Ansyen Testaman 2022
18–24 Jiyè. Esdras 1; 3–7; Neemi 2; 4–6; 8: “M ap Fè yon Gran Travay”


“18–24 Jiyè. Esdras 1; 3–7; Neemi 2; 4–6; 8: “M ap Fè yon Gran Travay’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“18–24 Jiyè. Ezra 1; 3–7; Neemya 2; 4–6; 8,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
tanp Zowobabèl

Ilistrasyon tanp Zowobabèl, tablo Sam Lawlor

18–24 Jiyè

Esdras 1; 3–7; Neemi 2; 4–68

“M ap Fè yon Gran Travay”

Pandan w ap etidye, konsidere kiyès nan mesaj ki nan Esdras ak Neemi yo ki plis nesesè pou timoun w ap anseye yo. Kreye yon plan ansèyman ki gen enpresyon ou resevwa nan men Sentespri a.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ekri sou tablo a Zowobabòl, Esdras, ak Neemi. Desine oubyen montre foto ki anrapò avèk moun sa yo, tankou yon tanp, ekriti yo, ak mi Jerizalèm yo. Ede timoun yo asosye non yo avèk foto yo, epi fè yo pataje sa yo konnen sou sa moun sa yo te fè.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Piti yo

Esdras 3:8–13

Tanp ka pote lajwa pou mwen.

Istwa Zowobabèl ak Juif yo ki t ap rebati tanp lan ka ede timoun w ap anseye yo rejwi pou benediksyon ki vini atravè kay Senyè a.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo pale de yon bagay ki fè yo gen kè kontan. Montre yo foto yon moun k ap souri devan yon tanp (tankou foto ki nan plan leson sa a), epi mande yo poukisa moun nan kontan konsa. Temwaye ke tanp lan se kay Senyè a, epi rakonte yon eksperyans kote w te santi w kontan poutèt tanp yo.

  • Li dènye pati Esdras 3:12la pou yo , pandan w ap eksplike yo ke lè Juif yo te poze fondasyon tanp lan, “anpil moun te kriye ak lajwa.” Envite yo pou yo pouse kri lajwa. Ede yo panse a rezon k fè nou ka kontan poutèt tanp yo. Paregzanp, nan tanp lan, nou fè pwomès avèk Bondye ki pèmèt fanmi nou ansanm pou tout tan.

  • Chante yon chan sou tanp avèk timoun yo, tankou “Oh, j aime voir le temple” (Chants pour les enfants, 99). Apre chak kouplè, fè yon ti poz pou mande yon timoun pou l di yon bagay li renmen sou tanp.

    Imaj
    yon fanmi ka p mache nan lakou yon tanp

    Tanp la ka yon sous lajwa nan lavi nou.

Neemi 2:17–20; 6:1–9

Senyè a ap ede m akonpli volonte Li.

Lè Neemi t ap repare mi ki te antoure Jerizalèm yo, enmi l yo te eseye anpeche li, men li te rete fidèl a tach sa a. Ki kèk bagay enpòtan Senyè a vle pitit Li yo fè, epi kijan w ka enspire yo pou yo fidèl nan travay sa a?

Aktivite posib

  • Pataje istwa Neemi an avèk timoun yo (gade Neemi 2:17–20; 6:1–9; Dieter F. Uchtdorf, “N ap fè yon gwo travay e nou pa ka kanpe,” Liahona, Me 2009, 59–62). Di yo sa Neemi te di lè moun yo te pase l nan rizib paske l te vle fikse mi Jerizalèm yo: “Bondye nan syèl la, ap fè nou pwospere; se poutèt sa, noumenm, sèvitè l yo n ap leve epi n ap bati”d” (Neemi 2:20). Envite yo pou yo kanpe epi pretann ke y ap ede fikse mi Jerizalèm yo.

  • Pote kèk blòk nan klas la, epi fè timoun yo itilize yo pou ede w bati yon mi (oubyen desine yon mi sou tablo a). Ede yo panse a kèk bagay enpòtan Pè Selès la gen dwa mande yo pou yo fè, tankou aprann kijan pou yo li ekriti yo. Pou chak ide y ap pataje, envite yo pou yo ajoute yon blòk nan mi an. Eksplike ke lè Neemi t ap fè travay enpòtan ki se fikse mi Jerizalèm yo, moun yo te eseye anpeche li. Li Neemi 6:9, epi envite yo pou yo leve men yo lè w li “fòtifye men m.” Pale yo de yon lè kote w te santi Bondye te fòtifye men w pou w fè travay Li.

Neemi 8:1–12

Ekriti yo se yon benediksyon.

Ou ka itilize istwa Esdras k ap li lwa a pou ede timoun yo panse a kijan nou beni dèske nou gen ekriti yo.

Aktivite posib

  • Di yo ke Esdras te li ekriti yo bay pèp la. Li kèk fraz nan Neemi 8:2–3, 5–6, 8–9, 12 ki dekri sa moun yo te fè lè yo te tande ekriti yo, epi envite timoun yo pou yo jwe wòl sou fraz sa yo. Poukisa nou rekonesan dèske nou gen ekriti yo?

  • Envite yo pou yo konplete paj aktivite semèn sa a. Pandan y ap fè sa, di yo kijan lekti ekriti yo konn rapwoche w de Sovè a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Esdras 3:8–13; 6:16–22

Tanp lan ban m rezon pou m rejwi.

Pandan w ap repase avèk timoun yo istwa Zowobabèl ak Juif yo ki t ap rebati tanp lan, chèche mwayen pou w temwaye lajwa ki vini paske nou gen tanp jodia.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo travay ansanm pou yo ka jwenn fraz nan Esdras 3:10–13 la ki montre kijan Juif yo te santi yo lè tanp nan Jerizalèm lan t ap rebati a. Kijan nou ka montre lajwa nou dèske nou gen tanp sou tè a jodia? Ede yo panse a fason yo ka prepare yo pou yo ale nan tanp.

  • Di yo kisa w santi osijè tanp. Nan ki fason tanp lan ede ou vin pi pwòch Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè a? Poukisa nou selebre lè yo konsakre yon tanp? Bay timoun yo tan pou yo ekri sa yo santi osijè tanp, epi ankouraje yo pou yo pataje sa yo te ekri avèk fanmi yo a.

Neemi 2; 46

Senyè a ap fòtifye m pou m “fè yon gwo travay”

Senyè a gen yon travay enpòtan pou timoun w ap anseye yo. Kisa nou ka aprann nan men Needmi sou pèsevere nan travay sa a menm lè nou rankontre opozisyon.

Aktivite posib

  • Repase istwa sou Neemi k ap repare mi ki antoure Jerizalèm yo lakay yo, enkli opozisyon y ap rankontre. Li ansanm Neemi 2:19, epi mande timoun yo pou yo pale de sitiyasyon kote yon moun ta ka ri nou paske n ap bè sa ki byen. Selon Neemi 2:20, kijan Neemi te reyaji? Kijan nou ka reyaji lè moun moke nou oubyen kritike nou paske n ap fè yon bon bagay?

  • Li Nehemiah 6:1–9 ansanm. Kijan enmi Neemi yo te toujou ap eseye fè l stope travay sou mi an, epi, kijan li te reponn? Ki travay Bondye vle pou nou fè? (gade paregzan, Mozya 18:8–10). Kijan nou ka suiv egzanp Neemi a nan vèsè 9 la lè l difisil pou nou fè sa Bondye mande nou an?

Neemi 8:1–12

Mwen beni lè m etidye ekriti yo.

Moun nan Jerizalèm yo pa t tande pawòl Bondye a pandan anpil tan anvan Esdras te li yo pou yo a. Istwa Esdras la raple nou kijan ekriti yo ta dwe enpòtan pou nou.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo chèche nan Neemi 8:1–12 pou yo ka jwenn mo oubyen fraz ki montre kijan moun yo te santi yo lè yo te tande pawòl Bondye a. Mande yo pou yo pataje sa yo santi lè yo li ekriti yo, epi pataje sa w santi tou.

  • Envite yon timoun pou l li Neemi 8:8, epi mande yo kisa ki ede yo konprann ekriti yo. Montre yo kijan pou yo itilize èd ekriti tankou Gid Ekriti yo ak Sijè Levanjil yo (ChurchofJesusChrist.org). Envite yo pou yo pataje yon bagay yo aprann souSovè a nan ekriti yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo chwazi yon bagay yo te aprann jodia ke yo ta renmen pataje avèk fanmi yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Prepare spirityèlman. ”Yon ansèyman levanjil puisan pa vledi senpleman prepare yon leson men li soti nan prepare tèt nou. … Enstriktè levanjil efikas yo—anvan yo panse a ranpli tan klas la—konsantre plis sou ranpli kè yo avèk Sentespri a” (Anseye nan Fason Sovè a, 12).