Ansyen Testaman 2022
Panse Nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Li Pwezi nan Ansyen Testaman an


“Panse Nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Li Pwezi nan Ansyen Testaman an,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“Panse Nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Li Pwezi nan Ansyen Testaman an,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
senbòl panse

Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou

Li Pwezi nan Ansyen Testaman an

Nan liv Ansyen Testaman yo ki vini anvan liv Jòb la, nou prensipalman jwenn istwa—kontrandi naratif ki dekri evenman istorik nan yon pèspektiv espirityèl. Noye te bati yon lach, Moyiz te delivre Izrayèl, Àn te priye pou l te fè yon pitit gason, eksetera. Kòmanse avèk Jòb, nou jwenn yo estil ekriti diferan, kote ekriven Ansyen Testaman yo itilize langaj powetik pou yo eksprime santiman pwofon yo oubyen pwofesi monimantal nan yon fason memorab.

Nou deja wè kèk egzanp pwezi ki simaye nan tout liv istorik Ansyen Testaman yo. Epi soti nan liv Jòb la ale devan, nou ap wè pi plis pwezi toujou. Liv Jòb, Sòm, ak Pwovèb yo se prèske pwezi sèlman ki ladan yo, menm jan avèk kèk pati nan sa pwofèt tankou Ezayi, Jeremi, ak Amòs te ekri. Paske li pwezi ak li istwa se de bagay diferan, sa souvan mande yon apwòch diferan pou nou konprann pwezi. Men kèk ide ki ta kapab rann lekti w sou pwezi nan Ansyen Testaman yo pi siyifikatif.

Aprann konnen Pwezi Ebrayik la

Toudabò, sa ta bon pou w ta kenbe nan lespri w ke pwezi ebrayik ki nan Ansyen Testaman an pa baze sou rim, tankou kèk lòt tip pwezi. Epi,byenke rit, je mo, ak repetisyon son yo se eleman komen nan pwezi ebrayik tan lontan an, jeneralman yo pèdi nan tradiksyon an. Sepandan, yon karakteristik ou ka remake se repetisyon panse oswa ide, ke yo pafwa rele “paralelis” la. Vèsè sa a ki soti nan Ezayi gen ladan l yon egzanp senp sou sa:

  • Leve non, mòn Siyon! Leve non! Mete kouraj ou sou ou!

  • Mete pi bèl rad ou sou ou, ou menm Jerizalèm (Ezayi 52:1).

Ventnevyèm Sòm nan gen anpil fraz paralèl—men yon egzanp:

  • Vwa Senyè a se yon vwa ki puisan!

  • Se yon vwa ki ranpli majeste! (Sòm 29:4).

Epi men yon egzanp kote konnen ke dezyèm liy nan paralèl a premye a vrèman fè pasaj la pi fasil pou nou konprann:

  • Se mwen menm ki ba nou dan pwòp nan tout lavil nou yo,

  • kifè nou pa t ka jwenn pen nan tout demè nou yo (Amòs 4:6).

Nan egzanp sa yo, gen yon ide ki repete avèk ti diferans tou piti. Teknik sa a kapab aksantye ide ki repete a pandan l ap itilize diferans yo pou l dekri l oswa devlope l pi totalman.

Nan lòt ka, de fraz paralèl yo itilize menm kalite langaj la pou yo transmèt ide ki opoze, tankou nan egzanp sa a:

  • Yon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè.

  • Men, si ou reponn li rèd, w ap fè l pi ankòlè (Pwovèb 15:1).

Paralelis sa a pa t rive pa aksidan. Ekriven yo te fè l entansyonèlman. Li te pèmèt yo eksprime santiman oswa verite espirityèl nan yon fason ki te parèt puisan ak bèl pou yo. Konsa, lè w remake paralelis nan ekriti nan Ansyen Testaman an, mande tèt ou kijan l ap ede w konprann mesaj otè a. Pa egzanp, kisa Ezayi t ap eseye di lè l asosye “fòs” avèk “bèl rad” epi “Siyon” avèk “Jerizalèm”nan?Ezayi 52:1). Kisa nou kapab dedui nan fraz “yon repons dous” la si nou konnen ke “pawòl di” se opoze li? (Pwovèb 15:1).

Imaj
yon moun ki ap ekri sou yon pachemen

Li restore nanm mwen), pa Walter Rane

Pwezi Ebrayik la kòm yon nouvo zanmi

sa ta ka itil pou w ta konpare lekti pwezi a avèk rankontre yon nouvo moun. Pa egzanp, ou ta kapab konpare lekti pwezi Ansyen Testaman an avèk rankontre yon moun ki soti nan yon peyi byen lwen ak nan yon kilti etranje ki pa pale menm lang avèk nou—ak sa ki rive depi plis pase 2000 an. Pwobableman moun sa a ap di dè bagay nou pa konprann toudabò, men sa pa vle di moun nan pa gen okenn bagay valab pou l di nou. Avèk yon ti pasyans ak konpasyon, moun sa a nou fèk rankontre a kapab vin tounen yon zanmi chè pou nou alafen. Nou sèlman bezwen pase yon ti tan ansanm, pandan n ap eseye konprann bagay yo apati de pwennvi pa li. Nou gen dwa twouve ke nan kè nou, nou youn vrèman konprann lòt trè byen.

Konsa, premye fwa ou li yon pasaj nan Ezayi, paegzanp, konsidere l tankou se premye fwa ou rankontre ak yon moun ou fèk konnen. Mande tèt ou: “Ki enpresyon jeneral mwen?” Kijan pasaj sa a fè m santi m—menmsi w pa konprann okenn mo? Ansuit, li ankò, plizyè fwa si posib. Kèk moun jwenn plis sans nan yo si yo li pasaj yo awotvwa. Note mo espesifik Ezayi chwazi yo, sitou mo ki kreye yon imaj ki nan lespri ou. Kijan imaj sa yo fè w santi w? Kisa imaj mantal sa yo sigjjere sou jan Ezayi te santi l? Plis ou etidye pawòl powèt Ansyen Testaman sa yo, se plis w ap dekouvri ke yo te chwazi mo yo ak teknik yo delibereman pou yo te eksprime yon mesaj espirityèl pwofon.

Poèm yo kapab vin bon zanmi paske yo ede nou konprann santiman nou ak eksperyans pa nou. Poèm sa yo ki nan Ansyen Testaman an presye anpil, paske yo ede nou konprann santiman ak eksperyans pi enpòtan ak pi pwofon nou yo—sa ki konsène relasyon nou avèk Bondye yo.

Pandan w ap etidye pwezi ki nan Ansyen Testaman an, sonje ke etid ekriti a gen plis valè lè l mennen nou al jwenn Jezikri. Chèche senbòl, imaj, ak verite ki bati lafwa ou nan Li. Koute enspirasyon Sentespri a pandan w ap etidye a.

Liv Sajès

Gen yon kategori nan pwezi Ansyen Testaman yo ki rele “liv sajès.” Jòb, Pwovèb, ak Eklezyas fè pati de kategori sa a. Alòske sòm yo eksprime santiman louwanj, lamantasyon ak adorasyon, liv sajès yo yomenm konsantre sou konsèy oswa kesyon filozofik pwofon ki valab pou nenpòt epòk. Liv Jòb la, pa egzanp, eksplore jistis Bondye ak rezon ki fè lòm konnen soufrans. Pwovèb bay konsèy sou jan pou nou viv byen, senkli pwovèb saj ki kolekte e ki pase de jenerasyon an jenerasyon. Epi Eklezyas remete bi lavi a menm en kesyon—lè tout bagay sanble yo efemè epi yo rive pa aza, ki kote nou jwenn vrè siyifikasyon yo? Ou ta kapab konsidere liv sajès yo kòm konvèsasyon avèk gid enspire ki vle pataje kèk obsèvasyon sou Bondye ak mond Li te kreye a—e petèt pou ede w konprann bagay sa yo yon tijan pi byen ke jan ou te konprann yo anvan.