Ansyen Testaman 2022
17–23 Oktòb. Jeremi 30–33; 36; Lamantasyon 1; 3: “M Ap Chanje Dèy Yo a an Kè Kontan.”


“17–23 Oktòb. Jeremi 30–33; 36; Lamantasyon 1; 3: ‘M Ap Chanje Dèy Yo a an Kè Kontan,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022 (2021)

“17–23 Oktòb. Jeremi 30–33; 36; Lamantasyon 1; 3,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
gravi Jeremi, pwofèt la

Kri Pwofèt Jeremi an, soti nan yon gravi pa The Nazarene School

17–23 Oktòb

Jeremi 30–33; 36; Lamantasyon1; 3

“M Ap Chanje Dèy Yo a an Kè Kontan.”

Lè w ap anrejistre enpresyon w yo, reflechi sou kijan prensip ki nan Jeremi ak Lamantasyon yo konekte avèk lòt bagay ou te aprann nan Ansyen Testaman an.

Ekri Enpresyon W yo

Lè Senyè a te premye rele Jeremi pou l te vin yon pwofèt, Li te di l ke misyon l lan se tap “pou derasinen, epi dechouke” (Jeremi 1:10)— e nan Jerizalèm, te gen anpil mechanste ki pou te derasinen ak dechouke. Men sa a se te sèlman yon pati nan misyon Jeremi—Li te resevwa apèl tou pou l te “bati ak plante” (Jeremi 1:10). Kisa li ta kapab bati oubyen plante nan win dezè ke rebelyon Izrayèl la te kite a? Menm jan an tou, lè peche oswa advèsite kite lavi nou an win, kijan nou kapab rebati ak plante ankò? Repons lan chita nan “Jèm lajistis la,” (Jeremi 33:15), Mesi yo pwomèt la. Mesi a pote “yon nouvo alyans” (Jeremi 31:31)—yon alyans ki egzije plis ke yon angajman sipèfisyèl oubyen aparans devosyon eksteryè. Lwa La a dwe “anndan [nou],” ekri “nan kè [nou] hearts.” Se sa li vrèman vle di pou Senyè a vin “Bondye [nou] e pou noumenm vin ”pèp [Li] a” (Jeremi 31:33). Se yon pwosesis k ap dire tout lavi, e n ap toujou fè fot epi n ap gen rezon pou nou tris detanzantan. Men lè sa rive nou, nou gen pwomès sa a ke Senyè a fè nou: “M Ap Chanje Dèy Yo A an Kè Kontan” (Jeremi 31:13).

Pou yon apèsi sou Lamantasyon, gade nan “Liv Lamentasyon” nan Gid pou Ekriti (scriptures.ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Jeremi 30–31; 33

Senyè a ap retire Izrayèl nan kaptivite epi l ap rasanble yo.

Nan Jeremi 30–31; 33 Senyè a rekonèt “kri ak gwo anmwe” (Jeremi 31:15) ke Izrayelit yo tap epwouve pandan yo te nan kaptivite a. Sepandan, Li te ofri pawòl konsolasyon ak espwa. Ki fraz nan chapit sa yo ou panse ki tap bay Izrayelit yo konsolasyon ak espwa? Ki pwomès ou jwenn Senyè te fè pèp Li a? Kijan pwomès sa yo ta kapab aplike a oumenm jodi a?

Jeremi 31:31–34; 32:37–42

“Epi y ap vin pèp mwen, epi m ap vin Bondye yo.”

Malgre Izrayelit yo pa t respekte alyans yo te fè avèk Senyè a, Jeremi te pwofetize ke Senyè a tap tabli yon alyans “nouvo” ak “etènèl” avèk pèp Li a (Jeremi 31:31; 32:40). Alyans Nouvo ak Etènèl la se “plenitid levanjil Jezikri a [gade nan Doktrin ak Alyans 66:2]. Li nouvo chak fwa li revele ankò apre yon peryòd apostazi a. Li etènèl paske se alyans Bondye e moun yo te jwi li nan chak dispansasyon levanjil kote yo te dispoze pou yo te resevwa l” (Gid Ekriti yo, “Alyans Nouvo e Etènèl,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org; italik ajoute).

Pandan w ap li Jeremi 31:31–34; 32:37–42, medite sou sa fè pati pèp alayans Bondye a vle di pou ou. Kijan vèsè sa yo afekte fason ou wè relasyon alyans ou an avèk Bondye? Kisa gen lwa L ekri nan kè w vle di? (gade nan Jeremi 31:33).

Gade tou nan Jeremi 24:7; Ebre 8:6–12.

Imaj
Yon fi k ap li ekriti yo

Ekriti yo kapab enspire nou pou nou repanti epi retounen al jwenn Senyè a.

Jeremi 36

Ekriti yo gen pouvwa pou yo voye m lwen dyab la.

Senyè a te kòmande Jeremi pou l ekri pwofesi l yo sou “yon woulo papye,” yon liv an fòm woulo“ oubyen yon woulo, ki eksplike ke si pèp la te tande pwofesi sa yo: “Li possib ke… yo gen dwa retire chak moun nan wout dyab la; ke m ap padone inikite yo” (Jeremi 36:2–3). Lè w li Jeremi 36, Anvizaje note kijan moun sa yo te santi yo konsènan pwofesi sa yo:

Senyè a

Jeremi:

Barouk:

Jewoudi ak Wa Jewoyakim

Elnatan, Delaya ak Jemariya

Medite sou kijan ou santi w konsènan ekriti yo ak wòl yo nan lavi w. Kijan yo te ede w kanpe lwen mal?

Gade tou nan Julie B. Beck, “Nanm Mwen Pran Plezi nan Ekriti yo,” Ensign ou Liahona, Me 2004, 107–9.

Lamantasyon 1; 3

Senyè a kapab soulaje tristès nou epwouve akoz de peche.

Liv Lamantasyon an se yon koleksyon powèm ki ekri apre destriksyon Jerizalèm ak tanp li an. Poukisa ou panse li enpòtan pou yo te prezève e enkli lamantasyon sa yo nan Ansyen Testaman an? Konsidere kisa metafò ki nan Lamantasyon 1 ak3 yo ede w konprann gwo chagren Izrayèl Israel te santi a. Ki mesaj espwa nan Kris nou jwenn ladan yo? (gade sitou nan Lamantasyon 3:20–33; gade tou nan Matye 5:4; Jak 4:8–10; Alma 36:17–20).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Jeremi 31:3Kijan Pè Selès la ak Jezikri montre “lanmou san fen” yo pou nou? Montre foto bagay Kris te kreye pou nou oswa te fè pou nou diran ministè mòtèl Li a ta kapab ede fanmi w santi “byenveyans” Li.

Jeremi 31:31–34; 32:38–41.Anvizaje fè yon lis bagay nan vèsè sa yo Senyè a pwomèt lè nou fè alyans avèk Li. Kisa istwa sa yo anseye nou sou enpòtans alyans nou yo?

Manm fanmi an ta kapab ekri tou (oubyen desine) sou kè an papye yon bagay ki montre kijan yo santi yo konsènan Senyè a. Kisa gen Lwa L la ekri nan kè nou vle di? (gade nan Jeremi 31:33). Kijan nou ka montre Senyè a ke nou vle vin pèp Li?

Jeremi 36.Kijan w kapab itilize Jeremi 36 pou ede fanmi w aprann enpòtans ekriti yo? (gade, pa egzanp, nan vèsè 1–6, 10, 23–24, 27–28,32). Ou ta kapab mande yon manm fanmi an pou l li yon vèsè nan chapit sa a pandan yon lòt manm fanmi an ap ekri l, jan Barouk te fè pou Jeremie an. Poukisa nou rekonesan pou efò moun tankou Barouk ki te prezève pawòl pwofèt yo? Kisa nou ka fè pou montre Senyè a nou bay pawò Li yo nan ekriti yo valè?

Lamantasyon 3:1–17, 21–25, 31–32.Antanke fanmi, ou ta kapab pale de jan santiman yo eksprime nan Lamantasyon 3:1–17 yo kapab konekte avèk santiman nou genyen lè nou peche. Kijan mesaj ki nan vèsè 21–25, 31–32 yo enfliyanse lavi nou?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Sigjesyon chan: “Je ressens son amour,” Chants pour les enfants, 74–75.

Amelyore Etid Pèsonèl nou

Chèche revelasyon. Lè w medite pandan tout jounen an, ou kapab resevwa ide adisyonèl ak enprresyon sou ekriti ou te etidye yo. Pa panse a etid levanjil la kòm yon bagay ou kreye tan pou li men kòm yon bagay ou toujou ap fè. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 12.)

Imaj
Yon Mesye nan yon kavèn ki parèt tris pandan vil la ap boule deyò a

Jeremi ki ap deplore Destriksyon Jerizalèm nan] , pa Rembrandt van Rijn