Ansyen Testaman 2022
26 Septanm–2 Oktòb Ezayi 50–57: “Li Pote Soufrans Nou Yo, Li Mete Doulè Nou Yo Sou Do l”


“26 Septanm–2 Oktòb. Ezayi 50–57: ‘Li Pote Soufrans Nou Yo, Li Mete Doulè Nou Yo Sou Do l,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“26 Septanm–2 Oktòb. Ezayi 50–57,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Kris k ap pote kouwòn epin e ke yon sòlda ap moke

Yo Moke Kris la, pa Carl Heinrich Bloch

26 Septanm–2 Oktòb

Ezayi 50–57

“Li Pote Soufrans Nou Yo, Li Mete Doulè Nou Yo Sou Do l”

Medite sou ide ki soti nan Ezayi 50–57, ki ede w vin pi pre Sovè a. Ekri enpresyon w resevwa yo.

Ekri enpresyon w yo

Pandan tout ministè l la, Ezayi te pale de yon liberatè puisan (gade, pa egzanp, nan Ezayi 9:3–7). Pwofesi sa yo tap presye sitou pou Izrayelit yo plizyè syèk pi ta lè yo te an kaptivite nan Babilòn. Yon moun ki te kapab kraze mi Babilòn yo tap yon konkeran puisan toutbon. Men se pa kalite Mesi Ezayi te dekri nan chapit 52–53a: “Lèzòm te meprize l e rejte l, limenm ki te yon nonm doulè ki abitye avèk soufrans: e nou te kòm kache figi nou pou nou pa t wè l.… Nou te konsidere l kòm yon moun Bondye te pini, frape, epi imilye” (Ezayi 53:3–4). Nan voye yon liberatè toudenkou konsa a, Bondye te anseye nou konsènan vrè delivrans. Pou sove nou anba opresyon ak afliksyon, Bondye te voye Moun ke yo “te oprese, ak … aflije a.” Kote kèk moun te atann yon lyon, Li te voye yon mouton (gade nan Ezayi 53:7). Se sèten, fason Bondye pa fason pa nou (gade nan Ezayi 55:8–9). Jezikri libere nou non sèlman nan ouvri prizon an men nan pran plas nou ladan l tou. Li soulaje nou anba chèn tristès ak chagren nan pote yo Limenm menm (gade nan Ezayi 53:4–5,12). Li pa sove nou de lwen. Li soufri avèk nou, nan yon zak “jantiyès etènèl“ ki “p ap kite w” (Ezayi 54:8,10).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Ezayi 50–52.

Lavni klè pou pèp Senyè a.

Menm si izrayelit yo te pase anpil ane an kaptivite—e menm si kaptivite sa a se te rezilta pwòp move chwa yo—Senyè a te vle pou yo gade lavni avèk espwa. Ki mesaj espwa ou jwenn nan Ezayi 50–52? Kisa Senyè a anseye nou konsènan Limenm nan nan chapit sa yo, e poukisa sa ba ou espwa? (gade, pa egzanp, nan Ezayi 50:2, 5–9; 51:3–8, 15–16; 52:3, 9–10).

Ou ta kapab fè tou yon lis tout bagay ki nan chapits 51–52 ke Senyè a envite Izrayèl pou l fè pou pèmèt avni ki ranpli avèk espwa sa a vin tounen yon reyalite. Kisa ou santi Senyè a ap envite w fè atravè pawòl sa yo? Pa egzanp, kisa w panse “reveye” ak “mete fòs” vle di? (Ezayi 51:9; gade tou nan Ezayi 52:1; Doktrin ak Alyans 113:7–10). Poukisa ou panse envitasyon pou “prete atansyon” (oswa “koute avèk entansyon pou obeyi) a repete souvan konsa? (Russel M. Nelson, “Koute L,” Lyawona, Me 2020,89).

Gade tou nan Mozya 12:20–24; 15:13–18; 3Nefi 20:29–46.

Imaj
Estati Kris la ki ap pote kwa a

Akozde Lanmou, pa eskiltè Angela Johnson

Ezayi 53

Jezikri te pran peche m yo ak doulè m yo sou tèt Li.

Gen kèk chapit nan ekriti a ki dekri misyon redanmsyon Jezikri a yon fason ki pi bèl pase Ezayi 53. Pran tan pou medite sou pawòl sa yo. Avèk chak vèsè, pran yon poz pou kontanple sa Sovè a te andire— “dèy,” “lapenn,” ak “transgresyon” Li te pote —pou tout moun e sitou pou ou. Ou ta kapab ranplase mo tankou “nou” ak “pa nou” with “mwen” ak “pa m” pandan w ap li a. Ki santiman oswa panse vèsè sa yo enspire nan oumenm? Anvizaje pou ekri yo

Ou gen dwa vle revize Mozya 14; 15:1–13 pou wè kijan pwofèt Abinadi te sèvi avèk pawòl Ezayi yo pou l te anseye konsènan Sovè a.

Ezayi 54; 57:15–19

Jezikri envite m pou m vin jwenn Li.

Nou tout gen lè nou santi nou lwen Senyè a akozde peche nou yo oubyen feblès nou. Kèk moun menm abandone espwa ke Li ap janm padone yo. Ezayi 54 ak57 la se gwo chapit pou nou li pou reyasirans ak ankourajman pandan tan konsa. Patikilyèman nan Ezayi 54:4–10; 57:15–19, kisa ou aprann konsènan mizèrikòd Sovè a ak santiman Li konsènan oumenm? Ki diferans sa fè nan lavi w lè w konnen bagay sa yo konsènan Li.

Kijan benediksyon yo dekri nan Ezayi 54:11–17 yo aplike a oumenm?

Ezayi 55–56

Senyè a envite tout moun pou yo “pèsevere nan alyans mwen an.”

Izrayèlit yo te toujou idantifye kòm pèp alyans Bondye a. Sepandan, plan Bondye a toujou enkli plis pase jis yon nasyon, paske “chak moun ki swaf” resevwa envitasyon pou yo “vini … nan dlo yo” (Ezayi 55:1). Kenbe nan lespri w pandan w ap li Ezayi 55 ak56, epi medite sou sa vin pèp Bondye vle di. Ki mesaj Bondye te voye pou moun sa yo ki santi “separe totalman” avèk Li? (Ezayi 56:3). Anvizaje pou make vèsè ki dekri atitid ak aksyon moun ki “kenbe alyans mwen an” (gade nan Ezayi 56:4–7).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Ezayi 51–52.Lè w ap diskite envitasyon Senyè a nan chapit sa yo, ou ta kapab envite manm fanmi w pou demontre yo. Pa egzanp, kisa sa sanble pou “Leve je w gade syèl la,” “leve, kanpe,” oswa “leve soti nan pousyè”? (Ezayi 51:6,17; 52:2). Kisa fraz sa yo anseye nou sou suiv Jezikri?

Ezayi 52:9.Apre w fin li vèsè sa a, fanmi w ta kapab “chante ansanm” yon kantik oswa yon chan pou timoun ki pote jwa ki pou yo. Ki pwomès nan Ezayi 52 ki fè nou “pouse kri lajwa”?

Ezayi 52:11; 55:7.Vèsè sa yo ta kapab mennen nan yon diskisyon sou kisa fraz “Se pou nou pwòp” la ta kapab siyifi? Kòm yon pati nan diskisyon sa a, ou kapab revize sijè nan Pou Fòs Jèn yo (bwochi, 2011) oswa li ekriti konsènan benediksyon pou vin pwòp espirityèlman yo (gade nan 3 Nefi 12:8; Doktrin ak Alyans 121:45–46).

Ezayi53. Pou entwodui deskripsyon Ezayi de Sovè a, fanmi ou ta kapab pale konsènan kija istwa, fim, ak lòt medya souvan dekri ewo ki sove moun. Ou ta kapab konpare reprezantasyon sa yo ak deskripsyon Sovè a nou li nan Ezayi 53 a. Ou ta kapab gade tou videyo “My Kingdom Is Not of This World (Wayòm Mwen Pa sou Tè Sa a)” nan (ChurchofJesnouChrist.org) ak diskou konsènan fason pwofesi ki nan Ezayi53 yo te akonpli. Ki lapenn ak chagren Senyè a te pote pou nou?

Ezayi 55:8–9.Kijan bagay yo parèt diferan lè w byen lwen anwo latè? Kisa sa vle di pou ou ke chemen ak panse Bondye pi wo pase pa nou?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Merveilleux l’amour,” Cantiques, no. 117.

Amelyore Etid Pèsonèl

Itilize mizik. Kantik yo anseye prensip levanjil yo avèk anpil puisans. Panse pou w tande oubyen li chan sentsèn pou ede w konprann verite konsènan Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a yo anseye nan Ezayi 53 a. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a, 22.)

Imaj
Pòtrè Kris la

Limyè Li, pa MichaelIT. Malm