Ansyen Testaman 2022
5–11 Desanm. Aje; Zakari 1–3; 7–14: “Sentete pou Senyè a”


“5–11 Desanm. Aje; Zakari 1–3; 7–14: ‘Sentete pou Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2022 (2021)

“5–11 Desanm. Aje; Zakari 1–3; 7–14,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: AnsyenTestaman 2022

Imaj
Tanp Laie Awayi

Tanp Laie Awayi

5–11 Desanm

Aje; Zakari 1–3; 7–14

“Sentete pou Senyè a”

Lè w li ekriti yo, sa envite revelasyon. Rete dispoze pou mesaj ke Sentespri a revele pou ou pandan w ap li Aje ak Zakari.

Ekri Enpresyon w yo

Apre dè dizèn ane nan kaptivite, yon gwoup Izrayelit, pwobableman ki enkli pwofèt Aje ak Zakari, te jwenn pèmisyon pou yo te retounen Jerizalèm. Kèk nan gwoup sa a te sonje kisa Jerizalèm te sanble avan li te detwi. Imajine santiman yo lè yo te wè ranblè ki yon fwa sete kay yo, espas adorasyon yo, ak tanp yo. Pou moun k ap mande tèt yo si tanp lan t ap janm sanble ak “kay Senyè a nan Premye” glwa li ankò (Aje 2:3), pwofèt Aje te pale pawòl ankourajman Senyè a: “Rete fèm, tout moun tout pèp sou teritwa a, selon pawòl Senyè a, epi travay: paske mwen avèk nou, … pa pè.” “Mwen pral ranpli kay sa a avèk laglwa, … epi mwen pral ba nou lapè nan kote sa a.” (Aje 2:4–5, 7,9.)

Men se pa t jis tanp sakre a ki te bezwen rekonstwi. Nan anpil fason, pèp Bondye a te espirityèlman an ruin. Epi rekonstriksyon yon pèp sen pran plis pase koupe wòch epi aliyen yo pou konstwi yon miray tanp. Jodia, tanp yo pote enskripsyon “Sentete pou Senyè a,” epi pawòl sa yo pa aplike ak yon batiman men yon fason moun viv. Pawòl sa yo ki grave sou “klòch cheval yo” ak sou “chak po nan Jerizalèm” (Zakari 14:20–21) itil sèlman si yo grave nan chak kè. Vrè sentete mande pou pawòl ak lwa Senyè a “pran kontwòl” (Zakari 1:6) sou nou, pou chanje nati nou yon fason pou nou vin sen tankou Li (gade Levitik 19:2).

Pou yon koudèy sou liv Aje ak Zakari a, gade “Aje” ak “Zakari” nan Diksyonè Bib la.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Aje; 2:1–9

“Konsidere apwòch yo.”

Te gen anpil bagay enpòtan pou fè pou rekonstwi Jerizalèm. Men apre apeprè 15 an te fin pase depi retou Izrayelit yo, Senyè a pa t kontan ke rekonstriksyon tanp lan pa t gen pi gwo priyorite (gade Aje 1:2–5; gade also Ezra 4:24). Pandan w ap li Aje1; 2:1–9, konsidere kesyon tankou sila yo: Ki konsekans Izrayelit yo te fè fas paske yo pa t fini tanp lan? Kisa benediksyon Senyè a te pwomèt yo si yo te fini konstwi kay li a? Ou gen dwa pran opòtinite sa a pou “konsidere fason ou yo”—pou panse sou priyorite ou ak kijan ou ta ka aliyen yo avèk pa Senyè a.

Gade tou Doktrin ak Alyans95; TerenceM. Vinson, “Vrè Disip yo pou Sovè a,” Ensign or Lyawona, Nov. 2019, 9–11.

Zakari 1–3; 7–8;14

Senyè a kapab rann mwen sen.

Sè CarolF. McConkie te anseye: “Senrtete se fè chwa yo ki pral kenbe Sentespri a kòm gid nou. Sentete se mete tandans natirèl nou yo akote epi vin ‘yon sen pa mwayen ekspyasyon Kris Senyè a’ [Mozya 3:19]. … Espwa nou pou sentete santre sou Kris la, nan mizerikòd Li ak gras Li” (“Bote nan Sentete a,” Ensign oswa Lyawona, Me 2017, 9–10). Kenbe ansèyman sa yo nan panse w pandan w ap li pawòl Senyè a, yo bay atravè pwofèt Zakari a, pou ankouraje Izrayèl pou vin pi sen an: Zakari 1:1–6; 3:1–7; 7:8–10; 8:16–17. Note bagay Senyè a te mande Izrayèl pou l te fè pou L te ka rann yo sen yo. Kijan L ap ede nou vin pi sen?

Zakari 2:10–11; 8:1–8; 14:9–11, 20–21 dekri kisa lavi a pral sanble nan yon jou nan lefiti lè nou tout abite avèk Senyè a nan yon eta sentete. Kisa deskripsyon sa yo gen dwa vledi pou moun ki t ap rekonstwi Jerizalèm yo nan epòk Zakari a? Kisa yo vledi pou ou?

Imaj
Antre triyonfal Jezi nan Jerizalèm

“Gade, Wa w la vini pou ou: li pote jistis, li ap bay sali; li enb, epi monte sou yon bourik” (Zakari 9:9). Antre Triyonfal, pa Harry Anderson

Zakari 9:9–11; 11:12–13; 12:10; 13:6–7; 14:1–9

Jekri se Mesi yo te pwomèt la.

Anpil nan ekri Zakari yo dirije sou ministè tèrès Jezikri ak Dezyèm Vini L lan tou. Konpare pwofesi Zakari sa yo ki anrapò avèk pasaj yo dekri nan lòt liv ekriti yo:

Kisa w te aprann konsènan Sovè a pandan w t ap etidye pasaj sa yo? Poukisa li enpòtan pou w konprannn pasaj sa yo?

Gade Gid pou Ekriti yo tou, “Mesi” (scriptures.ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Aje1:2–7.Vèsè sa yo ta kapab pouse manm fanmi ou pou “konsidere fason yo.” Petèt manm fanmi w yo ta ka jwe wòl sou fraz yo nan vèsè6la. Kisa vèsè sa a anseye konsènan valorize bagay yo nan mond lan sou bagay Bondye yo? Ou gen dwa chita pale sou priyorite fanmi w genyen. Chante yon chan tankou “I’m Trying to Be like Jesus” (Chikdren’s Songbook, 78–79) ta ka ede fanmi ou evalye kisa n ap fè byen ak domèn kote nou ka amelyore.

Aje 2:1–9.Pou entwodui vèsè sa yo, ou ta ka pataje istwa Tanp Provo City Center a, ki te rekonstwi apati yon takènak presye ki te boule nèt (gade videyo “Provo City Center Temple Completed,” ChurchofJesusChrist.org). Pandan fanmi ou ap li Aje 2:1–9, ou gendwa mande manm fanmi yo pou reflechi sou yon bagay nan lavi nou ki gendwa sanble tankou travay rekonstriksyon tanp lan ki te detwi a. Kijan Senyè a rekonstwi nou apre trajedi ak advèsite?

Zakari 3:1–7.Pandan w ap li vèsè sa yo, ou ta ka montre fanmi w kèk rad sal. Kijan Jozye dwe te santi li lè li te kanpe devan zanj lan ak rad sal? Kijan peche se tankou rad sal? Kisa Zakari 3:1–7 anseye nou konsènan padon? Nou ta ka apresa lave rad yo ansanm epi pale konsènan pouvwa netwayaj nan ekspyasyon Sovè a.

Zakari 8:1–8.Kisa ki enpresyone nou nan vizyon Zakari a sou avni Jerizalèm nan? Kisa nou jwenn ladan ke nou ta renmen wè nan kominote pa nou” Kijan nou ka envite Sovè a “demere nan mitan [nou]”? (gade GaryE.? Stevenson, “Fwaye Sakre yo, Tanp Sakre yo,” Ensign oswa Lyawona, Me 2009, 101–3).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “I’m Trying to Be like Jesus,” Chants pour les enfants, 78–79.

Amelyore Etid Pèsonèl

Pran opòtinite pou w evalye tèt ou. Pandan w ap etidye ekriti yo, ou pral souvan santi w enspire pou w medite sou pwòp angajman pa w devan Pè Selès la ak Jezikri. Aji sou enpresyon w resevwa yo.

Imaj
Kwonoloji ki montre kijan Tabènak Provo nan Provo, USA, te detwi anba dife epi rekonstwi kòm tanp Provo City Center a.