Ansyen Testaman 2022
11-17 Jiyè. 2 Wa 17–25: “Li Te Fè Senyè Bondye Izrayèl la Konfyans”


11-17 Jiyè. 2 Wa 17–25: ‘Li Te Fè Senyè Bondye Izrayèl la Konfyans,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“11 – 17 Jiyè. 2 Wa 17–25,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Moun ap kite vil detwi a

Prizyonye yo k ap chape, pa James Tissot ak lòt

11–17 Jiyè

2 Wa 17–25

“Li Te Fè Senyè Bondye Izrayèl la Konfyans”

Pandan w ap planifye aktivite pou timoun yo aprann, sonje ke aktivite pou timoun piti nan plan sa a ka adapte pou timoun ki pi gran yo tou, e ou ka fè menm bagay la pou anseye sa pi piti yo tou.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Ekri non chak timoun sou yon fèy papye, epi mete mòso papye yo nan yon bòl. Nan kòmansman klas la, kite timoun yo youn apre lòt chwazi you non. Lè yo pran non yon timoun, envite timoun sa a pou l pataje yon bagay li te aprann konsènan levanjil la oubyen konsènan Jezikri pa twò lontan. Kontinye aktivite a jiskaske chak timoun gen yon opòtinite pou yo pataje yon bagay.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun pi Piti yo

2 Wa 18:3, 5

M ka fè Papa nou Ki Nan Syèl la ak Jezikri konfyans.

Egzanp Ezekya nan 2 Wa 18:3, 5 la ka ede timoun w ap anseye yo mete konfyans yo nan Bondye.

Aktivite posib

  • Site kèk bagay yon bon wa ta fè ak kèk bagay yon move wa ta fè. Mande timoun yo pou yo kanpe epi aplodi pou bagay ki bon epi chita pou bagay ki pa bon yo. Eksplike timoun yo ke Izrayèl te gen plizyè wa, kèk te jis e genyen ki pa t jis. Envite timoun yo tande sa k te fè Ezekyas yon bon wa pandan w ap li 2 Wa 18:3, 5. Ede yo reflechi sou fason nou ka montre konfyans nan Senyè a menmjan ak Ezekyas.

  • Ede timoun yo konprann kisa konfyans nan yon moun vle di. Pale de moun ou fè konfyans, epi kite timoun yo fè sa tou. Montre yon foto Jezikri. Poukisa nou ka fè Jezikri konfyans? Eksprime konfyans ou ke Jezikri renmen nou e L ap ede nou retounen viv ak Papa nou Ki nan Syèl la pou tout tan.

2 Wa 22:8–11; 23:2

Ekriti yo se yon benediksyon.

Menm si timoun piti yo gen dwa pa kapab li oubyen konprann tout bagay nan ekriti yo, pouvwa ekriti yo ka beni yo. Kisa ou ka fè pou ede yo gen yon dezi jwenn benediksyon pawòl Bondye a?

Aktivite posib

  • Kache yon kopi ekriti yo yon kote nan sal la, epi envite timoun yo jwenn li. Eksplike ke nan epòk Wa Jozyas la, anpil moun pa t ap aprann de ekriti yo jiskaske yon prèt te jwenn yo nan tanp lan (wè 2 Wa 22:8–11). Kisa ekriti yo ye? Poukisa nou bezwen ekriti yo? Di timoun yo poukisa nou kontan nou gen ekriti yo jodi a, epi kite yo pataje santiman yo konsènan ekriti yo.

  • Li 2 Wa 23:2 pou timoun yo, epi mande yo pou yo tande kisa wa a te fè avèk ekriti yo. Poukisa l te enpòtan pou tout moun te tande sa k te ekri nan ekriti yo? Chante yon chan sou ekriti yo, tankou “Quand je lis l Ecriture sainte” (Chants pour les enfants,66), epi mande timoun yo pou yo pale de jan yo santi yo lè yo tande ansèyman ak istwa nan ekriti yo.

    Imaj
    yon fanmi ap etidye ekriti yo

    Ekriti yo ka ede vire kè nou bay Senyè a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Pi Gran yo

2 Wa 18:3–6; 19:14–19

M ka fè Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri konfyans.

Lè Asiryen yo te menase Jerizalèm, Wa Ezekyas ki te jis te vire al jwenn Senyè ak lafwa. Egzanp Ezekyas la ka ede oumenm ak timoun yo pale de kijan nou ka montre lafwa nou nan Senyè a menm lè lafwa sa a anba eprèv.

Aktivite posib

  • Avèk kat biblik nimewo 3 a, “Divizyon 12 Tribi yo,” eksplike timoun yo byen rapid ke pèp ki te rele Asiryen an te konkeri Wayòm Nò Izrayèl la. Eksplike ke Asiryen yo te eseye konkeri Wayòm Sid Jide a nan apre. Envite yo pou yo imajine kijan yo t ap santi yo si yo t ap viv nan Jide epi yo te konnen ke Asiryen yo t ap vin detwi vil la. Mande yo pou yo li 2 Wa 18:3, 5–6 pou yo ka konn poukisa Ezekyas, wa Jida a, te ka brav lè Asiryen yo te vini.

  • Envite timoun yo pou yo li 2 Wa 19:14–19, epi chèche sa Ezekyas te fè lè Asiryen yo te menase wayòm ni an. Kòman fè bagay sa yo montre ke l te gen konfyans nan Senyè a? Kisa nou ka fè pou nou montre konfyans nou nan Senyè a lè nou bezwen èd?

2 Wa 22:8–13; 23:2–3

Ekriti yo anseye mwen kijan pou m suiv Jezikri.

Apre anpil ane fènwa spirityèl, Juif yo te renouvle angajman yo bay Senyè a. Sa te pase paske wa Jozyas te dekouvri liv lwa a ankò e l te li l pou pèp la. Istwa sa a ka ede timoun yo konprann poukisa ekriti yo gen tout valè sa a.

Aktivite posib

  • Di timoun yo ke Wa Jozyas te di pèp li a pou yo repare tanp lan, e yo te fè sa, e pandan yo t ap fè sa, yo te jwenn yon bagay ki gen anpil valè. Envite timoun yo li 2 Wa 22:8–11 pou yo ka konnen kisa l te ye. Eksplike ke liv yo te jwenn nan te gen alyans ak kòmandman pitit Izrayèl yo pa t konnen. Kisa k ta ka pase avèk nou si nou pa t gen ekriti yo? Mande timoun yo poukisa yo rekonesan dèske nou gen ekriti yo. Poukisa l t ap pi difisil pou nou suiv Sovè a si nou pa t gen ekriti yo?

  • Bay chak timoun yo yon mòso papye, epi mande yo pou yo chire li. Eksplike ke nan epòk Wa Jozyas la, pafwa moun te konn chire rad yo lè yo te fache. Mande timoun yo pou yo chèche mo “chire” a nan 2 Wa 22:11. Kisa k te fè Jozyas fache? Ede timoun yo jwenn repons nan vèsè 13la. Poukisa li enpòtan pou nou li ekriti yo regilyèman?

  • Li 2 Wa 23:2-3 ansanm, epi mande timoun yo pou yo chèche kijan ekriti yo te ede Jozyas ak pèp li a. Pataje yon ekriti ki te enspire w pou w “suiv Senyè a” (vèsè 3), epi envite timoun yo pataje ekriti ki te ede yo. Chante ansanm “I Will Walk with Jesus” (ChurchofJesusChrist.org).

2 Wa 23:3

M ap kenbe alyans mwen avèk Bondye.

Lè Jozyas ak pèp li a te aprann kòmandman Bondye yo, yo te fè yon alyans pou yo te viv yo. Ou ka ede timoun w ap anseye yo pou yo gen dezi pou yo rete fidèl ak alyans yo te fè lè batèm yo a.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo li 2 Wa 23:3 epi pou jwenn mo oubyen fraz ki montre kijan pèp la te santi l konsènan kòmandman Senyè a. Envite yo kanpe epi pale konsènan sa sa ka vle di pou “[kanpe] pou alyans.” Envite yo pou yo mache an plas epi pale konsènan sa “suiv Senyè a ka vle di.” Envite yo mete men yo sou kè yo epi sikjere fason nou ka kenbe kòmandman yo “ak tout kè [nou].”

  • Ede timoun yo fè yon lis pwomès yo te fè lè batèm yo (wè Mozya 18:10; Doktrin ak Alyans 20:37, 77, 79). Kisa Bondye pwomèt nou si nou respekte alyans nou yo? Kisa nou aprann de 2 Wa 23:3 a konsènan jan nou dwe respekte alyans nou yo?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo avèk yon manm fanmi yo yon vèsè ekriti oubyen yon istwa nan ekriti yo ki te beni yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Bati konfyans nan timoun yo. Yon fason pou ede yo bati konfyans se felisite yo lè yo patisipe nan klas la. Pwomèt timoun yo ke Sentespri a ap ede yo pandan y ap aprann nan.