Timoun yo ak Jèn yo
Ou se yon pitit presye Bondye.


“Ou se yon pitit presye Bondye,” Devlopman Pèsonèl: Manyèl pou Timoun yo (2019)

“Ou se yon pitit presye Bondye,” Devlopman Pèsonèl: Manyèl pou Timoun yo

Ou se yon pitit presye Bondye.

Yon lè, ou te abite avèk Papa nou ki nan Syèl la ki konnen tout bagay e ki renmen tout moun. Li vle ou vin tankou li! Li te ba w yon kò fizik, kapasite, ak don spirityèl. Li vle oumenm ak tout pitit li yo dekouvri epi devlope don sa yo. Li te ban nou yon plan pou ede nou gen lajwa ak pou nou beni lòt moun.

Imaj
syèl la ak fanmi

Ou sòt nan syèl la pou w vin sou latè. Ou fè pati yon fanmi.

Imaj
batèm

Ou fè alyans pou w suiv Jezikri lè w batize ak lè w ap pran Sentsèn.

Imaj
konfimasyon

Lè w konfime, ou resevwa don Sentespri a pou gide ou.

Imaj
moun ki deyò chapèl la

Ou ka jwenn lajwa ak lapè lè w chwazi pou w viv tankou Jezi tap viv.

Imaj
moun k ap fè aktivite

Ou ka aprann ak pwogrese. Ou ka renmen ak sèvi lòt moun jan Jezi t ap fè.

Imaj
Jezi ap anseye moun

Papa nou ki nan Syèl la te voye Pitit Gason l lan, Jezikri, kòm egzanp epi li rann posib pou w repanti ak chanje.

Imaj
fanmi ki deyò tanp la.

Nan tanp la, ou ka fè alyans ki pral ede w viv avèk Papa nou ki nan Syèl la ankò.