Ansyen Testaman 2022
28 Novanm–4 Desanm. Nawoum; Abakouk; Sofoni: “Chemen Li Etènèl”


28 Novanm–4 Desanm. Nawoum; Abakouk; Sofoni: ‘Chemen Li Etènèl,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

28 Novanm–4 Desanm. Nawoum; Abakouk; Sofoni,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Jezi ki ap gade etwal yo

“Chemen Li Etènèl” (Abakouk 3:6). Nan Kòmansman Te Gen Mond lan, pa Eva Timothy

28 Novanm–4 Desanm

Nawoum; Abakouk; Sofoni

“Chemen Li Etènèl”

Amou ou pou ekriti yo ka gen yon enfliyans puisan sou timoun w ap anseye yo. Fè yo wè kijan w rekonesan pou pawòl Bondye a.

Ekri Enpresyon W yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite timoun yo pou yo kanpe lè tou pa yo rive epi pou yolfè kòm si yo se yon pwofèt Ansyen Testaman an ki kanpe “sou fò a” tankou Abakouk (Abakouk 2:1). Mande yo pou yo di lòt timoun yo yon bagay y ap aprann sou Jezikri ak Levanjil Li a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Abakouk 2:3

Bondye ap toujou ranpli pwomès Li yo.

Pwofèt Abakouk te twouble pa mechanste li te wè nan pami pèp Jida a (gade nan Abakouk 1:2–4). Senyè a te rasire li ke pwomès Li yo t ap akonpli nan tan pa Li (gade nan Abakouk 2:3).

Aktivite posib

  • Pataje kèk egzanp sou bagay ki bon men sèlman apre nou fin tann —tankou fwi ki bezwen mi oubyen pat ki pare pou mete nan fou. Kisa k tap rive si nou te eseye manje fwi a oubyen pat la anvan l te pare? Pale de pwofèt Abakouk, ki te vle konnen kilè Senyè a tap sispann mechanste l te wè bò kote l yo. Li repons Senyè a pou timoun yo nan Abakouk 2:3. Souliye ke Abakouk te bezwen tann pou pwomès Senyè a te akonpli, menm jan nou bezwen fè pafwa. Pale de yon lè kote w te oblije tann yon benediksyon.

  • Ede timoun yo panse a kèk bagay Bondye pwomèt—pa egzanp, ke Jezikri ap retounen sou tè a oubyen nou ka viv avèk Bondye ankò. Pou chak egzanp, envite timoun yo pou yo repete gwoup mo sa yo “Ou mèt tann; paske wè pa wè li gen pou l rive.”

Abakouk 2:14

Mwen ka ede plen tè a avèk konesans sou Jezikri.

Abakouk te pwofetize sou jou kote tout mond lan tap konnen Jezikri a. Pwofesi sa a kòmanse akonpli nan epòk nou an. Konsidere kijan w ka ede timoun yo fè pati pa yo nan akonplisman li.

Aktivite posib

  • Montre yon bokal vid, epi bay chak timoun yon ti objè. Mande chak timoun pou yo pataje yon bagay Jezi te fè oubyen anseye epi apre sa mete objè yo a nan bokal la. Li Abakouk 2:14a fò, epi eksplike ke menm jan timoun yo te ranpli bokal la avèk konesans sou Senyè a, se konsa tou nou ka ranpli mond lan avèk konesans sou Li.

  • Montre yo foto yon kat mond lan (gade nan Church History Maps, no.7, “Map of the World”). Ede yo chèche kote y ap viv la ak kote misyonè ke yo konnen te sèvi. Rann temwayaj ou ke Pè Selès la vle tout pèp toupatou sou tè a gen konesans sou Jezikri. Kijan nou ka ede anseye lòt moun osijè Jezi? Pale timoun yo de bagay ou konn wè yo fè ki anseye w sou Jezikri. Ede yo panse a lòt bagay yo ka fè.

  • Chante yon kantik sou pataje levanjil la ansanm avèk yo, tankou “Je voudrais déjà partir en mission” (Chants pour les enfants,90). Kisa nou ka di lòt moun de Jezikri? Pou kèk ide, gade nan Atik Lafwa yo.

Sofoni 2:3

“Chèche Senyè a.”

Sofoni te anseye ke nou dwe chèche Senyè a nan moman gwo mechanste yo, tankou sa nan dènye jou sa yo. Reflechi sou fason w ka ankouraje timoun yo pou yo chèche Li.

Aktivite Posib

  • Montre yon foto Jezi, epi li Sofoni 2:3pou timoun yo. Envite yo pou yo mete men yo bò je yo an fòm kèp epi gade foto a chak fwa w li mo “chèche” a. Eksplike ke pwofèt Sofoni te vle moun yo chèche Senyè a. Kijan nou ka chèche Senyè a? Ki kote nou ka jwenn Li?

  • Itilize paj aktivite semèn sa a, oubyen panse a yon lòt jwèt ki ankouraje timoun yo chèche Senyè a. Jwe oubyen chante yon chan ki anr apò avèk sijè sa a, tankou “Sans tarder, je recherche mon Sauveur” (Chants pour les enfants,67). Diskite sou sa chan an ansenye sou fason nou ka jwenn Jezikri nan lavi nou.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Nawoum 1:7

“Senyè a gen bon kè, Jou malè, se li ki pwoteje pèp li.”

Nou chak fè fas a pwòp “jou malè” pa nou. Kijan w ap ede timoun yo al jwenn Senyè a, “mete konfyans nan Li,” epi jwenn sekirite espirityèl nan jou malè yo?

Aktivite Posib

  • Montre yo yon foto yon ranpa oswa yon fò. Ki rezon moun ta genyen pou bati yon fò? Envite timoun yo li Nawoum 1:7 pou yo ka wè sa pwofèt Nawoum te di ki tankou yon ranpa oswa yon fò pou nou. Kont kisa Sovè a ka pwoteje nou?

  • Envite timoun yo pou yo desine yon foto yomenm ak fanmi yo andedan yon ranpa oubyen yon fò. Ankouraje yo pou yo ekri mo nan ranpa a ki dekri kèk nan enfliyans mal ki nan mond lan. Envite yo ekri mo yo andedan ranpa ki dekri Jezikri a. Kisa L mande nou fè pou nou nou ka resevwa fòs ak pwoteksyon Li? (gade Doktrin ak Alyans 35:24).

    Imaj
    Fò an wòch

    “Senyè a gen bon kè, Jou malè, se li ki pwoteje pèp li” (Nawoum 1:7).

Abakouk 3:17–19

Mwen ka gen lajwa nan Jezikri, menm lè bagay yo p ap byen mache.

Abakouk te dekri kèk eprèv ki ka rive pèp li a, tankou pyebwa oubyen pye rezen ki pa donnen. Apre sa li te di si bagay sa yo te rive, “M ap toujou kontan poutèt Senyè a.”

Aktivite posib

  • Envite timoun yo li Abakouk 3:17 epi idantifye eprèv yo dekri yo nan vèsè sa a. Kijan yon moun ta ka santi l si bagay sa yo te rive? Ede timoun yo panse a eprèv ki ta ka rive yo. Apre sa li ansanm vèsè 18–19 pou aprann kijan Abakouk te di l t ap santi l menmsi bagay sa yo te rive li.

  • Ede timoun yo chèche lòt egzanp sou moun nan ekriti yo ki te rejwi nan Senyè a menm nan tan difisil. Yo ka jwenn egzanp nan Travay 16:19–25; Mozya 24:10–15; ak nan mesaj Prezidan Dieter F. Uchtdorf la “Rekonesan nan tout Sikonstans” (Ensign ou Lyawona, Me 2014, 70–77), espesyalman seksyon “Se pou nou rekonesan nan sikonstans nou yo.” Poukisa moun sa yo te kapab jwaye nan tan difisil? Kijan nou ka suiv egzanp yo?

Sofoni 3:14–20

Moun ki suiv Jezikri yo ap jwenn lapè ak lajwa.

Sofoni 3:14–20 dekri bèl jou kote Jezikri, “wa Izrayèl la,” pral renye pami pèp Li a epi “ak lajwa [nou] ap chante” (vèsè 15,17).

Aktivite Posib

  • Li Sofoni 3:14ansanm. Apre sa envite chak timoun pou yo chwazi youn nan vèsè sa yo nan Sofoni 3:15–20 epi etidye li, pandan y ap chèche yon bagay ki ka ede nou “kontan ak rejwi.” Mande yo pou yo pataje sa yo jwenn.

  • Ede yo chèche kantik oswa chan timoun ki ede yo “kontan epi rejwi ak tout kè yo” (Sofoni 3:14). Chante kèk kantik ansanm, epi ankouraje timoun yo pou yo pale de lajwa yo jwenn nan levanjil Jezikri a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Mande timoun yo pou yo ekri referans a yon ekriti ke yo vle pataje avèk fanmi yo (oubyen ekri l pou yo).

Amelyore Ansèyman Nou

Ede timoun yo rekonèt Lespri a. Eseye remake moman kote timoun yo ka santi enfliyans Lespri a. Lè sa rive, ede yo konprann ke santiman sa yo soti nan Sentespri a.