Ansyen Testaman 2022
25–31 Jiyè. Estè: “Ou Te Vini … pou yon Tan Konsa”


“25–31 Jiyè. Estè: Ou Vini … pou yon Tan Konsa’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: AnsyenTestaman 2022 (2021)

“25–31 Jiyè. Estè,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Estè k ap priye

Estè, pa James Johnson

25–31 Jiyè

Estè

“Ou Te Vini … pou yon Tan Konsa”

Pandan w ap li Estè a, chèche enspirasyon Lespri a ki koresponn avèk bezwen ou, epi ekri enpresyon w resevwa yo.

Ekri Enpresyon w yo

Anpil evenman yo rapòte nan liv Estè a ta ka sanble chans oubyen aza. Ki lòt fason ou ka eksplike kijan yon jèn tifi òfelen juif te rive vin rèn peyi Pès la jis nan bon moman pou sove pèp li a pou yo pa t tiye yo? Ki chans ki te genyen pou kouzen Estè a, Madoche, ta rive tande yon konplo pou yo asasinen wa a? Èske bagay sa yo sete aza, oubyen yo te fè pati yon plan diven? Èldè Ronald A. Rasband te note: “Sa ki kapab sanble yon senp chans la se, anfèt, sousipèvizyon yon Papa eman ki nan Syèl la. … Senyè a nan tout ti detay nan lavi nou” (“Pa dekrè diven,” Lyawona, Nov. 2017, 56). Nou gen dwa pa toujou rekonèt enfliyans Senyè a nan “ti detay sa yo.” Men nou aprann nan eksperyans Estè a ke Li kapab gide chemen nou epi prepare nou “pou yon tan konsa” (Estè 4:14) kote nou ka vin enstriman nan men Li pou ranpli objektif Li.

Pou yon koudèy jeneral sou liv Estè a, gade nan “liv, Estè a” nan Diksyonè Bib la.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Estè

Senyè a kapab fè m vin yon enstriman pou beni lòt moun.

Sè Anne C. Pingree te ansenye: “Vini yon enstriman nan men Bondye se yon gwo privilèj ak yon responsablite sakre. Kèlkeswa kote n ap viv, kèlkeswa sikonstans nou, kèlkeswa sitiyasyon matrimonyal nou oubyen laj nou, Senyè a bezwen chak nan nou pou ranpli wòl unique pa [nou] an nan bati wayom Li a nan dènye dispansasyon sa a” (“Konnen Volonte Senyè a pou Ou,” Lyawona, Nov. 2005, 112).

Pandan w ap li istwa Estè a, medite sou fason deklarasyon sa a aplike a limenm. Chèche fason Senyè a te rann posib pou l te sove Juif yo (gade, paregzanp, Estè 2:21–23; 3:10–14; 4:14–16). Apresa medite sou fason Li te gide lavi ou nan fason ki pèmèt ou beni lòt moun. Nan ki sikonstans oubyen relasyon ou santi Li te gide ou “pou yon tan konsa”?Estè 4:14 Si w gen yon benediksyon patriyakal, panse pou w li l pou w ka aprann plis apwopo travay Senyè a genyen pou w fè.

Estè 3; 5:9–147

Ogèy ak kolè ka kondui nan defèt.

Nan liv Estè a, nou aprann sou fidelite Estè ak Madoche osibyen ke ògèy ak kolè Haman. Pandan w ap li Estè 3; 5:9–14la, panse pou w note santiman, pawòl ak aksyon Haman yo. Kisa yo revele sou li ak sou motivasyon li? Ki konsekans li te rankontre? (gade Estè 7). Li apwopo Haman ka pouse w evalye sa k motive santiman ak aksyon ou. Èske w enspire pou w fè kèk chanjman? Kijan w ka vire al jwenn Pè Selès la pou èd?

Gade tou Pwovèb 16:32; Alma 5:28.

Estè 3–4; 5:2–3; 8:11–12

Jene demontre depandans mwen sou Senyè a.

Remake kondisyon ki te pouse Estè ak rès Juif yo pou yo jene a (gade Estè 3:13; 4:1–3, 10–17). Kijan jene te yon benediksyon pou yo? (gade Estè 5:2–3; 8:11–12). Poukisa Senyè a mande nou pou jene? (gade Sijè Levanjil yo, “Jene ak Ofrann Jèn,” topics.ChurchofJesusChrist.org). Konsidere sa w kapab fè pou fè jèn vin yon pi gran benediksyon nan lavi ou.

Gade tou Ezayi 58:6–12; Matye 4:1–4; 17:14–21; “Jene: Pawas Jèn Adilt Selibatè, Amanda” (videyo), ChurchofJesusChrist.org.

Estè 3:1–11; 4:10–17; 5:1–4

Fè sa ki byen souvan mande gwo kouraj.

Lè Madoche ak Estè t ap defann kwayans yo a, yo te mete lavi yo an danje. Chwa nou yo gen konsekans ki gen dwa mwens grav, men fè sa ki dwat ka toujou mande kouraj. Kisa w aprann nan Estè 3:1–4; 4:10–17 la sou gen kouraj pou w fè sa ki byen? Note konsekans diferan Madoche ak Estè te sibi apre yo te fin montre kouraj la (gade Estè 3:5–11; 5:1–4). Kisa yon moun ta bezwen konnen apwopo Bondye pou l ka fè chwa Estè ak Madoche te fè a—fè sa ki byen malgre konsekans yo?

Pwochèn fwa w ap panse sou konsekans ki genyen nan fè sa ki byen, ou ta ka aplike pawòl kouraje Estè yo ki nan Estè 4:16 la nan pwòp sitiyasyon pa ou. Paregzanp, ou ta kapab di tèt ou, “Lè m chwazi fè sa ki byen, si m [pèdi zanmi], mwen [pèdi zanmi].”

Thomas S. Monson, “Se Pou w Gen Kouraj,” Lyawona, Me 2009, 123–27.

Imaj
Estè ak Wa a

Estè devan Wa a pa Minerval K. Teichert

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Estè 1–10.Apre w fin revize istwa Estè a (gade “Rèn Estè” nan Istwa Ansyen Testaman yo oubyen videyo “Pou yon Tan Konsa,” a nan ChurchofJesusChrist.org), fanmi w ta ka kontan fè senp maryonèt sou kèk nan pèsonaj yo (gade paj aktivite semèn sa a nan Vini, Suiv mwen—Pou Primèa). Apresa yo ta ka itilize yo pou rakonte istwa a. Ou ta ka chante yon chan sou bravou ak fidelite tou, tankou “Fais donc le bien” (Chants pour les enfants, 80) oubyen “Fais ton devoir” (Cantiques, no. 153). Ki pawòl nan chan an ki raple nou de Estè?

Estè 2:5–7.Kisa nou ka aprann nan egzanp Madoche a sou ede manm fanmi nou nan moman eprèv? Kiyès nan fanmi nou ki bezwen sipò nou? Fè yon plan pou ede yo.

Estè 4:15–17Kouraj Estè te ka enspire fanmi w pou yo diskite sou fason pou yo devlope kouraj pou defann laverite nan sitiyasyon y ap travèse. Kisa Estè te vle di lè l te di “Si m peri, mwen peri” a? Kijan pawòl li yo aplike a nou lè nou bezwen rete brav? Videyo “Kouraj” la (ChurchofJesusChrist.org) bay kèk egzanp.

Estè 9:26–32.Fèt Juif ki rele Purim nan te etabli pou moun yo te sonje istwa Estè a. Nan lè repa semèn sa a, panse pou w rakonte istwa sou lè manm fanmi w, enkli zansèt ou yo, te beni lòt moun nan defann sa ki byen jan Estè te fè a.

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “Fais donc le bienChants pour les enfants, 80.

Amelyore ansèyman nou

Imite lavi Sovè a. “Pouvwa Sovè a pou anseye ak edifye lòt moun te soti nan fason li te viv ak nan kalite moun li te ye a. Plis ou chèche avèk dilijans pou w viv tankou Jezikri, se plis w ap kapab anseye menmjan avèk Li” (Anseye nan fason Sovè a, 13).

Imaj
Estè

Rèn Estè, pa Minerva Teichert, ©William ak Betty Stokes