Ansyen Testaman 2022
5–11 Septanm. Ezayi 1-12: “Bondye Se Sali Mwen”


“5–11 Septanm. Ezayi 1-12: “Bondye Se Sali Mwen,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“5–11 Septanm. Ezayi 1—12,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
ansyen pwofèt k ap ekri

Pwofèt Ezayi predi nesans Kris la, pa Harry Anderson

5–11 Septanm.

Ezayi 1—12

“Bondye Se Sali Mwen”

Pawòl Ezayi yo gendwa difisil pou konprann. Pandan w ap konsidere fason pou ansenye timoun yo konsènan Ezayi, fokis sou verite senp ki ka fòtifye lafwa yo nan Jezikri.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite timoun yo pataje yon bagay yo te fè resamman pou yo viv levanjil la, tankou di yon priyè, montre jantiyès a yon moun, oubyen obeyi lòt kòmandman.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Piti yo

Ezayi 2: 2–3

Nan tanp lan nou aprann konsènan Jezikri.

Ezayi te wè yon lè kote tanp lan, “montay kay Senyè a,” ta pral atire moun nan “tout nasyon” pou vin ladan l Kijan w ka itilize pawòl ki nan vèsè sa yo pou ede timoun yo prepare yo pou jou kote yo ka ale nan tanp lan?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo desinen yon foto lakay yo. Apresa li ansanm Ezayi 2:2, epi envite yo pou yo desinen yon foto “kay Senyè a,” ki se yon tanp. Li vèsè 3 ansanm, epi envite yo ajoute a foto yo a. Poukisa nou vle ale nan kay Senyè a? Pataje temwayaj ou de benediksyon ki vini lè nou aprann de Senyè a nan kay Li.

  • Kite yon timoun kenbe foto yon tanp, epi mande timoun yo pou yo pale konsènan sa yo wè nan foto a. Mande timoun yo kisa yo renmen konsènan tanp. Li ansanm Ezayi 2:2–3 epi fè yo koute plis rezon ki ka fè nou renmen tanp lan. Di timoun yo poukisa ou renmen tanp lan.

  • Chante yon chan sou tanp avèk timoun yo, tankou “Oh, j aime voir le temple” Chants pour les enfants,99). Ede yo jwenn mo ak fraz nan chan an ki anseye sa tanp la ye ak sa nou fè ladan.

  • Desinen yon chemen sou tablo a, epi mete yon foto tanp oubyen Sovè a sou yon bò (gade Devlòpman Pèsonèl: Manyèl pou Timoun, 2-3). Kite timoun yo pran tou pou yo desine tèt yo k ap mache sou chemen an. Pandan y ap fè sa, envite yo repete fraz sa a ki soti nan Ezayi 2:3: “N ap mache nan chemen l yo.” Kisa nou ka fè pou nou mache nan chemen Senyè a?

Imaj
dam ki kenbe yon bebe

“Paske yon timoun te fèt pou nou, yo te bannou on pitit gason” (Ezayi 9:6.

Ezayi 9:6

Ezayi te pwofetize konsènan Kris la.

Tout pwofèt yo temwaye de Jezikri, enkli sa ki te viv lontan anvan nesans Li yo, tankou Ezayi. Konsidere kisa timoun yo ka aprann de Jezi nan pwofesi Ezayi a ki nan Ezayi 9:6la .

Aktivite posib

  • Pataje ak timoun yo “Ezayi Pwofèt la” (nan Istwa Ansyen Testaman yo). Pran poz de tanzantan pou timoun yo ka pale de sa Ezayi te konnen konsènan Jezikri anpil ane anvan nesans Li. Li Ezayi 9:6, pou timoun yo, epi envite yo pou yo repete avèk ou chak “non” Ezayi te di y ap rele Jezikri.

  • Ekri nan kèk moso papye kèk nan tit Jezikri yo ke nou jwenn nan Ezayi 9:6 (gade paj aktivite semèn nan). Envite chak timoun pou yo chwazi youn, epi ede timoun nan li tit lan pou klas la. Pale ak timoun yo konsènan sa chak tit vle di pou ou. Bay youn nan timoun yo yon foto Jezikri, epi mande l pou l pataje yon bagay konsènan Jezikri epi bay yon lòt timoun foto an. Kontinye aktivite sa a jiskaske tout timoun yo te gen chans pou yo pataje.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Gran yo

Ezayi 1:2–4, 16–19

Akoz de Jezikri, mwen ka repanti epi vin pwòp.

Ezayi t ap viv nan yon peryòd kote anpil nan moun li yo te vire do bay Senyè a. Men Senyè a te pwomèt yo ke peche te ka padone si yo te repanti. Li fè nou pwomès sa a tou.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo li Ezayi 1:2–4 epi pale konsènan kèk nan rezon ki te fè Senyè a pa t kontan ak pèp Jida a . Apresa li Ezayi 1:16-19 ansanm pou nou aprann sa Senyè a te envite moun yo pou yo te fè. Si sa nesesè, ede timoun yo konprann mo ak fraz difisil. Pou ede yo vizyalize vèsè18la, montre yon bagay ki wouj fonse ak yon bagay ki blan anpil. Kisa nou aprann konsènan mizerikòd Jezikri nan vèsè sa yo? Mande yo pou yo pataje sa yo santi konsènan kado padon Jezikri an, epi pataje sa w santi tou.

  • Ede yo memorize Ezayi 1:18. Ekri vèsè a sou tablo a, epi envite timoun yo resite l plizyè fwa, e chak fwa efase yon mo jiskaske yo ka resite l pa kè. Ou ta ka itilize moso papye ki gen pawòl de vèsè a ki ekri sou yo. Poukisa l enpòtan pou toujou sonje sa vèsè sa a ansenye an? Diskite kijan batize ak pran sentsèn fè pwomès sa a disponib pou nou.

Ezayi 2:2–5

Nan tanp lan nou aprann konsènan Jezikri.

Pwofesi Ezayi an konsènan “montay kay Senyè an” revele kèk nan benediksyon ki vini lè nou adore nan tanp avèk lòt benediksyon ki vini nan dènye jou sa yo. Reflechi sou fason w ka enspire timoun yo pou chache benediksyon sa yo.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo li sa Ezayi te wè nan Ezayi 2:2-3 epi desinen yon foto konsènan jan yo panse l te ye. Ou gen dwa eksplike ke Ezayi te rele tanp lan “montay kay Senyè a.“ Poukisa yon montay se yon bon senbòl pou tanp?

  • Envite timoun yo li Ezayi 2:2-3,5 epi idantifye nan yon bagay nan chak vèsè sa yo ki enspire yo pou y al nan tanp lan yon jou. Apresa li vèsè4 la ansanm, epi diskite jan tanp lan ede yo jwenn lapè ki te dekri nan vèsè sa a. Ede yo panse a fason yo ka prepare yo pou yo ale nan tanp.

Ezayi 7:14; 9:6-7

Ezayi te pwofetize konsènan Kris la.

Ezayi te pwofetize nesans yon timoun ki t ap chita sou twòn David lan epi etabli yon wayòm ki pa gen fen. Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo konprann pwofesi sa yo de Jezikri?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo bay ekzanp tit yon moun ka genyen, tankou tit ki asosye ak yon travay, yon apèl, yon ekip, oubyen on fanmi. Kisa tit sa yo di de moun ki genyen yo a? Ede timoun sa yo jwenn tit Jezikri yo nan Ezayi 7:14 ak 9:6-7. Kisa chak nan non sa yo anseye nou osijè li? Kisa nou aprann konsènan Jezikri nan vèsè sa yo?

  • Li ansanm Matye 1:21-23 ak Lik 1:31-33, epi diskite jan pwofesi Ezayi yo nan Ezayi 7:14; 9:6-7 te ekzose lè Jezikri te fèt.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Mande timoun yo pou reflechi ak yon bagay yo te aprann konsènan Sovè a ke yo ka pataje lakay yo ak fanmi yo, tankou youn nan non L yo.

Amelyore ansèyman nou

Ede yo bati konfyans nan tèt yo. Kèk timoun gen dwa pa santi yo kapab aprann levanjil la poukont yo. Yon fason pou ede yo bati konfyans se felisite yo lè yo patisipe nan klas la. Pwomèt timoun yo ke Sentespri a ap ede yo pandan y ap aprann nan.