Ansyen Testaman 2022
15–21 Out. Sòm 49–51; 61–66; 69–72; 77–78; 85–86: ““M Ap Deklare Sa Li Fè Pou Nanm Mwen”


“15–21 Out. Sòm 49–51; 61–66; 69–72; 77–78; 85–86: ‘M Ap Deklara Sa Li Fè Pou Mwen,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“15–21 Out. Sòm 49–51; 61–66; 69–72; 77–78; 85–86,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022

Imaj
Jezi ki kenbe yon lanp

Sove sa ki te pèdi), pa Michael T. Malm

15–21 Out

Sòm 49–51; 61–66; 69–72; 77–78; 85–86

“M Ap Deklare Sa Li Fè Pou Nanm Mwen”

Plan leson sa a idantifye kèk nan sijè doktrinal yo abòde nan sòm sa yo. Pandan w ap etidye a, kèk mo, kèk imaj, oswa ide ka atire atansyon ou. Kisa w santi Senyè a ap eseye di w?

Ekri Enpresyon w yo

Moun ki te ekri Sòm yo te pataje santiman ki pèsonèl anpil nan pwezi yo. Yo te ekri sou santiman dekourajman, laperèz, ak remò. Pafwa, yo te menm sanble yo te santi Bondye abandone yo, epi kèk sòm pote yon ton fristrasyon oswa dezespwa. Si w janm konn gen santiman tankou sa yo, li Sòm yo kapab ede w konnen ke ou pa poukont ou. Men w ap jwenn sòm ki kapab ankouraje w lèw w gen santiman sa yo tou, paske salmis yo te fè louwanj Senyè a pou bonte Li, yo te emèveye devan pouvwa Li epi yo te rejwi pou mizèrikòd Li. Yo te konnen ke mond lan akable anba mal ak peche men ke Senyè a “bon, e Li pare pou padone” (Sòm 86:5). Yo te konprann ke gen lafwa nan Senyè a pa vledi ke w p ap janm gen pwoblèm anksyete, peche, oubyen laperèz. Sa vle di ke w konnen kot Kimoun pou al jwenn lè w gen pwoblèm sa yo.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Sòm 49; 62:5–12

Redanmsyon vini sèlman pa lentèmedyè Jezkiri.

Sòm 49 la gen yon mesaj pou “gran kou piti, rich kou pòv” (vèsè 2). Kisa w ta di mesaj sa a ye? Kisa w santi Sòm 62:5–12 la ajoute sou mesaj sa a?

Li sòm sa yo kapab pòte w medite sou fason kèk moun mete lafwa yo nan lòt bagay olyede ke yo mete l nan Bondye pou redanmsyon (gade Sòm 49:6–7). Kijan lavi w enfliyanse pa temwayaj ou ke “Bondye ap delivre nanm [ou] anba pouvwa lanmò”? (vèsè 15).

Gade tou nan Pwovèb 28:6; Alma 34:8–17.

Sòm 51; 85–86

Akozde mizerikòd Sovè a, m ka jwenn padon pou peche m yo.

Pledwaye pou mizerikòd ki nan Sòm 51 yo, yo di se Wa David ki te ekri yo, limenm ki te koupab adiltè ak touye moun (gade nan 2 Samyèl 11). Menm lè peche nou yo pa grav konsa, nou ka santi nou konsène pa bezwen mizerikòd ki eksprime nan sòm sa a. Nou ka aprann yon bagay sou sa repanti vle di tou. Pa egzanp, ki mo oubyen fraz nan Sòm 51 an ki anseye w sou atitid nou dwe genyen pou nou ka repanti? Kisa w aprann sou efè Ekspyasyon Sovè a kapab genyen nan lavi w?

Ou ta kapab poze menm kesyon yo pandan w ap li Sòm 85–86yo. Ou ta kapab chèche fraz ki dekri Senyè a tou. Kijan fraz sa yo ranfòse lafwa w ke L ap padone w? (gade, pa egzanp, nan Sòm 86:5, 13, 15).

Gade tou nan Alma 36; Russell M. Nelson, “Nou Ka Fè Pi byen e Nou Ka Pi Bon,” Lyawona, Me 2019, 67–69; Carole M. Stephens, “Mèt Gerisè a,” Lyawona, Nov. 2016, 9–12.

Sòm 51:13–15; 66:16–17; 71:15–24

Temwayaj mwen konsènan Jezikri kapab ede lòt moun vin jwenn Li.

Medite sou kijan w te fè vin gen yon temwayaj konsènan Jezikri. Apre sa, pandan w ap etidye Sòm 51:13–15; 66:16–17; 71:15–24, reflechi sou kijan w ka envite lòt moun pou yo “Vini epi gade sa Bondye fè” (Sòm 66:5). Kisa “pale de jistis [Li] tout lajounen” vle di pou ou?Sòm 71:24). Kijan w ap di lòt moun “kisa li fè pou nam [ou]”Sòm 66:16).

Gade tou nan Mozya 28:1–4; Alma 26.

Imaj
de jenn gason ki ap pale ansanm

Nou kapab pataje avèk lòt moun temwayaj nou sou sa Senyè a fè pou nou.

Sòm 63; 69; 77–78

Senyè a ap ede m lè m gen bezwen ijan.

Plizyè sòm dekri, nan yon langaj vif, kijan sa ye lè moun santi yo lwen Bondye epi yo bezwen èd Li dezespereman. Ou ta kapab anvizaje chèche deskripsyon sa yo nan Sòm 63:1, 8; 69:1–8, 18–21; 77:1–9. Kisa w jwenn nan Sòm 63; 69; 77–78 yo ki te bay salmis sa yo asirans sa a?

Lè w deprime, kijan sa ede w pou w “sonje zèv Senyè a fè yo” ak “mèvèy otrefwa” L yo? (Sòm 77:11). Gen yon deskripsyon sou kèk nan mèvèy sa yo nan Sòm 78la. Pandan w ap li sa ki ekri sou yo, medite sou sa ki ede w “mete espwa [ou] nan Bondye” (vèsè 7). Ki eksperyans nan istwa fanmi w ki ba w enspirasyon?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Sòm 51:17.Reflechi sou kijan w ka anseye fanmi w kisa gen yon kè brize vle di. Pa egzanp, kèk manm nan fanmi w ta gen dwa yo chak pran tou pa yo pou kase epi ouvri yon koki ki di, tankou yon ze oswa yon labapen. Kijan nou ka di ke pafwa kè nou tankou yon koki? Kijan nou ka ouvri kè nou bay Senyè a? Reli Sòm 51 an ansanm ta kapab ba nou kèk ide.

Sòm 61:2–3.Kèk manm nan fanmi an ta kapab pran plezi pou desine kèk senbòl ki nan vèsè sa yo epi diskite kijan Jezikri se tankou yon gwo “wòch” wo, “yon abri pou [nou,” ak yon “yon fòtrès.”

Sòm 71:17; 78:5–7.Kisa Senyè a vle pou w “fè … pitit [ou] yo konnen”? (Sòm 78:5). Petèt chak manm fanmi an ta kapab pataje yon egzanp sou “zèv mèveye,” Senyè a, tankou istwa yon ekriti, yon eksperyans, oubyen yon temwayaj pèsonèl, ki ede yo “mete espwa yo nan Bondye” (Sòm 71:17; 78:7).

Sòm 72.Sòm 72 te ekri pa David konsènan pitit gason l Salomon, men anpil bagay ladan l ka aplike a Jezikri tou. Pandan fanmi w ap li sòm sa a, yo ta kapab kenbe yon foto Sovè a lè yo jwenn vèsè ki raple yo Jezikri. Kijan m ka ede akonpli dezi pou “tout tè a ranpli avèk glwa Li”Sòm 72:19; gade tou nan Doktrin ak Alyans 65:2).

Sòm 85:11.Vèsè sa a ta kapab enspire yon diskisyon sou evenman Retablisman levanjil la—kijan Liv Mòmon an se laverite ki “[te soti] nan tè a” ak kijan mesaje selès te desann “soti nan syèl la” (gade tou nan Moyiz 7:62). Video ““Preparation of Joseph Smith: Tutored by Heaven (Preparasyon Joseph Smith: Gide pa Syèl la” nan (ChurchofJesusChrist.org) dekri kèk nan evenman sa yo.

Pou plis ide pou anseye timoun, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “Oh! J ai Besoin de Toi,” Cantiques, no. 57.

Amelyore Ansèyman Nou

Itilize divèsite. Chèche kijan pou w ajoute varyete nan efò ou pou w anseye levanjil la. Si w fè sa, sa ap ajoute anrichisman ak bote nan eksperyans la. … Reflechi sou kijan mizik, istwa, imaj, ak lòt fòm bagay atistik kapab envite Lespri a” (Anseye nan Fason Sovè a, 22).

Imaj
yon moun ki ajenou devan Jezi

Pa Doute, Toma, pa J. Kirk Richards