Ansyen Testaman 2022
11–17 Jiyè. 2 Wa 17–25: “Li te Fè Senyè Bondye Izrayèl la Konfyans”


“11–17 Jiyè. 2 Wa 17–25: ‘Li te Fè Senyè Bondye Izrayèl la Konfyans,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“11–17Jiyè. 2 Wa 17–25,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
moun yo ap kite yon vil detwi

Prizonye yo sove, pa James Tissot ak lòt

11–17 Jiyè

2 Wa 17–25

“Li te fè Senyè Bondye Izrayèl la Konfyans”

Lè Jozye te tande pawòl ki nan liv lalwa a, li te reyaji ak lafwa. Kijan w ka reyaji ak lafwa avèk sa w li nan 2 Wa 17–25la?

Ekri Enpresyon ou

Malgre ministè enpresyonan pwofèt Elize a, espirityalite Wayòm Nò Izrayèl la te kontinye bese. Wa mechan yo t ap ankouraje idolatri, epi lagè ak apostazi te anpil. Finalman Anpi Asiryen an te konkeri epi dispèse dis tribi Izrayèl yo.

Pandan tan sa a, Wayom Sid Jida a pa t pi bon; te gen anpil idolatri la a tou. Men nan mitan tout dekadans espirityèl sa a, istwa ekriti yo mansyone de wa jis ki, pandan yon tan, te fè pèp yo a vire tounen al jwenn Senyè a. Youn ladan yo se te Ezekyas. Pandan rèy li a, Asiryen yo ki te fèk vin gen laviktwa nan wayòm nò a, te konkeri anpil pati nan sid la tou. Men Ezekyas ak pèp li a te montre lafwa yo nan Senyè a, ki te delivre Jerizalèm nan yon fason mirakile. Pita, apre yon lòt peryòd apostazi, Jozyas te kòmanse reye. Enspire an pati apre l te fin redekouvri liv lalwa a, Jozyas te pote refòm ki te renouvle lavi relijye anpil nan pèp li a.

Kisa nou ka aprann nan de pati briyan sa yo nan peryòd fènwa istwa Jida a? Pami lòt bagay, ou ta ka reflechi sou pouvwa lafwa ak pawòl Bondye an nan lavi w. Menmjan ak Izrayèl ak Jida, nou tout ka fè bon chwa ak move chwa. Epi, lè nou santi nou bezwen refòm nan lavi nou, petèt egzanp Ezekyas ak Jozyas yo ka enspire nou pou nou “fè Senyè Bondye nou an konfyans” (2 Wa 18:22).

Gade tou 2 Kwonik 29-35; seksyon “Ide pou Kenbe nan Lespri” nou an “Jezi Ap Di Tout Izrayèl, ‘Vin Lakay.’”

Imaj
Learn More image
Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

2 Wa 18–19

M ka rete fidèl anvè Senyè a pandan moman difisil yo.

Pifò nan nou konn fè eksperyans moman ki mete lafwa nou aleprèv. Pou Ezekyas ak pèp li a, youn nan moman sa yo te vini lè lame Asiryen an te anvayi Jida, epi detwi plizyè vil, e l t ap apwoche vin nan Jerizalèm. Pandan w ap li 2 Wa 18–19la, imajine ke w t ap viv Jerizalèm pandan tan sa a. Kijan w t ap santi w, paregzanp, pou w ta tande mokri Asiryen yo jan sa rapòte nan 2 Wa 18:28-37 ak 19:10–13la? Kisa w aprann nan sa Ezekyas te fè an repons la? (gade 2 Wa 19:1-7,14-19). Kijan Senyè a te soutni Ezekyas? (gade 2 Wa 19:35-37). Reflechi sou fason Li soutni w nan moman difisil yo.

Ou ta ka reflechi tou sou deskripsyon Ezekyas la nan 2 Wa 18:5-7la. Kisa vèsè sa yo sigjere sou k fè Ezekya te ka rete fidèl lè difikilte yo te vini an? Kijan w ka suiv egzanp li?

Gade tou 3 Nefi 3-4; D. Todd Christofferson, ”Fèm ak Inebranlab nan Lafwa nan Kris la,” Liahona, Nov. 2018, 30–33.

2 Wa 19:20-37

Tout bagay nan men Senyè a.

Sancherib, wa Asiri a, te gen bon rezon pou l te kwè ke lame l la t ap konkeri Jerizalèm. Asiri te bat plizyè nasyon, enkli Izrayèl—poukisa Jerizalèm ta dwe diferan? (gade 2 Wa 17; 18:33–34; 19:11–13). Men Senyè a te gen yon mesaj pou Sancherib, ke pwofèt Ezayi te bay epi li te ekri nan 2 Wa 19:20–34. Kijan w t ap rezime mesaj sa a? Ki verite ou jwenn nan vèsè sa yo ki ede w gen lafwa nan Senyè a ak nan plan L lan?

Gade Elaman 12:4–23; Doktrin ak Alyans 101:16.

2 Wa 21–23

Ekriti yo ka vire kè m al jwenn Senyè a.

Èske w konn janm santi w manke yon bagay espirityèlman? Petèt ou konn santi relasyon w avèk Bondye ta ka pi solid. Kisa ki te ede w vire jwenn Li? Reflechi sou kesyon sa yo pandan w ap li sou fason Wayòm Jida a te vire do bay Bondye anba Wa Manase (gade 2 Wa 21) ak kijan Wa Jozyas te ede yo rekonsakre tèt yo bay Bondye ankò (gade 2 Wa 22-23). Kisa ki te enspire Jozyas ak pèp li a? Istwa sa a ka enspire w renouvle angajman w pou w “mache avèk Senyè a … ak [tout] kè w ak [tout] nanm ou” (2 Wa 23:3).

Pandan w ap li chapit sa yo, panse pou w etidye chapit 6 nan Enseignements des présidents de l église: Spencer W. Kimball la tou ([2006], 59-68), kote Prezidan Kimball te sigjere ke istwa Wa Jozyas la “se youn nan pi bèl istwa nan tout ekriti yo” (paj 62). Poukisa Prezidan Kimball dwe te santi l fason sa a? Kisa w twouve nan pawòl Prezidan Kimball yo, espesyalman nan kòmantè l konsènan Wa Jozyas yo, ki ede w aplike 2 Wa 22-23 a nan lavi w?

Gade tou Alma 31:5; Takashi Wada, “Fè festen ak Pawòl Kris la,” Liahona, Me 2019, 38–40; “Josias et le livre de la loi” (video), ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
yon fanmi k ap etidye ekriti yo

Ekriti yo ka ede nou vire kè nou bay Senyè a.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

2 Wa19:14–19.Kisa nou ka aprann nan egzanp Ezekyas la ki ka ede nou lè nou gen kesyon oubyen pwoblèm difisil? Kijan Senyè a reponn a priyè demann èd nou yo? Petèt chak manm nan fanmi an ka fè yon bagay pou afiche nan kay la ki ap raple yo pou yo al jwenn Senyè a.

2 Wa 22:3–7.Yo te fè travayè yo dekri nan 2 Wa 22:3-7 yo konfyans ak kòb ki te itilize pou te rebati tanp lan “paske yo te aji fidèlman” (vèsè 7). Apre w fin li vèsè sa yo, ou ta ka mande manm fanmi an pou yo site kèk bagay yo fè yo konfyans avèk yo. Kijan nou ka vin diy de konfyans tankou travayè yo dekri nan vèsè sa yo?

2 Wa 22:8–11, 19; 23:1–3.Kisa k enpresyone nou nan fason Jozyas ak pèp li a te reyaji devan pawòl Bondye a? Kijan nou reyaji a pawòl Bondye a nan ekriti yo? Manm fanmi w yo ta ka pataje pasaj ekriti oubyen istwa ki te ogmante dezi yo pou yo suiv Papa nou Ki nan Syèl la ak Jezikri.

2 Wa 23:25.Kisa k atire atansyon nou sou deskripsyon Jozyas bay nan vèsè sa a? Fanmi w ta ka desine sou kè an papye bagay yo ka fè semèn sa a pou yo vire jwenn Senyè a ak tout kè yo.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “Pour sonder tes Ecritures,” Cantiques, 163

Amelyore etid pèsonèl

Chèche mo ak fraz enspire. Pandan w ap li, Lespri a ka atire atansyon w sou kèk pawòl oubyen kèk fraz. Yo ka enspire w ak motive w; ou ka menm santi se pou ou yo te ekri.

Imaj
mesye k ap pote woulo bay wa a

Ilistrasyon yon sekretè k ap pote yon woulo ekriti bay Wa Jozyas, pa Robert T. Barrett