Ansyen Testaman 2022
10–16 Oktòb. Jeremi 1–3; 7; 16–18; 20: “Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou”


“10–16 Oktòb. Jeremi 1–3; 7; 16–18; 20: ‘Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“10–16 Oktòb. Jeremi 1–3; 7; 16–18; 20,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
pwofèt k ap pale avèk gason

Jeremi, tablo Walter Rane

10–16 Oktòb.

Jeremi 1–3; 7; 16–18; 20

“Mwen te konnen ou anvan menm mwen te ba ou lavi nan vant manman ou”

“Objektif chak enstriktè levanjil … se anseye doktrin pi levanjil la, pa Lespri, pou ede pitit Bondye yo bati lafwa yo nan Sovè a epi vini plis menm jan avèk Li” (Anseye nan fason Sovè a, paj kouvèti).

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Ekri sou moso papye kèk nan mo kle ki nan etid Jeremi an pou semèn sa a, tankou pwofèt, dlo vivan, rasanbleman, ak ajil. Mete papye yo nan yon veso, epi envite timoun yo chwazi youn epi pataje nenpòt sa yo panse de li. Ede yo wè kijan mo yo anrapò avèk yon bagay Jeremi te anseye.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Piti yo

Jeremi 1:5

Papa nou ki nan Syèl la te konnen m anvan m te fèt.

Paske nou te viv avèk Bondye anvan nou te vin sou tè a, Li konnen nou, menmsi nou pa ka sonje Li. Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo konprann verite enpòtan sa a?

Aktivite Posib

  • Li pou timoun yo Jeremi 1‑5, epi eksplike ke Bondye te konn pwofèt Jeremi anvan l te fèt. Di chak timoun, Papa nou ki nan Syèl la te konnen li anvan l te fèt epi Li te voye nou chak isit la pou yon rezon.

  • Montre yo foto yon tibebe, epi mande yo si yo konn ki kote tibebe sa a te viv anvan l te fèt. Chante ansanm yon kantik ki anseye sou lavi premòtèl nou avèk Bondye, tankou “Je suis enfant de Dieu” ou “I Lived in Heaven” (Children’s Songbook, 2–3,4). Pale de santiman espirityèl chante sa yo pote. Rann temwayaj ou ke nou tout te viv avèk Papa nou ki nan Syèl la yon fwa epi Li te voye nou isit la sou tè a.

Jeremi 1:7

Pwofèt yo aple pou yo pale pawòl Senyè a.

Apèl Jeremi an montre sa Senyè a mande pwofèt Li yo pou yo fè. Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo fòtifye dezi yo pou yo suiv pwofèt vivan an?

Aktivite Posib

  • Montre timoun yo foto yon pwofèt vivan, epi envite yo pou yo di kisa yo konnen sou li. Kisa pwofèt yo fè? Li pou timoun yo sa Senyè a te di yon lòt pwofèt, Jeremi, nan Jeremi 1:7. Envite timoun yo pou yo mache anplas lè w ap di “ale bò kot tout moun m ap voye ou” epi fè kòm si y ap pale lè w li “Wa di yo tou sa ma ba ou lòd di yo.” Pataje temwayaj ou ke pwofèt yo fè epi di sa Senyè a kòmande yo.

  • Montre foto pwofèt nan ekriti yo (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, Church magazines, ak Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Mande timoun yo pou yo pataje sa yo konnen konsènan pwofèt sa yo. Pale timoun Briyède yon bagay yo chak te fè pou ede travay Bondye a. Rann temwayaj ou ke se Bondye ki aple pwofèt yo pou yo pale pawòl Li ak sèvi pèp Li a.

Jeremi 16:16

Mwen ka ede pitit Pè Selès la retounen al jwen Li.

Pandan l t ap site Jeremi 16:16, Prezidan RussellM. Nelson te di: “Misyonè nou yo chèche moun ki fè pati Izrayèl dispèse a; yo chèche yo toupatou nan tout twou wòch; epi yo te peche yo nan ansyen tan yo” (“The Gathering of Scattered Israel,” Ensign ou Liahona, Nov. 2006,81).

Aktivite Posib

  • Pandan w ap li Jeremi 16:16, envite timoun yo pou yo pretann y ap peche pwason oubyen y ap fè lachas. Eksplike ke pechè yo ak chasè yo nan vèsè sa a ka reprezante misyonè yo. Mande timoun yo pou yo pretann yo se misyonè. Kisa misyonè fè? Kijan nou ka ede yo?

  • Kreye yon jwèt kote w ap itilize paj aktivite sa a. Lè yon timoun jwenn ekriti ki matche, pale de sa foto a montre nou ka fè pou ede pitit Papa nou ki nan Syèl la retounen al jwenn Li.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Gran yo

Jeremi 1:4–19

Pwofèt yo aple pou yo pale pawòl Senyè a.

Kijan w ka ede timoun yo fòtifye lafwa yo epi konprann wòl pwofèt yo nan wayòm Bondye a?

Aktivite Posib

  • Seleksyone kèk vèsè kle nan Jeremi 1 ki anseye verite enpòtan osijè pwofèt yo, tankou vèsè 5, 7, 10, ak 19. Envite chak timoun chwazi youn nan vèsè yo, pou yo li l, epi pou yo pataje yon bagay yo aprann sou pwofèt yo nan vèsè a. Envite kèk nan timoun yo pataje temwayaj yo sou pwofèt la.

  • Montre foto pwofèt vivan an, epi chante ansanm yon kantik sou pwofèt, tankou “We Listen to a Prophet’s Voice” (Hymns, no.22). Ede timoun yo fè yon lis sou sa pwofèt vivan an mande nou pou nou fè. Chwazi yon mesaj pwofèt la te bay nan dènye konferans lan, epi ede timoun yo chèche konsèy nan mesaj li a. Nan ki fason nou suiv pwofèt la? Diskite sou fason konsèy pwofèt yo ede nou suiv Pè Selès la ak Jezikri pi byen.

  • Pase videyo “Poukisa nou gen pwofèt?” la (ChurchofJesusChrist.org), epi mande timoun yo kijan yo t ap eksplike yon zanmi poukisa se yon benediksyon pou nou gen yon pwofèt vivan (gade Atik lafwa 1:6,9). Envite timoun yo pou yo pataje sa yo santi konsènan pwofèt vivan an.

Jeremi 16:14–15

M ka fè pati rasanbleman Izrayèl la.

Mesaj konsènan rasanbleman Izrayèl la ke nou jwenn nan Jeremi 16:14–15 lan ka founi yon gwo opòtinite pou w pale yo de travay misyonè ak istwa familyal. Sa se youn nan fason nou ka “kanpe kòm temwen Bondye” (Mozya 18:9).

Aktivite Posib

  • Li ansanm Jeremi 16:14, epi mande timoun yo pataje detay yo sonje sou fason “Senyè a … te fè timoun Izrayèl yo soti nan peyi Ejip” (gade Egzòd 14). Envite yo pou yo li Jeremi 16:15 pou yo ka wè ki evenman Jeremi te di ki t ap menm pi memorab pase sa. Eksplike ke Izrayèl te dispèse sou tout tè a, men Bondye te pwomèt Li t ap rasanble yo retounen vin jwenn ni ak Legliz Li a. Se sa yo rele rasanbleman Izrayèl la. Ki resanblans ki genyen ant sa e delivre pèp la anba kaptivite?

  • Pataje deklarasyon Prezidan Russell M. Nelson an: “Chak fwa ou fè nenpòt bagay ki ede nenpòt moun—sou nenpòt nan de bò vwal la—fè yon pa nan direksyon pou l fè alyans avèk Bondye epi resevwa òdonans batèm ak òdonans tanp esansyèl yo, w ap ede rasanble Izrayèl” (RussellM. Nelson ak Wendy W. Nelson, “Espwa Izrayèl” [devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen 2018], sipleman nan New Era ak Ensign, Out. 2018,15, ChurchofJesusChrist.org). Nan ki fason nou ka ede rasanble Izrayèl?

  • Chante ansanm yon chan sou travay misyonè, tankou “J espère qu on m enverra en mission” ou “Appelés à servir” (Chants pour les enfants, 91, 9)). Mande timoun yo kisa yo aprann nan chan an oswa video a sou rezon k fè yon moun ta dwe chwazi pou l fè yon misyon.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo pote yon kopi paj aktivite semèn sa a lakay yo epi jwe jwèt matche a avèk fanmi yo. Ankouraje yo pou yo pale avèk fanmi yo de jan travay misyonè te beni yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Ede timoun yo rekonèt Lespri a. Souvan mizik sakre envite enfliyans Sentespri a. Lè w ap chante avèk timoun yo, pran tan pou ede yo rekonèt santiman espirityèl ki konfime verite sa y ap aprann yo.