofesi nan vèsè sa a?

Abakouk 3:17–19.Kisa nou aprann de egzanp Abakouk la nan vèsè sa yo?

Sofoni 2:3Ou ta kapab jwe yon jwèt kote manm fanmi an gen pou yo jwenn mo “jistis” ak “dousè” sou yon paj avèk anpil lòt mo. Yo ta kapab pale apre sa de egzanp jistis ak dousè youn wè nan lòt. Kisa sa vle di pou yon moun chèche jistis ak dousè?

Sofoni 3:14–20. Kisa nou jwenn nan Sofoni 3:14–20 ki fè nou vle “chante, … fè kè nou kontan, danse ak tout nanm nou!”? Petèt fanmi w ta kapab chante kantik oswa chan ki vin nan tèt yo lè y ap li vèsè sa yo.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Sans tarder, je recherche mon Sauveur,” Chants pour les Enfants,67.

Amelyore Etid Pèsonèl

Ou dwe pasyan. Pafwa nou vle jwenn repons kesyon nou yo imedyatman, men ide espirityèl yo pran tan e moun pa ka fòse yo. Jan Senyè a te di Abakouk la, “Ou mèt tann. Paske, wè pa wè, li gen pou l rive lè pou l rive a.” (Abakouk 2:3).

Imaj
Jezi k ap desann e ki abiye avèk yon rad wouj

“Senyè a, Bondye nou an, la nan mitan nou! Se yon vanyan gason” (Sofoni 3:17). Li Vini Ankò Pou Dirije e Renye, pa Mary R. Sauer