Timoun yo ak Jèn yo
Prensip Levanjil Mwen yo


“Prensip Levanjil Mwen yo,” Devlopman Pèsonèl: Manyèl pou Timoun yo (2019)

“Prensip Levanjil Mwen yo,” Devlopman Pèsonèl: Manyèl pou Timoun yo

Prensip Levanjil Mwen yo

Prensip Levanjil yo ede w aji nan fason Jezi t ap aji. Yo ba w ide pou nouvo aktivite pou w planifye ak fè.

  • M ap suiv plan Pè Selès pou mwen.

  • M ap sonje alyans batèm mwen epi m ap koute Sentespri a.

  • M ap chwazi bon bagay. M konnen m ka repanti lè m fè erè.

  • M ap onèt avèk Papa nou ki nan Syèl la, avèk lòt moun, ak tèt pa m.

  • M ap itilize non Pè Selès la ak Jezikri avèk reverans.

  • M pap sèmante ni itilize move pawol.

  • M ap fè bagay ki ap ede m santi m pre Pè Selès la ak Jezikri nan jou Saba a.

  • M ap onore paran m epi m ap fè pati pa m nan pou fòtifye fanmi m.

  • M ap kenbe panse m ak kò m sakre ak pwòp, epi m pap itilize bagay ki danjere pou mwen.

  • M ap abiye m avèk modesti pou m montre respè pou Papa nou ki nan Syèl la ak pou tèt pa m.

  • M ap li, m ap gade, epi koute sèlman bagay ki fè Papa nou ki nan Syèl la plezi.

  • M ap koute mizik ki fè Papa nou ki nan Syèl la plezi sèlman.

  • M ap chèche fè bon zanmi epi m ap trete lòt moun avèk jantiyès.

  • M ap viv diy kounyeya pou m ka al nan tanp epi fè pati pa m pou m gen yon fanmi etènèl.