Ansyen Testaman 2022
5–11 Desanm. Aje; Zakari 1-3; 7-14: “Sentete pou Senyè a”


“5–11 Desanm. Aje; Zakari 1-3; 7-14: ‘Sentete pou Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“5–11 Desanm. Aje; Zakari 1-3; 7-14,“ Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Tanp Laie Awayi

5–11 Desanm

Aje; Zakari 1-3; 7-14

“Sentete pou Senyè a”

Nan lapriyè, li Aje ak Zakari pandan w ap medite sou enpresyon w resevwa yo. Kijan verite ki nan liv sa yo ka ede w reponn bezwen timoun w ap anseye yo?

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Fè desen yon vizaj souriyan sou yon moso papye, epi mande kèk timoun pou kenbe l youn apre lòt. Pandan tou pa yo an, envite yo pou yo pataje yon bagay y ap aprann konsènan Papa nou Ki nan Syèl la ak Jezikri ki fè yo kontan.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Piti yo

Aje 1:6-8

M ka mete Senyè an premye nan lavi m.

Aprantisaj konsènan konsèy Senyè a pou “konsidere fason nou” se yon opòtinite pou timoun yo asire yo ke y ap fè sa ki enpòtan ke Bondye te mande nou pou nou fè.

Aktivite posib

  • Eksplike timoun yo ke Senyè a te vle Izrayelit yo bati tanp lan, men yo t ap fè lòt bagay pito. Li ansanm Aje 1:7, epi eksplike ke “konsidere fason nou” vle di ke Senyè a te vle Izrayelit yo panse ak si yo t ap fè sa k pi enpòtan yo. Li vèsè 8 la pou timoun yo, epi envite yo pretann “y ap grenpe yon mòn,” “al chèche bwa” epi “bati kay Senyè a.” Ki travay enpòtan Bondye ba nou pou nou fè?

  • Mete foto fas anba sou on tab ki reprezante kèk bagay ki enpòtan pou Bondye, tankou ekriti yo, lapriyè, ak tanp lan. Pèmèt timoun yo pran tou chwazi yon foto epi montre klas la. Ede yo konprann poukisa l enpòtan pou asire ke nou fè tan pou chak bagay nan foto yo.

Zakari 3:1-7

Jezikri ka fè lespri m pwòp.

Rad sal Granprèt Jozye an, ki te dekri nan Zakari 3:1-7, senbolize sa k pase lè nou peche. Pa mwayen Ekspyasyon Jezikri an, nou ka pwòp ankò, jan Jozye te vin pwòp lè l te resevwa nouvo rad.

Aktivite posib

  • Kite timoun yo pase yon mayo sal, epi li Zakari 3:3. Apresa pase yon mayo pwòp, epi li vèsè4. Pale ak timoun yo konsènan fason move chwa tankou vin sal spirityèlman, men Sovè a ka fè nou pwòp ankò. Kijan nou santi nou lè nou pwòp? Pataje temwayaj ou ke paske Jezikri te soufri e mouri pou nou, n ap vin pwòp de peche nou yo lè nou repanti.

  • Si posib, montre timoun yo yon foto yon moun yo konnen ki abiye an blan jou batèm li (oubyen gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 103, 104). Poukisa nou mete rad blan jou batèm nou? Chante avèk timoun yo yon kantik sou batèm, tankou “Le jour de mon baptême” (Chants pour les enfants,103). Envite timoun yo pou yo desinen tèt yo k ap batize epi pataje jan yo santi yo konsènan batèm yo yon jou.

Zakari 2:10; 9:9; 14:3–9

Pwofèt yo anseye nou konsènan Jezikri.

Menm jan ak lòt pwofèt Ansyen Testaman yo, Zakari te pwofetize de Jezikri. Kisa pwofesi nan Zakari 2:10; 9:9; 14:3–9 yo ansenye timoun yo konsènan Li?

Aktivite posib

  • Afiche yon foto Jezikri k ap antre Jerizalèm sou on bourik (gade Liv Ilistrasyon Levanjil, no. 50). Di timoun yo ke plizyè ane anvan Jezi te vin sou tè a, Zakari te pwofetize ke Jezikri t ap sou on bourik al Jerizalèm anvan L mouri pou nou. Pandan w ap li Zakari 9:9, mande timoun yo pou yo lonje dwèt sou moun nan foto an ki “rejwi anpil” epi pwente bay “wa a” tou. Kiyès ki Wa a? Envite timoun yo pou yo pataje kèk bagay ki fè yo rekonesan pou Jezikri.

  • Li kèk nan pwofesi Zakari te fè konsènan Dezyèm Vini Sovè a, tankou sa k nan Zakari 2:10; 14:9. Mande timoun yo pou yo desinen foto sa yo panse l ap vin ye lè Jezikri retounen ankò, oubyen chante ansanm yon chan konsènan Dezyèm Vini an, tankou “Lè L Retounen Ankò” (Chants Pour Les Enfants, 82-83).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Gran yo

Aje 1:2-8

“Konsidere Fason W yo.”

Li enpòtan pou nou tout rekonèt priyorite nou e pran tan pou nou konsidere “fason nou.” Kijan ou ka enspire timoun yo pou yo pran tan nan lavi yo pou bagay Bondye yo?

Aktivite posib

  • Envite Timoun yo pou yo li Aje 1:2-5 pou yo konnen poukisa Senyè a pa t kontan avèk Izrayelit yo. Mande timoun yo pou yo chwazi yon fraz nan vèsè 6 la epi desine yon foto l. Kite klas la devine ki fraz chak desen reprezante. Pale konsènan jan pase tan nan bagay ki pa sa Senyè a vle se tankou ap manje men pa janm satisfè, mete rad men toujou frèt, e ensi de suit. Poukisa li enpòtan pou nou pran tan pou bagay ki enpòtan a Senyè an?

  • Ekri “Konsidere fason w yo” sou tablo an (vèsè 7). Envite chak timoun pou yo fè yon lis bagay yo ka fè nan yon jou tipik, enkli bagay ke Senyè a mande nou pou nou fè. Mande timoun yo pou yo antoure bagay ke Senyè a t ap di ki pi enpòtan nan lis yo an pou yo “konsidere fason yo”. Kijan nou ka asire nou ke nou pran tan chak jou pou nou fè sa Senyè a vle pou nou fè yo?

Imaj
Ti fi ke yon mesye ap batize

Nou mete rad blan jou batèm nou pou nou montre ke Jezikri ka fè nou pwòp lè nou repanti de peche nou yo (gade Zakari 3:3-4).

Zakari 3:1-7

Fè epi respekte alyans ka ede m vin plis tankou Papa nou Ki nan Syèl la ak Jezikri.

Nan yon vizyon, Zakari te wè yon gran prèt ki te rele Jozye, ki te gen “rad sal” (Zakari 3:3). Yon anj te ba l rad pwòp epi eksplike l ke sa te senbolize netwayaj de peche. Ou ta ka itilize vizyon sa a pou ede timoun yo konprann alyans ak benediksyon ki asosye ak batèm.

Aktivite posib

  • Li ansanm Zakari 3:1-7 epi diskite kesyon tankou kesyon sa yo: Kisa “rad sal” Jozye yo reprezante? Kijan nou ka vin pwòp de peche nou yo? Kijan alyans batèm nou yo t ap ede nou “mache nan fason [Senyè] a”?

  • Kèlke jou avan klas la, envite youn nan timoun yo vini pare pou yo pale konsènan batèm yo. Revize ansanm alyans nou fè jou batèm nou (gade Doktrin ak Alyans 20:37). Kijan si nou devlope otonomi sa ka ede nou vin pi plis tankou Pè Selès la ak Jezikri? Nan ki fason lè nou pran sent sèn nan chak semèn sa ede nou respekte alyans batèm nou yo?

Zakari 9:9-11; 11:12; 13:6-7

Jekri se Mesi yo te pwomèt la.

Kisa timoun yo ka aprann nan pwofesi Zakari yo konsènan Jezikri?

Aktivite posib

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo ekri yon verite yo te aprann nan klas la. Envite yo pou yo diskite avèk fanmi yo jan yo ka vin gen yon pi gran temwayaj verite sa a.

Amelyore Ansèyman Nou

Itilize kreyativite w. Kite ide nan plan leson semèn sa limen etensèl kreyativite w. Panse a sa timoun nan klas ou yo t ap renmen ak sa k pral ede yo fè koneksyon ant ekriti yo ak lavi yo.