Ansyen Testaman 2022
29 Out–4Septanm. Pwovèb 1–4; 15–16; 22; 31; Eklezyas 1–3; 11–12: “Krent pou Senyè a se Kòmansman Sajès”


29 Out–4Septanm. Pwovèb 1-4; 15–16; 22, 31; Eklezyas 1–3; 11–12: ‘Krent pou Senyè a se kòmansman sajès,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

29 Out–4Septanm. Pwovèb 1–4; 15–16; 22; 31; Eklezyas 1–3; 11–12,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
yon mesye k ap li ekriti yo

29 Out–4Septanm

Pwovèb 1–4; 15–16; 22; 31; Eklezyas 1–3; 11–12

“Krent pou Senyè a se kòmansman sajès”

Konsidere kijan etid ou sou Pwovèb ak Eklezyas la ka ede w “louvri zòrèy ou pou jwenn sajès, epi aplike kè ou pou konprann” (Pwovèb 2:2).

Ekri Enpresyon w yo

Nan premye chapit liv Pwovèb yo, nou jwenn pawòl sa yo: “Pitit gason mwen, koute enstriksyon papa ou, epi pa rejte lwa manman ou” (Pwovèb 1:8). Nou ka konsidere Pwovèb kòm yon koleksyon pawòl sajès ki soti de yon paran eman, ke mesaj prensipal li sèke benediksyon lapè ak pwosperite vini jwenn moun ki chèche sajès—patikilyèman kalite sajès Bondye ofri a. Men apre Pwovèb yo nou jwenn liv Eklezyas la, ki sanble l di, “Sa pa osi senp”. Predikatè yo site nan Eklezyas la te obsève ke li “te aplike kè [li] nan aprann sajès” men sèlman jwenn “fristrasyon nan espri” ak “plis doulè” (Eklezyas 1:17–18). Nan anpil fason, liv la mande, “Èske ka genyen yon bonjan rezondèt nan yon mond kote tout bagay se vanite, pasaje, ak ensètitid?”

Epi sitou, pandan de liv yo konsidere lavi a apati pèspektiv diferan, yo anseye verite similè. Eklezyas deklare: “An nou tande konklizyon an sou tout bagay nèt: Krenn Bondye, epi kenbe kòmandman li yo: paske sa se tout devwa lòm” (Eklezyas 12:13). Sa se menm prensip la nou jwenn nan tout Pwovèb yo: “Konfye ou nan Senyè a avèk tout kè ou. … Pa kwè ou saj nan pwòp je pa ou: krenn Senyè a” (Pwovèb 3:5,7). Kèlkeswa sa ki genyen nan lavi a, menm lè l sanble konfizyon ak latwoublay, li toujou pi bon pou nou konfye nou nan Senyè a, Jezikri.

Pou yon koudèy sou liv sa yo, gade “liv Pwovèb yo” ak “Eklezyas” nan Diksyonè Bib la.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Pwovèb 1–4; 15–16

“Louvri zòrèy ou pou jwenn sajès.”

Liv Pwovèb yo ranpli ak ide konsènan sajès. Konsidere make mo “sajès” la ak mo yo ki anrapò, tankou “konesans” ak “konpreyansyon,” lè ou jwenn yo nan chapit 1–4 ak 15–16. Kòman vèsè sa yo afekte fason w panse a relasyon sa yo? Baze sou sa ou jwenn yo, kijan ou t ap dekri sajès ke “Senyè a bay la”? (Pwovèb 22:6). Konsidere kijan w ap chèche èd Senyè a pou rete “saj nan kè” (Pwovèb 16:21. Ki benediksyon ki soti nan sajès Bondye?

Gade tou Pwovèb 8–9; Matye 7:24–27; 25:1–13.

Pwovèb 1:7; 2:5; 16:6; 31:30; Eklezyas 12:13

Kisa “krentif pou Senyè a ye”?

Èldè DavidA. Bednar te eksplike: “Kontrèman a krentif mond lan ki kreye enkyetid ak anksyete, krentif pou Bondye se sous lapè, asirans, ak konfyans. … [Li] anglobe yon pwofon santiman reverans, respè, ak admirasyon pou Senyè a, Jezikri; obeyisans nan kòmandman l yo; ak yon antisipasyon pou Jijman Final la ak jistis nan men li. … Krentif pou Bondye se renmen ak gen konfyans nan li” (“Se poutèt sa yo te metrize krent yo,” Lyawona, Me 2015, 48–49).

Gade tou nan Pwovèb 8:13.

Pwovèb4

“Medite sou chemen w ap mache a”

Pwovèb4 dekri sajès ak ladwati kòm yon “wout” ak yon “chemen” (gade tou Pwovèb 3:5–6). Pandan w ap li chapit sa a, ou ka jwenn pasaj ki ede ou medite sou “chemen w ap mache a” (vèsè26) ak fason etap sa yo ap rale ou rive pi pre Senyè a. Pa egzanp, kisa vèsè 11–12 ak 18–19 anseye konsènan benediksyon yo nan suiv chemen dwat la? Kisa vèsè26 ak27 vledi pou ou?

Gade tou 2Nefi 31:18–21.

Pwovèb 15:1–2, 4, 18,28; 16:24–32

“Yon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè.”

Kèk nan pwovèb yo nan chapit 15 ak16 yo ka enspire nou pou amelyore fason nou kominike avèk lòt moun, espesyalman moun nou renmen yo. Pa egzanp, reflechi konsènan okazyon espesifik lè ou ka te itilize “yon repons dous” nan plas “pawòl mechan yo” (Pwovèb 15:1). Kijan konsèy ki nan Pwovèb 16:24–32 a ede w refelechi sou mo w ap itilize?

Konsidere ide sa a Èldè W.Craig Zwick te bay: “Yon ‘repons dous’ vledi yon repons rezone—avèk pawòl disipline ki soti nan yon kè enb. Sa pa vle di pou nou pa janm pale franchman ni pou nou konpwomèt verite doktrinal nou. Pawòl ki ka fèm nan enfòmasyon ka rete dous nan espri” (“Kisa W ap Panse?Lyawona, Me 2014,42).

Imaj
yon fi k ap nouri zwazo

Kimoun ki ka jwenn yon fi ki gen vèti?II pa Louise Parker

Pwovèb 31:10–31

“Yon fi ki krenn Senyè a, l ap jwenn louwanj.”

Pwovèb 31:10–31 dekri “yon fi ki gen vèti,” oswa yon fi ki gen gwo fòs, kapasite, ak enfliyans espirityèl. Ou ka eseye rezime nan pwòp mo pa ou kisa chak nan vèsè sa yo di konsènan li. Kisa nan trè sa yo li genyen ke ou ka kopye?

Eklezyas 1–3;12

Lavi mòtèl la tanporè.

Poukisa li enpòtan pou w sonje ke pifò bagay nan mond sa a, jan Eklezyas 1–2 afime a, se “vanite” (oswa tanporè epi souvan san enpòtans)? Kisa w jwenn nan chapit12 la ki bay lavi a enpòtans etènèl?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Pwovèb.Fanmi ou ta ka benefisye nan kreye pwòp “liv pwovèb ou,”—yon koleksyon konsèy saj nan ekriti yo ak pwofèt dènye jou yo.

Pwovèb 1:7; 2:5; 16:6; Eklezyas 31:-13–14.Pou ede manm fanmi yo konprann Pwovèb 1:7; 2:5; 16:6; Eklezyas 12:13, li ta ka ede pou ranplase mo krent la avèk mo tankou reverans, lanmou, oswa obeyisans (gade tou Ebre 12:28). Kijan definisyon sa a afekte fason nou panse konsènan vèsè sa yo? Kijan nou montre ke nou gen krent pou Senyè a?

Pwovèb 3:5–7.Pou ede manm fanmi w yo vizyalize kisa vèsè sa yo anseye, ou ka envite yo pou yo apiye sou yon bagay solid ak stab, tankou yon miray. Apresa yo ka eseye apiye sou yon bagay ki pa solid, tankou yon bale. Poukisa nou pa ta dwe “apiye sou pwòp konpreyansyon [nou]”? Kijan nou ka montre ke nou fè Jezikri konfyans avèk tout kè nou?

Pwovèb 15:1–2,18; 16:24,32.Kijan pawòl nou yo afekte elspri ki nan fwaye nou? Petèt manm fanmi yo ta ka fè pratik bay “yon repons dous” pou “pawòl mechan yo” epi eseye itilize sa yo aprann nan entèraksyon youn avèk lòt. Yon chan tankou “Soyons Gentils” (Chants pour les Enfants,83) ta ka ede ranfòse prensip sa a.

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “C’est l’amour,” Chants pour les enfants, 76.

Amelyore Etid Pèsonèl nou

Pawòl nan ekriti yo aplike pou tout moun. Kèk pasaj ekriti yo fè referans a gason sèlman oswa fi sèlman (tankou Pwovèb 3:13; 31:10). Nan pifò ka yo, toutfwa, prensip yo nan pasaj sa yo aplike ak tout moun.

Imaj
Jezi k ap gide de mouton nan forè

“Toujou sonje Senyè a nan tout sa w ap fè. Li menm la montre ou chemen pou ou pran (Pwovèb 3:6). Li gide Mwen, pa Yongsung Kim, havenlight.com