Ansyen Testaman 2022
19–25 Septanm. Ezayi 40–49: “Pran Kouraj, Pèp Mwen An”


“19–25 Septanm. Ezayi 40–49: “Pran Kouraj, Pèp Mwen An,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo 2022 (2021)

“19–25 Septanm. Ezayi 40–49,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Jezikri ap geri yon nonm ki avèg

Geri Nonm Ki Avèg la, pa Carl Heinrich Bloch

19–25 Septanm.

Ezayi 40–49

“Pran Kouraj, Pèp Mwen An”

Ezayi te itilize langaj senbolik souvan. Pote atansyon a panse ak santiman senbòl sa yo pote nan lespri w ak nan kè w. Sa kapab ede w konprann sa l te anseye yo pi byen.

Ekri Enpresyon W Yo

“Ankouraje” se premye mo Ezayi chapit 40. Li make kòmansman yon ton diferan, yon aksan diferan nan mesaj pwofèt la. Alòske bagay Ezayi te ekri anvan yo te avèti Izrayèl ak Jida sou destriksyon ak kaptivite ki tap vini akozde peche yo, pwofesi sa yo ki te vini pi ta te destine pou konsole Juif yo pandan plis pase 150 an nan lefiti—apre destriksyon Jerizalèm, tanp lan te pwofane, epi Babilòn te mennen moun yo nan kaptivite. Men pwofesi sa yo menm antre pi fon nan lefiti pase Izrayelit yo ki te sibi defèt e ki te dekouraje a. Yo pale avèk noumenm ki santi nou sibi defèt, ki santi nou dekouraje, e menm pèdi pafwa.

Mesaj Ezayi te voye pou yomenm ak noumenm lan senp: “Pa pè” (Ezayi 43:1). Tout bagay pa pèdi. Senyè a pa bliye w, e Li gen pouvwa sou sitiyasyon ke ou sanble pa kontwòle yo. Èske se pa Senyè a “ki te kreye syèl yo, e … ki layite tè a, e … ki bay pèp la souf lavi sou li”? (Ezayi 42:5). Èske Li pa pi puisan ke Babilòn, ke peche, ke kèlkeswa sa ki kenbe w prizonye a? “Tounen vin jwenn mwen,” Li di, “paske m te rachte w” (Ezayi 44:22). Li ka geri, retabli fòtifye epi konsole—kèlkeswa sa ki nesesè pou ou a, nan ka pa w la, pou w te ka rachte.

Pou aprann ki resanblans ki genyen ant Nefi ak Jakòb Ezayi 48–49 e pèp yo, gade nan 1 Nefi 22 ak 2 Nefi 6.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Ezayi 40–49

Jezikri kapab konsole m epi ban m espwa.

Li kapab te dekourajan, menm akablan, pou Izrayelit yo te twouve yo kaptif nan Babilòn. Anpil moun kapab tap mande si yo te pèdi plas yo pou tout tan kòm pèp Bondye te chwazi a, pèp alyans lan. Pandan w ap li Ezayi 40–49, chèche pasaj ki ta kapab bay konsolasyon ak espwa. Pou chak pasaj ou jwenn, medite epi ekri sa Senyè a ta kapab di w nan vèsè sa yo. Men kèk vèsè ou ta kapab itilize pou kòmanse:.

Kijan ou ta kapab pataje mesaj sa yo avèk yon moun ki bezwen ankourajman ak espwa? (gade nan Ezayi 40:1–2).

Gade tou nan Jeffrey R. Holland, “Yon Esperans Pafètman Klè,” Ensign ou Lyawona, Me 2020, 81–84.

Imaj
yon rivyè nan yon forè

Lè nou obeyi Senyè a, nou kapab gen “lapè … tankou yon rivyè” (Ezayi 48:18).

Ezayi 40:3–8, 15–23; 42:15–16; 47:7–11

Pouvwa Bondye pi gran pase pouvwa monden.

Ezayi te toujou ap fè pèp li a sonje pouvwa san parèy Bondye, li te menm konpare l avèk pouvwa monden opresè ki te antoure yo a. Chèche mesaj sa a pandan w ap li Ezayi 40:3–8, 15–23; 42:15–16; epi 47:7–11 (note ke chapit 47 la adrese a ravisè Izrayèl la, Babilòn. Kisa pasaj sa yo anseye w sou ekriti yo? Kisa vèsè sa yo anseye w konsènan Bondye? Medite sou rezon ki fè mesaj sa a te kapab gen anpil valè pou jwif ki te an kaptivite yo. Poukisa li valab pou ou?

Gade tou nan “Reste avec nou, Seigneur!Cantiques, nimewo 92.

Ezayi 41:8–13; 42:1–7; 43:9–12; 44:21–28; 45:1–4; 48:10; 49:1–9

“Ou se sèvitè m.”

Nan Ezayi 40–49 Senyè a pale de “sèvitè” L la ak “temwen” L yo. Nan kèk pasaj mo sa yo sanble yo fè eferans a Jezikri (gade nan Ezayi 42:1–7), gen lòt ki fè referans a kay Izrayèl la (gade nan Ezayi 45:4), e poutan gen lòt ki fè referans a Wa Siris, ki te pèmèt Juif yo retounen Jerizalèm epi rebati tanp lan (gade nan 44:26–45:4). Sepandan, nan chak ka, ou ta kapab konsidere tou kijan pasaj yo aplike a oumenm antanke sèvitè ak temwen Senyè a. Pa egzanp, medite sou kesyon tankou sa yo:

Ezayi 41:8–13; 42:6; 44:21. Senyè a te aple w pou w fè kisa? Konsidere apèl fòmèl Legliz la ansanm avèk lòt responsablite alyans pou w sèvi L la. Kijan Li sipòte w ak “kenbe men [w]” (Ezayi 42:6) lè w ap sèvi? Kijan Li te “fòme” w pou w vin Sèvitè L? (gade tou nan Ezayi 48:10).

Ezayi 43:9–12. Nan ki sans ou se yon temwen Jezikri? Ki eksperyans nan lavi w ki montre w ke Li se Sovè a?

Ezayi 49:1–9. Ki mesaj ou jwenn nan vèsè sa yo ki kapab itil lè efò w yo ak sèvis ou sanble yo fèt “pou granmesi, epi an ven”? (vèsè 4).

Gade tou nan Mozya 18:9; Henry B. Eyring, “Enfants et Disciples,” Ensign ou Lyawona, Me 2003, 29–32.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Ezayi 40:3–4.Pou eksplore sa “prepare … chemen Senyè a” ta kapab vle di, fanmi w ta kapab korije yon bagay ki te kwochi, netwaye yon kote ki ankonbre, oubyen kreye yon pasaj nan yon wout ki plen wòch. Ou ta kapab montre tou foto Jan Batis ak Joseph Smith (gade nan Gospel Art Book, nimewo 35,87). Kijan yo te prepare wout pou Senyè a te vini? (gade nan Lik 3:2–18; Doktrin ak Alyans 135:3). Kijan nou ede prepare wout la pou Li? (Pa egzanp, gade nan Doktrin ak Alyans 33:10).

Ezayi 40:28; 43:14–15; 44:6.Ki non oswa tit Jezikri ou jwenn nan vèse sa yo? Kisa chak non anseye nou sou Li?

Ezayi 41:10; 43:2–5; 46:4.Vèsè sa yo reflete nan kantik “Quels fondements fermes” nan (Cantiques, no.42). Fanmi w ta kapab renmen chante kantik la ansanm epi chèche fraz ki sanble avèk fraz ki nan vèsè sa yo. Kisa fraz sa yo anseye nou sou Jezikri?

Ezayi 44:3–4; 45:8.Apre lekti vèsè sa yo, fanmi w ta kapab awoze yon plan pandan w ap pale de benediksyon Senyè a devèse sou yo. Kisa ki rive plant lan lè nou wouze l l? Kisa Senyè a atann nan men nou lè L beni nou?

Ezayi 48:17–18.Anvizaje montre kèk foto oswa videyo rivyè ak vag lanmè. Kijan lapè kapab sanble avèk yon rivyè? Kijan lajistis kapab sanble avèk vag (lanmè)?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Quels fondements fermes,” Cantiques, no. 42.

Amelyore Etid Pèsonèl

Defini mo. Eseye gade definisyon mo nan ektriti yo ke ou pa konprann yo —e menm mo ou panse ou konprann. Pafwa definisyon yo kapab ede w li yon vèsè diferamman epi gen nouvo ide espirityèl.

Imaj
Jezi avèk yon jènfi ak yon gason

“Senyè a te ankouraje pèp Li a, e Li gen pitye pou pèp Li a ki nan lapenn” (Ezayi 49:13).Pomad Galad la, pa Anne Adele Henrie