Ansyen Testaman 2022
5–11 Septanm. Ezayi 1–12: “Bondye se Sali Mwen”


“5–11 Septanm. Ezayi 1–12: ‘M sonje Alyans Mwen,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo 2022 (2021)

“5–11 Septanm. Ezayi 1–12,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
ansyen pwofèt k ap ekri

Pwofèt Ezayi predi nesans Kris la, pa Harry Anderson

5–11 Septanm.

Ezayi 1–12

“Bondye se sali m”

Chèche gidans espirityèl pandan w ap etidye. Pawòl Ezayi yo pi fasil pou konprann lè nou “ranpli avèk lespri pwofesi a,” jan Nefi te anseye (2Nefi 25:4).

Ekri Enpresyon w yo

Menmsi sa se premye fwa w ap li liv Ezayi a, ou gendwa jwenn pasaj ki ka parèt familye pou ou. Se paske, pami tout pwofèt ansyen testaman yo, Ezayi se youn ke yo site pi souvan nan lòt liv ekriti yo, enkli Sovè a limenm. Pawòl Ezayi yo parèt souvan nan kantik ak lòt mizik sakre yo tou. Poukisa yo site Ezayi souvan konsa?

Asireman rezon an anpati sèke Ezayi te gen yon don pou eksprime pawòl Bondye a nan yon langaj klè, memorab. Men gen plis ke sa. Ezayi te enspire pwofèt pandan dè jenerasyon paske verite li te anseye yo ale odela pwòp jenerasyon pa l la—Izrayelit ki t ap viv ant 740 ak 701 AK yo. Wòl li sete pou louvri je nou sou gwo travay redanmsyon Bondye a, ki pi gwo lontan pase yon nasyon oswa yon peryòd tan. Nan men Ezayi, Nefi te aprann ke limenm ak pèp li a, malgre yo te separe al lwen rès Izrayèl la, te toujou fè pati pèp alyans Bondye a. Nan Ezayi, moun ki ekri Nouvo Testaman yo te jwenn pwofesi konsènan Mesi a ki te akonpli klèman devan je yo. Epi nan Ezayi, Joseph Smith te jwenn enspirasyon pou travay rasanbleman Izrayèl nan dènye jou a ak konstriksyon Siyon. Pandan w ap li Ezayi a, kisa w pral jwenn?

Pou plis bagay konsènan Ezayi ak ekriti l yo, gade “Ezayi” nan Diksyonè Bib la. Pou plis enfòmasyon konsènan epòk Ezayi te viv la, gade 2Wa 15–20 ak 2Kwonik 26–32.

Imaj
Learn More image
Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Ezayi 1–12

Kijan nou ka pi byen konprann ansèyman Ezayi yo?

Nan pale sou sa Ezayi ekri yo, Sovè a te di, “Sonde bagay sa yo avèk dilijans, paske pawòl Ezayi yo gran” (gade 3Nefi 23:1–3). Men pou anpil moun, li ka difisil pou konprann Ezayi. Èd ekriti yo la prepare pou ede w jwenn pi gwo siyifikasyon nan pawòl Ezayi yo.

  • Medite sou senbòl ak metafò Ezayi te itilize yo. Pa egzanp, medite sou sa ou panse Ezayi te vle kominike lè li te ekri konsènan jaden rezen an (gade Ezayi 5:1–7), dlo Siloye yo (gade Ezayi 8:5–10), yon anblèm (gade Ezayi 5:26), ak yon drapo (gade Ezayi 11:10,12).

  • Pou chak chapit ou li, mande tèt ou, “Kisa m pral aprann konsènan Jezikri?” (gade 1Nefi 19:23).

  • Chèche sijè ke ou santi ki apwopriye ak epòk nou an, tankou lavi ak misyon Jezikri a, dispèsyon ak rasanbleman Izrayèl la, dènye jou yo, ak Milenyòm nan. Ou ka kenbe yon lis referans tou nan Ezayi ki anseye konsènan sijè sa yo.

  • Itilize èd pou etid lè yo disponib, tankou yon diksyonè, nòt anba paj Bib la, antèt chapit yo, ak Gid pou Ekriti yo.

(Gade tou 2Nefi 25:1–8.

Ezayi1; 3;5

“Sispann fè mal.”

Ezayi te avèti sanrete Wayòm Jida a konsènan kondisyon esprityèl yo. Apre lekti Ezayi1, 3, ak5, kijan ou ta dekri kondisyon espirityèl pèp la? Ki avètisman ou jwenn ki sanble aplikab nan epòk nou an?

An plis avètisman yo, ou gendwa ekri nòt tou sou mesaj espwa yo pou Izrayèl pechè a (gade, pa egzanp, Ezayi 1:16–20, 25–27; 3:10). Kisa nou aprann konsènan Senyè a nan mesaj sa yo?

Ezayi2; 4; 11–12

Bondye pral fè yon gran travay nan dènye jou yo.

Anpil nan sa Ezayi ekri yo se pwofesi ki gen siyifikasyon espesifik pou epòk nou an. Kiyès nan deskripsyon Ezayi yo sou dènye jou yo nan chapit2; 4; 11–12 espesyalman enspiran pou ou? (Doktrin ak Alyans 113:1–6 founi ide enteresan sou sa Ezayi11.) Kisa w aprann konsènan rasanbleman Izrayèl ak redanmsyon Siyon an? Kisa w santi w enspire pou w fè pou w ka sonje bagay sa yo?

Gade tou: Ezayi 5:26; 10:20.

Ezayi6

Se Bondye ki aple yo.

Nan chapit6, Ezayi rakonte istwa apèl li vin yon pwofèt. Pandan w ap li chapit sa a, kisa ki enpresyone ou konsènan eksperyans Ezayi te fè? Kijan chapit sa a enfliyanse fason w panse konsènan Senyè a, pwofèt li yo, ak travay yo jwenn apèl pou fè a?

Imaj
fi ki kenbe tibebe

“Paske, yon pitit fèt pou nou, yo ban nou yon pitit gason” (Ezayi 9:6).

Ezayi 7–9

Ezayi te pwofetize konsènan Jezikri.

Byen bonè nan ministè Ezayi a, wayòm Izrayèl la (ki rele tou Efrayim) te fòme yon alyans avèk Siri pou defann tèt li kont Asiri. Izrayèl ak Siri te vle fòze Aaz, wa Jide a, pou rantre nan alyans yo a. Men Ezayi te pwofetize ke alyans lan t ap echwe epi konseye Aaz pou konfye l nan Senyè a (gade Ezayi 7–9, espesyalman Ezayi 7:7–9; 8:12–13).

Jan Ezayi te bay Aaz konsèy la, li te fè anpil pwofesi byen koni, tankou sila yo nou jwenn nan Ezayi 7:14; 8:13–14; 9:2, 6–7. Pandan li pa totalman klè sa pwofesi sa yo te vledi nan epòk Aaz la, yo te klèman aplike ak Jezikri (gade tou Matye 1:21–23; 4:16; 21:44; Lik 1:31–33). Kisa nou aprann osijè Sovè a nan vèsè sa yo?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Ezayi 1:16–18.Pou ede manm fanmi yo konprann vèsè sa yo, ou ka li seksyon “Kèk nan nou Santi Nou pa Ka Bon Ase” apati mesaj Sè Sharon Eubank la “Kris: Limyè ki Briye nan Tenèb la” (Ensign oswa Lyawona, Me 2019,75). Oswa ou ka demontre kijan nou ka retire tach nan rad. Kijan mesaj Senyè a nan vèsè sa yo diferan de sa Satan vle nou kwè?

Ezayi 2:1–5.Manm fanmi yo ta ka pran yon vèsè epi fè desen sou sa li dekri. Kisa tanp lan anseye nou konsènan fason Senyè a aji? Nan ki fason nou beni lè nou “mache nan limyè Senyè a”? (Ezayi 2:5).

Ezayi 4:5–6.Kisa Senyè a pwomèt nou nan vèsè sa yo? Kisa pwomès sa yo gendwa vledi? Kijan l ap akonpli yo? Gade tou Egzòd 13:21–22.)

Ezayi 7:14; 9:1–7.Nan itilize desen oswa foto ki nan revi Legliz la genyen yo, ou ta ka fè yon postè ki ilistre kèk nan bagay nou apran konsènan Jezikri nan vèsè sa yo.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Kantik yo sigjere: “Tout au sommet des monts,” Cantiques, no. 154

Amelyore etid pèsonèl nou

Mande Senyè a èd. Pou konprann ekriti yo, nou bezwen revelasyon pèsonèl. Senyè a pwomèt:, “Mande, epi y ap ba ou;chèche, epi w ap jwenn; frape, epi y ap louvri pou ou” (Matye 7:7).

Imaj
Tanp Idaho Falls Idaho nan tanpèt

Ezayi te anseye ke tabènak la t ap tounen “yon plas pou refij” epi “yon pwoteksyon kont tanpèt ak kont lapli” (Ezayi 4:6).Tanp Idaho Falls Idaho