Ansyen Testaman 2022
Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Pwofèt ak Pwofesi


“Panse Nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Pwofèt ak Pwofesi,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Pwofèt ak Pwofesi,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
senbòl panse

Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou

Pwofèt ak Pwofesi

Nan divizyon kretyen tradisyonèl Ansyen Testaman an, dènye seksyon an (soti nan Izayi pou rive nan Malachi) rele “Pwofèt yo.”1 Seksyon sa a, anviwon yon ka nan Ansyen Testaman an, genyen ladan l pawòl sèvitè otorize Bondye ki te pale avèk Senyè a e ki te pale apre sa pou Li pandan yo tap pataje mesaj Li a avèk pèp la ant 900 e 500 avan Jezikri.2

Pwofèt ak pwofesi jwe yon gwo wòl nan tout Ansyen Testaman an. Patriyach Abraram, Izaak, ak Jakòb te fè vizyon e yo te pale avèk mesaje selès. Moyiz te pale avèk Bondye fas a fas e li te kominike volonte L bay pitit Izrayèl yo. Liv ki nan 1 Wa ak 2 Wa yo rakonte travay ak mesaj memorab Pwofèt Eli ak Elize. Ansyen Testaman an pale de pwofetès tankou Miriam (gade nan Egzòd 15:20) ak Debora (gade nan Jij 4), ansanm avèk lòt fi ki te beni avèk espri pwofesi tankou Rebeka (gade nan Jenèz 25:21–23) ak Ana (gade nan 1 Samyèl 1:20–2:10). E menm si Sòm yo pa t ekri pa pwofèt ofisyèl, yo ranpli ak lespri pwofesi tou, espesyalman pandan y ap tann vini Mesi a.

Anyen nan sa pa vini kòm yon sipriz pou Sen Dènye Jou yo. An reyalite, levanjil retabli Jezikri a anseye nou ke pwofèt yo se pa sèlman yon pyès enteresan nan listwa men yon pati esansyèl nan plan Bondye a. Pandan ke kèk moun ta gen dwa panse ke pwofèt se pou Ansyen Testaman an sèlman, nou wè yo kòm yon bagay nou genyen an komen avèk epòk Ansyen Testaman an.

Jiskaprezan, li yon chapit nan Ezayi oswa Ezekyèl ta kapab sanble l diferan de li yon mesaj konferans jeneral Prezidan aktyèl Legliz la. Pafwa li kapab difisil pou moun wè ke pwofèt tan lontan yo te gen yon bagay pou yo di nou. Apretou, mond kote nou ap viv jodia diferan anpil de mond kote yo tap preche ak pwofetize a. Epi, lefèt ke nou gen yon pwofèt vivan an ta kapab soulve yon kesyon: poukisa efò a vo lapèn—e sa mande efò—pou nou li pawòl pwofèt tan lontan yo?

Yo gen yon bagay pou yo di nou.

Pou pifò pati ladan l, moun jodi a se pa piblik prensipal pwofèt Ansyen Testaman yo. Pwofèt sa yo te gen preyokipasyon imedya yo tap adrese nan tan pa yo a ak kote pa yo a—menm jan pwofèt tan modèn nou yo adresse preyokipasyon imedyat nou jodi a.

An menm tan, pwofèt yo kapab gade pi lwen ke preyokipasyon imedya yo tou. Yon bò, yo anseye verite etènèl, ki konsène moun nenpòt laj. Epi, kòm yo beni avèk revelasyon, yo kapab wè pi gwo imaj ak pi gwo pèspektiv travay Bondye a. Pa egzanp, Ezayi te non sèlman kapab avèti pèp nan epòk pa l la de peche yo—li te kapab ekri konsènan delivrans pou Izrayelit ki ta pral viv 200 zan nan lefiti yo tou epi an menm tan anseye sou delivrans tout pèp Bondye yo ap chèche a. Anplis de sa, li te kapab ekri pwofesi ki, menm jounnen jodia, toujou ap tann pou yo akonpli konplètman—tankou pwomès “yon nouvo tè” —l (Ezayi 65:17) ki “ranpli avèk konesans Senyè a” (Ezayi 11:9), kote tribi pèdi Izrayèl yo rasanble ak kote “nasyon yo” pa aprann lagè ankò” (Isaiah 2:4). Yon pati nan jwa ak enspirasyon ki soti nan lekti pawòl pwofèt Ansyen Testaman tankou Ezayi yo se reyalize ke nou jwe yon wòl nan jou gloriye yo te envizaje a.3

Konsa lè w li pwofesi tan lontan yo, li itil pou aprann konnen kontèks yo te ekri a. Men ou ta dwe wè tèt ou ladan yo tou, oubyen “konpare yo avèk [tèt ou],” jan Nephi te fè l la (gade nan 1 Nefi 19:23–24). Pafwa sa vle di rekonèt Babilòn kòm yon senbòl mondanite ak lògèy, pa sèlman kòm yon vil tan lontan. Sa ta ka vle di konprann Izrayèl kòm pèp Bondye nan nenpòt epòk epi konprann Siyon kòm koz pèp Bondye nan dènye jou a anbrase, olyede de sèlman yon lòt mo pou Jerizalèm.

Nou ka konpare ekriti yo paske nou konprann ke yon pwofesi kapab ranpli nan anpil fason.4 Yon bon egzanp sou sa se pwofesi ki nan Ezayi 40:3a: “Tande vwa yon moun k ap rele byen fò: -Pare chemen Seyè a nan dezè a.” Pou Juif ki te an kaptivite nan Babilòn yo, deklarasyon sa a ta kapab fè referans a Senyè a ki ap bayo wout soti nan kaptivite epi retounen Jerizalèm. Pou Matye, Mak, ak Lik, pwofesi sa a te akonpli nan Jan Batis ki te prepare wout pou ministè Sovè a nan mòtalite a.5 Epi Joseph Smith te resevwa revelasyon ki di ke pwofesi sa a toutjou ap akonpli nan tan modèn nan an preparasyon pou ministè milenyòm Kris la.6 Nan fason nou toujou rive konprann, pwofèt tan lontan yo te pale avèk nou vre. E yo te anseye anpil verite presye ak etènèl ki konsène nou menm jan yo te konsène Izrayèl tan lontan an.

Imaj
yon pwofèt tan lontan ki ap ekri

Plenitid Tan yo, pa GregK. Olsen

Yo temwaye konsènan Kris la

Li petèt menm pi enpòtan pou wè Jezikri nan pwofesi Ansyen Testaman an ke pou wè tèt ou ladan yo. Si w chèche L, w ap jwenn Li, menm si non L pa mansyone. Sa ta kapab itil pou kenbe nan lespri w ke Bondye Ansyen Testaman an, Senyè Jewova a, se Jezikri. Nenpòt lè pwofèt yo dekri sa Senyè a ap fè oswa sa Li pral fè, yo pale de Sovè a.

W ap jwenn referans a Yon Moun ki Wen (gade nan Ezayi 61:1), yon Redanmtè (gade nan Oze 13:14), ak yon fiti Wa k ap soti nan pami desandan David yo tou (gade nan Ezayi 9:6–7; Zakari 9:9). Tout bagay sa yo se pwofesi konsènan Jezikri. Pi jeneralman, w ap li konsènan delivrans, padon, redanmsyon, ak retablisman. Avèk Senyè a nan lespri w ak nan kè w, pwofesi sa yo ap oryante w tou natirèlman sou Pitit Gason Bondye a. Apretou, meyè fason pou konprann pwofesi se pou gen “lespri pwofesi,” ke Jan dekri pou nou kòm “temwayaj Jezi a” (Apokalips 19:10).

Nòt

  1. Yo fè referans souvan a Ezayi, Jeremi, Ezekyèl, ak Danyèl kòm Pi Gran Pwofèt akozde gwosè liv yo. Yo rele lòt pwofèt yo (Oze, Jowèl, Amòs, Abdias, Miche, Nawoum, Abakouk, Aje, Zakari, ak Malachi) Pwofèt Ki Pitit paske liv pa yo pi kout lontan. Yo konsidere liv Lamantasyon an kòm yon pati nan Ekriti yo, men pa kòm Pwofèt.

  2. Nou pa konn kijan yo te konpile liv pwofetik yo. Nan kèk ka, yon pwofèt kapab te sipèvize koleksyon ekriti ak pwofèsi l yo. Nan lòt ka, yo kapab te anrejistre yo e konpile yo apre lanmò li.

  3. Prezidan Nelson te di: “Annik panse a kontantman ak ijans ki nan tout bagay sa yo: chak pwofèt yo, kòmanse avèk Adan, te wè epòk pa nou an. Epi chak pwofèt te pale de epòk nou an, kote Izrayèl tap rasanble epi mond lan tap prepare pou Dezyèm Vini Sovè a. Reflechi sou sa! Pami tout moun ki te janm viv sou planèt tè a, nou se moun ki gen opòtinite pou nou patisipe nan gwo evenman rasanbleman final sa a. Ala bagay bay kè kontan!” Russel M. Nelson, , “Espwa Izrayèl” [devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen 2018], sipleman nan New Era ak Lyawona,2, ChurchofJesusChrist.org). Gade tou RonaldA. Rasband, “Akonplisman Pwofesi,” Ensign ou Lyawona, Me 2020, 75–78.

  4. Pandan l t ap pale de Ezayi, Sovè a te di: “Tout bagay li te pale yo te fèt e yo pral fèt, daprè jan l te pale a.” (3 Nefi 23:3; italik ajoute),

  5. Gade nan Matye 3:1–3; Mak 1:2–4; Lik 3:2–6.

  6. Gade nan Doktrin ak Alyans 33:10; 65:3; 88:66.