Ansyen Testaman 2022
3–9 Oktòb. Ezayi 58–66: “Redanmtè a Ap vini nan Siyon”


“3–9 Oktòb. Ezayi 58–66: ‘Redanmtè a pral vini nan Siyon’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmki yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“3–9 Oktòb. Ezayi 58–66,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Jezi k ap anseye nan sinagòg

Jezi nan Sinagòg la nan Nazarèt, pa GregK. Olsen

3–9 Oktòb

Ezayi 58-66

“Redanmtè a pral vini nan Siyon”

Pandan w etidye Ezayi 58–66, konsidere kijan pawòl Ezayi yo pote lajwa ak lespwa pou lavni.

Ekri Enpresyon w yo

Byen bonè nan ministè terès li a, Jezikri te vizite yon sinagòg nan Nazarèt, vil kote li te grandi a. Li te kanpe la pou li nan ekriti yo, louvri liv Ezayi a, epi li sa nou konnen kounyea kòm Ezayi 61:1–2. Apresa li te anonse, “Jodia menm ekriti sa a akonpli nan zòrèy nou.” Sa sete youn nan deklarasyon ki pi dirèk Sovè a ke li te Moun ki Wen an, ki t ap “geri kè brize” epi “preche delivrans pou kaptif yo” (gade Lik 4:16–21). Ekriti sa a te anfèt akonpli nan jou sa a. Epi, tankou anpil lòt pwofesi Ezayi yo, li kontinye akonpli toujou nan epòk nou an. Sovè a kontinye geri tout moun kè brize ki vin jwenn li. Toujou genyen anpil kaptif ki bezwen yo preche yo delivrans. Epi genyen yon avni gloriye pou prepare pou—yon moman kote Senyè a pral “kreye nouvo syèl ak yon tè nouvo” (Ezayi 65:17) epi “va delivre epi tout nasyon va fè lwanj li ” (Ezayi 61:11). Li Ezayi ap louvri je nou sou sa Senyè a deja fè, sa l ap fè, ak sa li pral fè pou pèp li a.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Ezayi 58:3–12

Jene pote benediksyon.

Vèsè sa yo sigjere ke pou anpil ansyen Izrayelit, jene sete plis yon fado pase yon benediksyon. Anpil nan nou ka retwouve nou nan santiman sa pafwa. Si ou ta renmen jwenn plis sans ak bi lè w ap jene, li Ezayi 58:3–12 pou jwenn repons Senyè a pou kesyon “Poukisa nou jene?” Nan eksperyans pa ou, kijan jene kapab “lache chenn mechanste yo” epi “kraze chak jouk”? (Ezayi 58:6). Kijan jèn ak lapriyè pote benediksyon yo dekri nan Ezayi 58:8–12? Kijan Ezayi 58:3–12 afekte fason ou panse konsènan jèn?

Nan mesaj li a “Èske Sa A Se Pa Jèn M Te Chwazi a?” (Lyawona, Me 2015, 22–25), President HenryB. Eyring te pataje plizyè egzanp sou kijan moun te beni atravè jèn ak ofrann jèn. Kilè w konn wè menm benediksyon sa yo nan lavi ou?

Gade tou Sijè Levanjil yo, “Jèn ak Ofrann jèn yo” (topics.ChurchofJesusChrist.org).

Ezayi 59:9–21; 61:1–3; 63:1–9

Jezikri se Sovè ak Redanmtè mwen.

Nan Ezayi 58–66 w ap jwenn anpil referans sou misyon ekspyatwa Jezikri a. Men kèk egzanp, ansanm ak kèk kesyon pou ede ou medite sou yo.

  • Ezayi 59:9–21. Kijan w ta rezime kondisyon espirityèl moun yo dekri nan vèsè 9–15 yo? Kisa ki enpresyone wnan deskripsyon sou “defansè” a nan vèsè 16–21 ak alyans li fè ak moun ki vire al jwenn ni yo?

  • Ezayi 61:1–3. Kijan Jezikri beni w nan fason yo dekri yo nan vèsè sa yo? Ki “bòn nouvèl” li te pote pou ou? Kijan Li te ba ou bote nan plas sann?

  • Ezayi 63:7–9. Ki “bonte Senyè a” ou ka mansyone? Ki santiman vèsè sa yo enspire nan kè ou pou Sovè a?

Ki lòt referans a Sovè a ou jwenn nan Ezayi 58–66?

Gade tou Mozya 3:7; Doktrin ak Alyans 133:46–53.

Imaj
fi k ap limen lanp ajil ak lwil ke men gason kenbe

“Senyè a pral tounen yon limyè etènèl pou ou” (Ezayi 60:19). Yon limyè kòm kado, pa Eva Timothy

Ezayi60; 62

“Senyè a pral tounen yon limyè etènèl pou ou.”

Ezayi60 ak 62 pale de limyè ak fènwa, je ak wè, pou anseye konsènan fason levanjil Jezikri a pral beni mond lan nan dènye jou yo. Chèche jwenn konsèp sa yo espesyalman nan Ezayi 60:1–5, 19–20; 62:1–2. Pandan w ap li vèsè sa yo, medite sou fason Bondye ap rasanble pitit li yo soti nan fènwa rive nan limyè. Ki wòl ou nan travay sa a?

Gade tou 1Nefi 22:3–12; 3Nefi 18:24; Doktrin ak Alyans 14:9; BonnieH. Cordon, “Pou yo Kapab Wè,” Lyawona, Me 2020, 78–80.

Ezayi 64:1–5; 65:17–25; 66

Kris pral reye sou tè a pandan Milenyòm nan.

Ezayi te pale de yon jou kote “nou bliye pwoblèm lontan yo” (Ezayi 65:16). Pandan ke pwofesi sa a te akonpli anpil fwa, nan sans konplè li, jou sa a toujou poko rive—kote Jezikri pral retounen sou tè a epi etabli yon sezon lapè ak jistis ki rele Milenyòm nan. Ezayi te dekri jfit jou sa a nan Ezayi 64:1–5; 65:17–25; 66. Remake konbyen fwa pawòl tankou “rejwi” ak “rejwisans” yo itilize. Medite poukisa retou Sovè a pral tounen yon jou rejwisans pou ou. Kisa w ka fè pou prepare pou vini li?

Gade tou Atik Lafwa 1:10; RussellM. Nelson, “Avni Legliz la: Prepare Mond lan pou Dezyèm Vini Sovè,” Ensign, Avr. 2020, 13–17.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Ezayi 53:3–11.Manm fanmi yo gendwa pi byen konprann mesaj Ezayi a konsènan jèn nan si yo jwe wòl sou kalite jèn yo dekri nan Ezayi 58:3–5 la ak kalite jèn yo dekri nan Ezayi 58:6–8 la. Kijan nou ka fè jèn nou yo plis tankou “jèn ke [Bondye te] chwazi a”? Ki benediksyon ou wè nan jèn?

Ezayi 58:13–14.Ki diferans ki genyen ant “jwenn pwòp satisfaksyon [pa nou]” ak jwenn “lajwa … nan Senyè a” nan jou Saba a? Kijan nou ka fè jou Saba a “yon delis”?

Ezayi 60:1–5.Lè w ap li Ezayi 60:1–3, manm fanmi yo ta ka limen yon limyè lè vèsè yo mansyone limyè epi etenn li lè vèsè yo mansyone fènwa. Kijan levanjil Jezikri a se tankou yon limyè pou nou? Kisa Ezayi te prevwa ki t ap rive pandan pèp Bondye a pataje limyè levanjil la? (gade Ezayi 60:3–5).

Ezayi 61:1–3.Kijan Sovè a te akonpli pwofesi Ezayi yo nan vèsè sa yo? Ou ta ka envite manm fanmi yo chèche jwenn imaj Sovè a ke yo santi ki ilistre aspè sa yo sou misyon li (ou ka jwenn foto yo nan revi legliz la oswa the Liv Ilistrasyon Levanjil la). Ou gendwa chante tou yon chan konsènan fason Sovè a beni nou, tankou “Je ressens son amour” (Chants pour les enfants, 42–43).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Quand Jésus reviendra,” Chants pour les enfants, 46–47.

Amelyore etid pèsonèl ou

Prepare anviwònman ou. Anviwònman nou yo ka afekte kapasite nou pou aprann. Chèche yon andwa pou w etidye ekriti yo kote w ka santi enfliyans Lespri a. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 15.)

Imaj
Jezi nan syèl la

“Leve, briye; paske limyè ou te vini, epi laglwa Senyè a te leve sou ou” (Ezayi 60:1). Limyè ak lavi, tablo Mark Mabry