Ansyen Testaman 2022
18–24 Jiyè. Esdras 1; 3–7; Neemi 2; 4–6; 8: “M ap Fè yon Gwo Travay”


“18–24 Jiyè. Esdras 1; 3–7; Neemi 2; 4–6; 8: ’M ap Fè yon Gwo Travay’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“18–24 Jiyè. Esdras 1; 3–7; Neemi 2; 4–6; 8,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022

Imaj
tanp Zowobabèl la

Ilistrasyon tanp Zowobabèl la, pa Sam Lawlor

18–24 Jiyè

Esdras 1; 3–7; Neemi 2; 4–6; 8

“M ap Fè yon Gwo Travay”

Prezidan Ezra Taft Benson te ansenye, “Pawòl Bondye a … gen pouvwa pou l fòtifye Sen yo e ame yo avèk Lespri a pou yo ka reziste anba mal, kenbe fèm, epi jwenn lajwa nan lavi sa a” (Enseignements des présidents de léglise: Ezra Taft Benson [2014], 118).

Ekri Enpresyon w yo

Pèp Juif la te rete nan kaptivite nan Babilòn pandan apeprè 70 an. Yo te pèdi Jerizalèm ak tanp lan, e plizyè ladan yo te bliye angajman yo anvè lwa Bondye a. Men Bondye pa t bliye yo. Anfèt, Li te deklare palentèmedyè pwofèt Li a, “M ap vizite w, e m ap akonpli bon pawòl mwen yo anvè ou, sa k ap lakòz ou retounen” (Jeremi 29:10). Pou l te reyalize pwofesi sa a, Senyè a te fè yon chemen pou Juif yo te retounen, epi li te mete sèvitè ki te akonpli “yon gwo travay” pou pèp Li a (Neemi 6:3). Sèvitè sa yo te enkli yon gouvènè ki te rele Zowobabèl, ki te fè yo rebati kay Senyè a; Esdras, yon prèt ak eskrib ki te vire kè moun yo al nan lwa Bondye a; ak Neemi, yon lòt gouvènè Jida ki te dirije travay pou te rebati mi pwotektè ki te antoure Jerizalèm yo. Sètènman yo te rankontre opozisyon, men yo te resevwa asistans sanzatann tou. Eksperyans yo ka enfòme ak enspire eksperyans pa nou yo, paske nou menm tou n ap fè yon gwo travay. E menm jan avèk pa yo a, travay nou an gen anpil pou l wè ak kay Senyè a, lwa Senyè a, ak pwoteksyon spirityèl nou jwenn nan Li.

Pou yon koudèy sou liv Esdras ak Neemi yo, gade “Esdras” ak “Neemi” nan Diksyonè Bib la.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Esdras 1

Senyè a enspire moun pou akonpli objektif Li yo.

Apre Pès te fin konkeri Babilòn nan, Senyè a te enspire Wa Pès La, Cyrus, pou l te voye yon gwoup Juif ale Jerizalèm pou rebati tanp lan. Lè w ap li nan Ezra 1an, note kisa Cyrus te dispoze fè pou l te sipòte Juif yo nan travay enpòtan sa a. Kijan w wè Senyè a ap travay pa mwayen gason ak fi alantou ou, enkli sa ki pa manm Legliz Li a? Kisa sa anseye ou sou Senyè a ak travay Li a?

Gade Ezayi 44:24-28tou.

Esdras 3:8–13; 6:16–22

Tanp ka pote lajwa pou mwen.

Lè Babilònyen yo te anvayi Jerizalèm, yo te fè piyaj nan tanp lan epi yo te boule l rapyetè (gade 2 Wa 25:1-10; 2 Kwonik 36:17–19). Kijan w panse w t ap santi w si w te pami Juif yo ki te temwen bagay sa a? (gade Sòm 137). Remake kijan Juif yo te santi yo, dè dizèn ane apre, lè yo te pèmèt yo retounen epi rebati tanp lan (gade Esdras 3:8–13; 6:16–22). Reflechi ak pwòp santiman pa w konsènan tanp. Poukisa tanp yo se sous lajwa? Kijan ou ka demontre gratitid ou anvè Senyè a pou tanp yo?

Pou egzanp modèn sou rejwi nan konstriksyon tanp, gade videyo “Pratik, Selebrasyon, Konsekrasyon: Benediksyon Tanp nan El Salvador” ak “Selebrasyon Kiltirèl Jèn yo pou Tanp Laie a nan Hawaii” (ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
yon fanmi ka p mache nan lakou yon tanp

Tanp lan ka yon sous lajwa nan lavi nou.

Esdras 4–6; Neemi 2; 46

M ka ede travay Bondye a avanse malgre opozisyon.

Travay Senyè a mache raman san opozisyon, e sètènman sa te vrè pou efò Zowobabèl ak Neemi t ap mennen yo. Nan toude ka yo, “advèsè Jida yo” (Esdras 4:1) sete Samariten—desandan Izrayèlit ki te melanje avèk Janti yo. Yon lekti sou opozisyon yo a konstriksyon tanp lan (gade Ezra 4-6) ta ka mennen w reflechi sou opozisyon travay Bondye a ap rankontre jodia ak kijan ou ta ka reyaji lè opozisyon vini.

Menmjan tou, yon lekti sou travay Neemi ki t ap repare mi Jerizalèm yo ( gade Neemi 2; 46) ta ka fè w reflechi sou travay Bondye vle ou fè. Kisa w aprann nan egzanp Neemi an?

Gade tou Dieter F. Uchtdorf, “N ap Fè yon Gran Travay e Nou Pa Ka Desann,” Liahona, Me 2009, 59–62.

Esdras 7; Neemi 8

Mwen beni lè m etidye ekriti yo.

Menm apre tanp lan te fin rebati, pèp Jerizalèm nan te gen difikilte espirityèlman, an pati, paske, pandan dè jenerasyon, aksè yo a “liv lwa Moyiz la” te limite (Neemi 8:1). Esdras, eskrib la, te jwenn pèmisyon nan men wa Pès la pou l t ale Jerizalèm, kote l te “pote lwa a devan kongregasyon an” (Neemi 8:2). Kijan nou ka suiv egzanp Esdras la jan l dekri nan Esdras 7:10la? Pandan w ap li nan Neemi 8la, ki rakonte istwa Esdras ki t ap li lwa a pou pèp la, ki ide ou genyen konsènan pouvwa pawòl Bondye a nan lavi w?

Gade tou Enseignements: Ezra Taft Benson, 115-24.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Esdras 3:8–13; 6:16–22.Kijan Juif yo te montre lajwa yo pou tanp lan lè l t ap rebati epi apresa lè l t ap konsakre a? Kisa nou fè pou nou eksprime lajwa nou pou tanp yo? Petèt fanmi w ta ka gade foto tanp epi pale konsènan fason tanp yo pote lajwa nan kè w (gade temples.ChurchofJesusChrist.org).

sdras 7:6, 9–10, 27–28.Plizyè fwa nan vèsè sa yo, Esdras te ekri ke men Senyè a te sou li pandan l t ap vwayaje al Jerizalèm nan. Kisa fraz sa a vle di? Kijan nou santi men Senyè a sou nou? Petèt manm fanmi an ta ka pataje egzanp nan lavi yo.

Neemi 2; 46.Istwa Neemi an ka enspire manm fanmi yo lè y ap fè fas ak opozisyon lè y ap fè “yon gwo travay” (Neemi 6:3). Manm fanmi an ta ka bati yon mi ak bagay yo jwenn nan kay la pandan y ap li pasaj kle yo ansanm (tankou Neemi 2:17-20; 4:13–18; 6:1–3). Kisa nou aprann nan men Neemi sou fason pou nou afwonte opozisyon? Ki gwo travay Senyè a vle pou nou fè? Nan ki fason Senyè a te fòtifye nou pou nou simonte opozisyon nan travay sa a?

Neemi 8:1–12.Nan Neemi 8, Esdras te li lwa Moyiz la bay yon pèp ki pa t ka tann pou yo te tande pawòl Bondye a. Si nou li vèsè 1-12 yo ansanm, sa ka apwofondi apresyasyon fanmi ou pou pawòl Bondye a. Kijan pèp la te santi l konsènan lwa Bondye a? Kijan nou youn ka ede lòt “konprann lekti a”? (vèsè 8).

Pou plis ide pou anseye timoun, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan yo sigjere: “Oh, j’aime voir le temple,” Chants pour les enfants,99.

Amelyore Ansèyman Nou

Pataje ekriti yo an fanmi. Pandan etid ekriti familyal ou a, kite manm fanmi an pataje pasaj nan etid pèsonèl yo ki patikilyèman siyifikatif pou yo.

Imaj
Esdras k ap li ekriti yo pou pèp la

Ilistrasyon Esdras k ap li ekriti yo pou pèp la nan Jerizalèm, pa H. Willard Ortlip, © Providence Collection/licensed goodsalt.com