Ansyen Testaman 2022
22–28 Out. Sòm 102-103; 110; 116–119; 127–128; 135–139; 146–150: “Se Pou Tout Bagay Ki Gen Souf Louwe Senyè a”


“22–28 Out. Sòm 102-103; 110; 116–119; 127–128; 135–139; 146–150: ’Se Pou Tout Bagay Ki Gen Souf Louwe Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“22–28 Out. Sòm 102-103; 110; 116–119; 127–128; 135–139; 146–150,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Kris la avèk yon wòb wouj avèk moun ajenou ki antoure L

Tout Jenou ap Flechi, pa J. Kirk Richards

22–28 Out

Sòm 102–103; 110; 116–119; 127–128; 135–139; 146–150

“Se Pou Tout Bagay Ki Gen Souf Louwe Senyè a”

Sòm 119:105 la ansenye ke pawòl Bondye a se “yon limyè pou chemen [ou].” Pandan w ap li Sòm yo, ekri fraz ak ide ki enspire w ak ede ilimine chemen w pou ou retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la.

Ekri Enpresyon w yo

Non tradisyonèl Juif pou liv Sòm nan se yon mo Ebre ki vle di “louwanj.” Mo sa a, Tehilim, gen rapò avèk eksklamasyon “Alelouya” a tou (ki vle di “louwe Jewova” oubyen “louwe Senyè a”). Si w te gen pou w chwazi yon mo pou fè rezime mesaj prensipal Sòm yo “louwanj” se t ap yon bon chwa. Kèk nan Sòm yo gen envitasyon dirèk pou “louwe Senyè a” (gade espesyalman Sòm 146-50), epi yo tout ka enspire yon santiman adorasyon ak louwanj. Sòm yo envite nou reflechi sou pouvwa Senyè a, sou mizèrikòk Li, ak sou gwo bagay Li fè. Nou pa p janm ka peye L pou okenn nan bagay sa yo, men nou ka louwe L pou yo. Louwanj sa a ka gen fòm diferan pou moun diferan—li ka gen chante, priye, oubyen rann temwanyaj. Souvan sa mennen yon angajman pi pwofon anvè Senyè a ak anvè suiv ansèyman L yo. Kèlkeswa sa “louwe Senyè a” vle di nan lavi w, ou ka jwenn plis enspirasyon pou w fè sa lè w ap li ak reflechi sou Sòm yo.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Sòm 102–3116

Senyè a ka rekonfòte m nan soufrans mwen.

Note kijan Sòm 102:1-11 la dekri santiman anksyete ak izolman ki vini souvan pandan afliksyon yo. Petèt ou te gen santiman konsa, e deskripsyon sa yo ede w konprann eksperyans ou yo pi byen. Oubyen vèsè sa yo ka ede w konprann santiman lòt moun ki ap soufri.

Pandan w ap li Sòm 102:12-28; 103116yo, chèche fraz ki ba w konfyans ke w ka “rele non Senyè a” nan eprèv ou yo (Sòm 116:13). Ou gen dwa make, memorize, oubyen pataje ak lòt moun fraz ki ba w esperans nan Li yo.

Gade tou Ezayi 25:8; 2 Korentyen 1:3–7; Ebre 2:17–18; Alma 7:11–13; Evan A. Schmutz, “Bondye Ap Siye Tout Dlo Nan Je,” Liahona, Nov. 2016, 116–18.

Imaj
Jezi k ap geri

Gerizon, pa J. Kirk Richards

Sòm 110118

Sòm yo ka dirije m al jwenn Sovè a.

Sòm yo gen pasaj ki dirije nou vè lavi ak ministè Jezikri. Men kèk egzanp:

Ki verite vèsè sa yo anseye nou sou Jezikri? Nan ki fason konnen verite sa yo beni nou?

Pandan w ap li Sòm yo semèn sa a, kontinye pran nòt sou lòt pasaj ki ansenye w konsènan Sovè a. Ou ta ka li oubyen tande kèk nan kantik prefere w yo ki ede w panse avèk Li.

Sòm 119

Pawòl Bondye a ap kenbe m sou chemen Li.

Sòm sa a gen plizyè fraz ki konpare lavi nou avèk yon vwayaj pou n retounen al jwenn Papa nou Ki nan Syèl la. Pandan w ap li l, chèche mo tankou mache, chemen, fason, pye, ak pèdi. Reflechi a pwòp vwayaj lavi pa ou—kote w te ye, kote ou ye kounyea, ak nan ki direksyon ou prale. Kisa w aprann nan Sòm sa a sou vwayaj ou pou retounen lakay la? Selon Sòm sa a, kisa Bondye bay pou ede w rete sou bon chemen an?

Ou ta ka enterese konnen ke nan Ebre original la, premyè yuit vèsè yo nan Sòm 119 la kòmanse avèk premye lèt nan alfabè Ebre a. Pwochen yuit vèsè yo kòmanse avèk pwochen lèt la, e sa kontinye jis nan fen alfabè a.

Gade tou Ezayi 42:16; 2 Nefi 31:17-21; Alma 7:19-20.

Sòm 134-36

Senyè a pi puisan pase nenpòt idòl.

Note rezon yo bay nan Sòm 135:15-18 la sou rezon k fè l pa saj pou nou kwè nan fo dieu. Kisa w ka tante pou w fè konfyans ki tankou idòl yo dekri nan vèsè sa yo?

Ou ta ka fè yon lis sou bagay puisan Senyè a ka fè, jan sa dekri nan Sòm 134-36la. Ki bagay puisan Li te fè pou ou?

Sòm 146-50

“Louwe Senyè a.”

Pandan w ap li denye Sòm louwanj sa yo, reflechi sou rezon ou genyen pou w louwe Senyè a. Poukisa li enpòtan pou moun louwe Li? Nan ki fason ou ka louwe L?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Sòm 119:105.Petèt fanmi w ta ka kreye yon chemen epi mache ladann nan fènwa, pandan y ap itilize yon limyè pou klere chemen an devan w. Pandan w ap mache a, ou ta ka poze kesyon tankou “Kisa nan lavi nou ki tankou fènwa sa a?” oubyen “Kijan pawòl Bondye a se tankou yon limyè?” Chante yon chan sou limyè Bondye, tankou “Apprends moi à marcher dans la clarté” (Chants pour les enfants, 70–71), ka ede w ranfòse prensip yo ansenye nan Sòm 119:105la.

Sòm 127-28.Kisa sa vle di pou Senyè a ede nou “bati [kay] nou”? (Sòm 127:1). Nan ki fason nou ka pi byen enkli L nan efò nou pou nou kreye yon fwaye ki jis? Pou ede fanmi w reponn kesyon sa a, ou ta ka desine yon kay sou yon moso papye epi koupe l an pyès kastèt chinwa. Deyè chak pyès yo, manm fanmi an ta ka ekri oubyen desine fason pou fè Senyè a fè pati kay ou a. Apresa ou ta ka mete kastèt chinwa a ansanm. Kisa ankò nou jwenn nan Sòm sa yo ki enspire nou pou nou mache nan fason Senyè a?

Sòm 139.Apre nou fin li vèsè 1-4yo, manm fanmi an ta ka pale sou kijan yo vin konnen ke Bondye konnen yo pèsonèlman (gade tou vèsè 14-15, 23-24).

Sòm 146-50.Ou ta ka envite fanmi w li kèk vèsè nan Sòm 146-50 la awotvwa, pandan y ap eseye kominike santiman otè a. Nan ki fason nou ka eksprime louwanj nou bay Senyè a? Manm fanmi yo gen dwa ta renmen ekri pwòp Sòm louwanj pa yo epi pataje yo youn ak lòt.

Pou plis ide pou anseye timouno, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “Apprends moi à marcher dans la clarté,” Chants pour les enfants, 70

Amelyore ansèyman nou

Itilize anrejistreman odyo. Lè w ap anseye fanmi w ekriti yo, panse pou w koute vèsyon odyo ekriti yo, w ap jwenn nan ChurchofJesusChrist.org oubyen nan app. Bibliyotèk Levanjil la. Koute Sòm yo ka patikilyèman puisan paske yo te fèt pou resite yo awotvwa.

Imaj
chemen nan yon forè

“Fè m ale nan chemen kòmandman w yo; paske ladann mwen jwenn bonè” (Sòm 119:35).