Ansyen Testaman 2022
22–28 Out. Sòm 102–103; 110; 116–119; 127–128; 135–139; 146–150: “Se Pou Tout Sa ki Gen Souf Louwe Senyè a”


“22–28 Out. Sòm 102–103; 110; 116–119; 127–128; 135–139; 146–150: “Se Pou Tout Sa ki Gen Souf Louwe Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“22–28 Out. Sòm 102–103; 110; 116–119; 127–128; 135–139; 146–150,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Kris la abiye avèk wòb wouj ak moun ajenou ki antoure L

Tout Jenou Ap Pliye, tablo J. Kirk Richards

22–28 Out

Som 102–103; 110; 116–119; 127–128; 135–139; 146–150

“Se Pou Tout Sa ki Gen Souf Louwe Senyè a”

Si w bezwen ide adisyonèl pandan w ap prepare w pou anseye a, gade seksyon “Resous adisyonèl pou anseye timoun yo” ak “Satisfè bezwen timoun piti yo” nan kòmansman manyèl sa a.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a, epi envite timoun yo pou yo dekri sa k ap pase nan foto a. Ede yo wè koneksyon ant foto sa yo ak sa y ap aprann nan liv Sòm nan.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Piti yo

Sòm 119:105

Travay Bondye a tankou yon limyè.

Timoun w ap anseye yo sou chemen pou retounen al jwenn Pè Selès. Pawòl Bondye a ka ede yo sou chemen an kounyea ak atravè lavi yo.

Aktivite posib

  • Montre foto bagay ki mansyone nan Sòm 119:105yo, epi envite timoun yo pou yo mete foto yo nan lòd pandan w ap li vèsè a. Mande yo pou yo repete fraz nan vèsè a avèk ou pandan w ap pwente sou foto yo.

  • Envite yo pou yo pale sou sa yo t ap santi si yo ta nan fènwa. Ki bagay ki difisil pou fè nan fènwa? Ou ta ka envite yon timoun eseye fè yon bagay avèk je yo fèmen, tankou, desine yon foto. Ki bagay ki pi fasil pou fè lè gen limyè? Ede yo konprann kijan pawòl Bondye a, ki nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt vivan yo, klere chemen nou pou retounen kote Pè Selès la.

Sòm 139:1–3, 23

Pè Selès la ak Jezikri konnen m epi yo renmen m.

Atravè lavi nou, nou bezwen yo raple nou ke Pè Selès ak Jezikri konnen nou pèsonèlman. Sòm 139 ka ede ou anseye timoun yo ke Yo konnen yo epi Yo renmen yo.

Aktivite posib

  • Fè ti lis kout sou bagay ou konnen konsènan chak timoun. Pandan w ap li lis yo, yonn alafwa, mande timoun yo pou yo devine kiyès yo dekri. Li Sòm 139:1–3, epi ede yo konprann mo yo ka pa konnen. Temwaye ke Pè Selès ak Jezikri konnen yo trè byen—Yo konnen non yo, sa k fè yo kontan ak sa k fè yo tris, ak bagay yo ka fè byen.

  • Li Sòm 139:23, epi envite timoun yo mete men yo sou kè yo lè ou di “kè” epi pou yo touche tèt yo lè ou di “panse.” Pataje yon lè kote w te santi ke Bondye konnen kè ou ak panse ou.

Sòm 146:1, 5–9

M ka louwe Senyè a.

Louwe Senyè a vle di eksprime gratitid nou ak amou nou pou Li. Ede timoun yo aprann ke nou louwe L lè nou fè bagay tankou chante, priye, ak obeyi ansèyman L yo.

Aktivite ki posib

  • Envite timoun yo pataje eksperyans yo kote youn moun te louwe yo oubyen di yo ke yo fè yon bon travay. Pataje kèk nan bon bagay ki nan Sòm 146:6–9 ke Senyè a fè, epi envite timoun yo pale sou lòt bagay Li fè pou nou. Ede yo panse a fason yo kapab louwe L pou bagay sa yo.

  • Chante yon kantik louwanj, tankou “Le monde est si beau” (Children’s Songbook, 232). eksplike ke pou Izrayelit yo, Sòm yo te tankou kantik nou chante jodia pou adore ak louwe Bondye.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Sòm 102:1–2103

Senyè a ofri m rekonfò ak esperans.

Bondye konnen tribilasyon nou ak tristès nou, epi L vle rekonfòte ak ankouraje nou. Ede timoun yo bati lafwa yo nan Li pou yo ka retounen kote L lè yo bezwen.

Imaj
Gerizon Jezi

Gerizon, tablo J. Kirk Richards

Aktivite ki posib

  • Envite yonn nan timoun yo li 2 Sòm 2:1–3. Kòman Senyè a ka ede nou nan peryòd problèm nou yo? Kòman pou nou mande èd Li? Pataje yon eksperyans kote ou te santi Bondye tande priyè ou yo lè ou te nan bezwen, epi envite timoun yo pou yo pataje eksperyans ak temwayaj yo.

  • Envite timoun yo chèche pawòl rekonfò ak esperans nan Sòm 103a. Kòman pawòl sa yo ta ka ede moun ki rankontre difikilte? Ankouraje timoun pou yo ekri fraz yo wè ki siyifikatif pou raple yo ke Senyè a ka ede yo lè yo gen eprèv.

Sòm 119:105

Pawòl Bondye a ede m suiv chemen Li.

Byenke mond la parèt fènwa kèkfwa, pawòl Bondye a ap klere chemen nou ak ede nou retounen kote L.

Aktivite ki posib

  • Desine sou tablo a foto yon limyè (tankou yon lanp) ak foto ekriti yo. Envite timoun yo pou yo li Sòm 119:105. Kijan limyè ede nou? Kijan pawòl Bondye a ede nou? Mande timoun yo pou yo ekri repans yo sou tablo a bòkote ekriti yo. Kijan pawòl Bondye a tankou yon limyè? Kòman sa ede pou nou rete sou chemen ki dirije nou retounen kote Pè Selès?

  • Divize timoun yo dezade, epi bay chak pè timoun yonn nan pasaj ekriti sa yo: Sòm 119:47–48; Sòm 119:105; 1 Nefi 11:25; 2 Nefi 31:20. Envite yo li pasaj yo epi chèche bagay Pè Selès ba nou pou ede nou rete sou chemen pou retounen kote l la. Envite timoun yo medite ak pataje sa yo santi yo enspire pou yo fè gras ak sa yo aprann jodia.

  • Chante yon kantik sou suiv chemen Bondye, tankou “I Will Walk with JesusChurchofJesusChrist.org). Kisa nou aprann nan chan sa a sou fason pou nou rete sou bon chemen an?

Sòm 139:23–24

Pè Selès la ak Jezikri kapab ede m konnen kijan pou m amelyore.

Sòm 139 anseye ke Bondye konnen tout bagay konsènan nou, ansanm avèk fòs nou ak feblès nou. Si nou al jwenn Li, Li ka anseye nou sa nou dwe fè pou nou vin plis tankou Li.

Aktivite ki posib

  • Ekri pawòl ki nan Sòm 139:23–24 yo sou tablo a, epi envite timoun yo souliye mo ki dekri bagay Bondye ka fè pou nou. Poukisa nou ta bezwen Bondye fè bagay sa yo? Kòman nou ka envite L “kondui [nou] nan chemen etènèl”?

  • Ankouraje timoun yo pou yo “chèche” fason pa yo pou yo amelyore sou kat pwen konstrasyon nan pwogran Timoun ak Jèn nan—spirityèl, sosyal, fizik, ak entèlektyèl. Raple yo ke Senyè a konn kijan yo ka amelyore nan chak pwen sa yo, epi ankouraje yo pou yo chèche direksyon.

  • Chante yon kantik sou fason Pè Selès la ka ede nou amelyore, tankou dezyèm vèsè “Help Me, Dear Father” (Children’s Songbook, 99). Pataje fason Pè Selès ak Jezikri ede ou amelyore.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Okazyonèlman, ou ta ka envite yonn nan timoun yo ak youn manm nan fanmi l pataje avèk klas la kisa y ap fè pou aprann levanjil la lakay yo. Ankouraje rès timoun yo pataje ide yo avèk fanmi yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Itilize mizik. Chan Primè yo ak kantik yo kapab ede timoun yo konprann ak kenbe verite levanjil yo nan tèt yo nan yon fason memorab. Chante ka pèmèt timoun yo tou pou patisipe aktivman nan aprantisaj. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 22.)