Ansyen Testaman 2022
4–10 Jiyè. 2 Wa 2–7: “Gen yon Pwofèt nan Izrayèl”


“4–10 Jiyè. 2 Kings 2–7: ‘Gen yon Pwofèt nan Izrayèl,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“4–10 Jiyè. 2 Wa 2–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Elize ap montre sèvitè a charyo dife yo

Ilistrasyon Elize k ap montre sèvitè l la charyo dife yo, © Review & Herald Publishing/lisansye nan goodsalt.com

4–10 Jiyè

2 Wa 2–7

“Gen yon Pwofèt nan Izrayèl”

Pandan w ap li ekriti yo, Sentespri a ka atire atansyon w sou kèk fraz oubyen kèk pasaj. Konsidere pou w ekri poukisa pasaj sa yo enpòtan pou ou.

Ekri Enpresyon w yo

Misyon prensipal yon pwofèt se pou ansenye epi temwaye de Sovè a, Jezikri. Sepandan rejis nou genyen sou pwofèt Elize yo pa gen anpil nan ansèyman li oubyen temwayaj li. Sa rejis la genyen pito se mirak Elize te fè, tankou leve yon timoun ki te mouri (gade 2 Wa 4:18–37), nouri yon pakèt moun avèk yon ti kras manje (gade 2 Wa 4:42–44, epi geri yon lepre (gade 2 Wa–5:1–14). Konsa, byenke nou pa gen pawòl Elize k ap rann temwayaj sou Kris la, nan tout ministè Elize a, nou wè manifestasyon puisan pouvwa Senyè a genyen pou bay lavi, pou nouri ak geri a. Kalite manifestasyon sa yo fèt anpil nan lavi nou, plis pase nou reyalize pafwa. Pou nou wè yo, nou bezwen chèche mirak Elize te chèche lè l t ap priye pou jèn sèvitè krentif li a. “Senyè, tanpri louvri je l pou l ka wè” (2 Wa 6:17).

Pou plis enfòmasyon sou 2 Wa, gade “Liv, Wa yo”nan Diksyonè Bib la.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

2 Wa 2–6

Bondye kapab fè mirak nan lavi mwen.

Souvan mirak ede nou simonte difikilte mòtalite yo—nan tan Elize a, yon tè arid te bezwen dlo pi epi yon rach ki pèdi te bezwen yo retwouve l (gade 2 Wa2:19–22; 6:4–7. Men mirak vire kè nou bay Senyè a epi anseye nou leson espirityèl tou. Pandan w ap li 2 Wa 2–6la, panse pou w fè yon lis sou mirak ou jwenn yo epi medite sou leson espirityèl ou aprann nan yo chak. Kisa mirak sa yo anseye ou sou Senyè a ak sa Li kapab fè nan lavi ou?

Gade tou 2 Nefi 26:12–13; 27:23; Mòmon 9:7–21; Mowoni 7:35–37; Donald L. Hallstrom, “Èske Jou Mirak yo ispann?Lyawona, Nov. 2017, 88–90.

2 Wa 4:8–17; 7:1–16

Pawòl Senyè a atravè pwofèt Li yo ap akonpli.

Jan sa ekri nan 2 Wa 4:8–17; 7:1–16yo, Senyè a te enspire Elize pou l te pwofetize sou bagay ki ta pral rive—bagay pou kèk moun ki ta sanble difisil pou fèt. Pandan w ap li vèsè sa yo, panse sou fason ou reponn a pawòl Senyè a di atravè pwofèt Li yo jodia. Ki ansèyman, pwofesi, oubyen pwomès ou te tande de pwofèt vivan yo. Kisa w ap fè pou aji ak lafwa sou pwomès sa yo?

Gade tou 3 Nefi 29:6; Doktrin ak Alyans 1:37–38.

2 Wa 5

Si mwen enb ak obeyisan, Jezikri kapab geri mwen.

Pafwa li pi fasil pou nou jwen siyifikasyon pèsonèl nan ekriti yo lè nou konpare bagay fizik ki nan istwa yo avèk bagay espirityèl. Paregzanp, pandan w ap li 2 Wa 5la, ou kapab konpare maladi lèp Naaman an avèk yon eprèv difisil w ap travèse. Menmjan ak Naaman, petèt ou gen espwa ke Senyè a t ap “fè kèk gwo bagay” (vèsè 13) pou ede ou. Kisa eksperyans Naaman an anseye ou? Nan lavi ou, kisa ki t ap egal a suiv senp konsèy pou “lave w, epi vin pwòp” la?

Note fason eksperyans Naaman an te afekte lafwa li nan Bondye Izrayèl la (gade vèsè 15). Ki eksperyans ki te fòtifye lafwa ou nan Bondye?

Gade tou Lik 4:27; 1–Pyè 5:5–7; Alma 37:3–7; Etè 12:27; L.Whitney Clayton, “Kèlkeswa sa Li Di Ou, Fè Li,” Lyawona, Me 2017, 97–99; “Naaman ak Elize” (videyo), churchofJesusChrist.org.

2 Wa 6:8–23

“Moun ki avèk nou yo pi plis pase moun yo genyen avèk yo a.”

Èske w pa janm santi w depase ak efreye, pandan w ap mande tèt ou, menmjan jèn ak sèvitè Elize a, “Kòman nou pral fè?” (gade 2 Wa 6:8–23). Kisa ki enspire ou nan repons Elize a? Kijan resi sa a chanje fason w panse ak fason w santi w konsènan eprèv, responsablite, oubyen efò ou pou w viv levanjil la?

Pandan w ap medite, konsidere pawòl Prezidan Henry B. Eyring yo: “Tankou sèvitè Elize sa a, gen plis avèk ou pase sa w wè ki kont ou yo. Gen kèk ki avè w k ap envizib pou je mòtèl ou. Senyè a ap soutni ou e pafwa l ap fè sa nan rele lòt moun mete kanpe bò kote w” (“O oumenm ki anbake,” Lyawona, Nov. 2008, 58).

Gade tou Sòm 121; Doktrin ak Alyans 84:88.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

2 Wa 2:1–14.Panse ak moun ki te wè Elize “resevwa” manto Eli a (oubyen palto—yon senbòl apèl pwofetik li a). Kòman sa ta ka afekte fason yo te reyaji devan ministè Elize a? (Gade tou 1 Wa 19:19.) Petèt manm fanmi yo youn apre lòt ta ka mete yon “manto” epi temwaye sou fason yo te wè Senyè a sipòte ak fòtifye moun ki aple pou sèvi nan Legliz Li a.

2 Wa 4.Ou ta ka envite manm fanmi yo pou yo li youn nan mirak ki nan 2 Wa 4 yo (gade vèsè 1–7, 14–17, 32–35, 38–41, 42–44) epi ekri yon siy pou ede lòt manm fanmi yo devine ki mirak li ap dekri a. Kisa nou aprann konsènan Senyè a ak mirak Li yo nan chapit sa a? Ki mirak—gwo oubyen pitit—nou wè nan lavi nou?

2 Wa 5:1–15.Pandan w ap li vèsè sa yo epi medite sou ti bagay senp yo te mande Naaman pou l te fè a, konsidere ti bagay senp pwofèt nou an mande pou nou fè yo. Kòman fanmi nou kapab suiv konsèy sa a pi byen?

Fanmi w ta ka gade videyo “Naaman ak Elize” a tou nan (ChurchofJesusChrist.org) oubyen li “Elize Geri Naaman” (nan Istwa Ansyen Testaman yo).

2 Wa 5:20 27.Kòman Jeyazi ta kapab benefisye nan li,“Onètete ak Entegrite” nan Pou Fòs Jèn Yo? (paj 19). Kijan malonètete fè nou mal? Kijan nou beni lè nou onèt?

2 Wa 6:13–17.Manm fanmi yo ta ka kontan desine yon imaj sou eksperyans Elize ak sèvitè l la yo dekri nan vèsè sa yo. Kijan vèsè sa yo kapab ede nou lè nou santi nou sèl oubyen depase?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan yo sigjere: “Chers Enfants, sur vous Dieu veille,” Cantiques, no. 96.

Amelyore ansèyman nou

Ankouraje kesyon. Kesyon timoun yo se yon endikasyon ke yo pare pou yo aprann. Si w pa konn repons pou kesyon yo, chèche repons yo avèk yo. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 25–26.)

Imaj
Naaman ap lave l nan rivyè a

Ilistrasyon Pòl Mann Naaman k ap geri anba maladi lèp.