Ansyen Testaman 2022
8–14 Out. Sòm 1-2; 8; 19-33; 40; 46: “Senyè a Se Bèje Mwen”


“8–14 Out. Sòm 1-2; 8; 19-33; 40; 46: ‘Senyè a Se Bèje Mwen,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“8–14 Out. Sòm 1-2; 8; 19-33; 40; 46” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Jezi k ap mache avèk mouton

Senyè a Se Bejè Mwen, pa Yongsung Kim, havenlight.com

8–14 Out

Sòm 1–2; 8; 19–33; 4046

“Senyè a Se Bèje Mwen”

Pa santi w limite a seleksyon Sòm oubyen prensip yo sgkjere yo nan plan leson sa a. Kite Lespri a gide w nan verite k ap ede w santi w pi pwòch Senyè a.

Ekri Enpresyon w yo

Nou pa fin sèten kiyès ki te ekri Sòm yo. Gen kèk yo di se Wa David, men pou pifò, non ekriven yo rete enkoni. Men lè nou li Sòm yo, nou ka santi komsi nou konnen kè Salmis yo, menmsi nou pa konn non yo. Sa nou konnen sèke Sòm yo sete yon pati enpòtan nan adorasyon pami Izrayèlit yo, e nou konnen ke Sovè a te site yo souvan. Nan Sòm yo, nou jwenn yon fenèt ki ouvri sou nanm ansyen pèp Bondye a. Nou wè kijan yo te santi yo konsènan Bondye, poukisa yo te enkyete yo, ak kijan yo te jwenn lapè. Kòm kwayan jodia, toupatou nan mond lan, nou itilize pawòl sa yo toujou nan adorasyon Bondye nou. Moun ki te ekri Sòm yo sanble yo te gen yon fenèt ki ouvri sou nanm nou e sanble yo te jwenn yon mwayen pou yo te eksprime jan nou santi nou konsènan Bondye, poukisa nou enkyete nou, ak kijan nou jwenn lapè.

Pou yon koudèy sou liv Sòm nyo, gade “Sòm” nan Diksyonè Bib la.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Sòm 1; 23; 26–2846

Sòm yo ansenye nou pou nou fè Senyè a konfyans.

Ou ka remake pandan w ap li Sòm yo konbyen fwa ekriven yo eksprime laperèz, tristès, oubyen enkyetid. Santiman sa yo nòmal, menm pou moun ki gen lafwa. Men sa k fè Sòm yo enspiran an se solisyon yo ofri yo, enkli yon konfyans total nan Senyè a tou. Konsidere mesaj enspiran sa yo pandan w ap li Sòm 1; 23; 26–2846. Chèche bagay sa yo, epi ekri sa w dekouvri:

  • Envitasyon pou fè Senyè a konfyans:

  • Mo ki dekri Senyè a:

  • Pawòl ki dekri lapè, fòs, ak lòt benediksyon Li bay:

  • Pawòl ki dekri moun ki fè L konfyans:

Sòm 222

Sòm yo dirije lespri nou sou lavi ak ministè Jezikri.

Plizyè nan Sòm yo demontre lavi Jezikri nan mòtalite a. Kretyen nan epòk Nouvo Testaman yo te wè koneksyon sa yo tou—paegzanp, yo te rekonèt nan Sòm 2 a yon referans a eprèv Jezi yo devan Wa Ewòd ak Pons Pilat (gade travayk 4:24-30). Konsidere pou w li Sòm 2 ak 22 yo ansanm avèk Matye 27:35-46; Lik 23:34-35; ak Jan 19:23-24. Chèche koneksyon ki genyen ant pawòl nan sòm sa yo ak lavi Sovè a, epi kontinye chèche menm koneksyon an pandan w ap etidye liv Sòm nan pandan pwochen semèn k ap vini yo.

Imajine ke w sete yon Juif nan tan Jezi a ki te byen konnen Sòm yo epi ki te wè koneksyon avèk lavi Sovè a. Kijan konesans sa a t ap vin yon benediksyon pou ou?

Gade tou Sòm 31:5; 34:20; 41:9; Lik 24:44; Ebre 2:9–12.

Sòm 8; 1933

“Tè a chaje ak bonte Senyè a.”

Lekti Sòm 8; 19; ak 33 a ka enspire w pou w konsidere plizyè kreyasyon mèveye Senyè a. Pote atansyon a panse ak santiman w yo lè w ap fè sa. Kijan kreyasyon Senyè yo “deklare laglwa Bondye” pou ou? (Sòm 19:1).

Sòm 19:7–1129

Pawòl Senyè a puisan, “li bay kè kontan.”

Nan Sòm yo, pawòl tankou temwayaj, òdonans, kòmandman, ak jijman ka fè referans a pawòl Senyè a. Kenbe sa nan lespri ou pandan w ap li Sòm 19:7–11la. Kisa vèsè sa yo sigjere a ou menm konsènan pawòl Senyè a? Kisa Sòm 29 la sigjere konsènan vwa Li? Nan eksperyans pa ou, kijan pawòl oubyen vwa Senyè a koresponn avèk deskripsyon sa yo?

Imaj
Tanp Concepción nan Chili

Nou dwe pi ak pwòp espirityèlman pou nou antre nan prezans Senyè a.

Sòm 24; 26-27

Antre nan prezans Senyè a mande pite.

Poutèt tanp Jerizalèm nan te bati sou tèt yon mòn, fraz “mòn Senyè a” (Sòm 24:3) ka ap fè referans ak tanp oubyen ak prezans Bondye. Kisa sa ajoute sou konpreyansyon w de Sòm 24la? Kisa sa vle di pou w gen “men pwòp, ak yon kè pi”? (Sòm 24:4).

Kisa Sòm 26 ak 27 yo ansenye w sou kay Senyè a?

Gade tou Sòm 15; David A. Bednar, “Men Pwòp ak Kè Pur,” Lyawona, Nov. 2007, 80–83.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Sòm 22.Pandan yon manm fanmi an ap li sòm sa a, lòt yo ta ka chèche bagay ki sanble nan Matye 27:35-46la. Apresa yo ta ka pataje santiman yo konsènan Jezikri ak sakrifis Li fè pou nou an.

Sòm 23.Sòm 23 a sete enspirasyon pou plizyè kantik, tankou “L éternel est mon berger” ak “Seigneur, tu me prépareras” (Cantiques, nos. 57, 58). Petèt fanmi w ta renmen chante youn nan kantik sa yo epi idantifye pawòl nan Sòm nan ki ta ka enspire mo sa yo. Oubyen yo ka desine yon bagay yo te jwenn nan Sòm nan oubyen nan kantik la epi kite manm fanmi yo devine vèsè oubyen pawòl ki ale ak foto yo. Kijan Sovè a tankou yon bèje pou nou?

Sòm 24:3–5.Pou souliye enpòtans pou nou gen men ki pwòp ak yon kè pur, ou ta ka li Sòm 24:3-5 pandan manm fanmi an ap lave men yo. Kisa men yo reprezante nan Sòm sa a? Kisa kè a te ka senbolize? Kisa nou ka fè spirityèlman pou nou netwaye men nou ak pirifye kè nou?

Sòm 30:5, 11.Sòm 30:5 la gen pwomès ke “nou ka ap kriye pandan yon nuit, men lajwa ap vini nan maten.” Nan ki fason Senyè a te fè lapèn nou tounen lajwa? Kèk manm fanmi gen dwa ta kontan jwe wòl sou sa vèsè 11 la dekri a.

Sòm 33.Note konbyen fwa mo tout la itilize nan Sòm sa a. Kisa nou aprann konsènan Senyè a nan itilizasyon repete sou mo sa a, espesyalman nan vèsè 13-15yo?

Sòm 46:10.Ou ta ka fè yon bagay ansanm ki mande pou manm fanmi yo rete “trankil.” Kijan rete trankil ede nou vin konnen Bondye? Ki opòtinite nou genyen pou nou rete trankil e vin konnen Bondye?

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “L éternel est mon berger,” Cantiques, no. 57.

Amelyore etid pèsonèl nou

Se pou w kreyatif. Ekriti tankou Sòm yo souvan enspire moun pou yo louwe Senyè a nan fason kreyatif. Si w santi w enspire pou w eksprime devosyon w pa mwayen mizik, pwezi, art vizyèl, oubyen yon lòt fason, suiv santiman sa yo. Panse pou w pataje sa w kreye yo pou ede lòt moun bati lafwa yo nan Papa nou Ki nan Syèl la ak nan Jezikri.

Imaj
Jezikri ap pote yon mouton sou zèpòl Li

Bon Bèje a, pa Ken Spencer