Ansyen Testaman 2022
23–29 Me. Jozye 1–8; 23–24: “Fòtifye nou epi pran kouraj”


“23–29 Me. Jozye 1–8; 23–24: ‘Fòtifye nou epi pran kouraj‘” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: AnsyenTestaman 2022 (2021)

“23–29 Me. Jozye 1–8; 23–24,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: AnsyenTestaman 2022

Imaj
Moyiz k ap òdone Jozye

Ilistrasyon Moyiz k ap òdone Jozye, pa Darrell Thomas

23–29 Me

Jozye 1–8; 23–24

“Fòtifye nou epi pran kouraj

Pandan w ap etidye liv Jozye a, konsidere kijan bagay ou aprann sou Izrayelit yo kapab ranfòse lafwa ou nan Jezikri.

Ekri Enpresyon w yo

Sa te pran plizyè jenerasyon, men pwomès Senyè a ta pral akonpli: pitit Izrayèl yo te sou wout pou yo te eritye tè pwomiz la. Men Rivyè Jouden an, mi Jeriko yo, ak yon pèp mechan men puisan ki te rejte Senyè a te kanpe sou chemen yo. (gade 1 Nefi 17:35). Anplis de sa, dirijan byenneme yo a Moyiz pa t la. Sitiyasyon an te petèt rann kèk Izrayelit santi yo fèb epi yo te pè, men Senyè a te di “Fòtifye nou epi pran kouraj.” Poukisa yo dwe te santi yo konsa? Se pa akoz pwòp fòs pa yo—ni menm fòs Moyiz oubyen Jozye—men paske “Senyè a, Bondye w la, ap toujou kanpe la avèk ou kote w pase” (Jozye 1:9). Lè nou gen pwòp rivyè pa nou pou nou travèse ak mi pou nou kraze, bagay mèveye kapab rive nan lavi nou, paske se “Senyè a [ki] pral fè mèvèy devan je [nou]” (Jozye 3:5).

Pou yon koudèy jeneral sou liv Jozye a, gade nan “Jozye, liv ” nan Diksyonè Bib la.

Imaj
Learn More image
Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Jozye 1:1–9

Bondye ap avèk mwen si mwen fidèl a Li.

Imajine kijan Jozye dwe te santi li lè l te aple pou l te ranplase Moyiz la. Note sa Senyè a te di nan Jozye l:1–9 pou ankouraje li. Panse a eprèv difisil w ap rankontre yo; kisa nan vèsè sa yo ki ba w kouraj?

Sa ta ka enteresan pou w remake ke non Jozye a (Yehoshua oubyen Yeshua an Ebre) vledi “Jewova sove.” Epi non Jezi a soti nan Yeshua. Konsa, pandan w ap li apwopo Jozye, konsidere kijan misyon li pou mennen pitit Izrayèl yo nan tè pwomiz la raple w misyon Sovè a.

Gade tou Ann M. Dibb, “Pran Kouraj,” Lyawona, Me 2010, 114–16.

Jozye 2

Lafwa ansanm ak zèv nesesè pou sali.

Premye Kretyen yo te wè Rahab kòm yon egzanp sou pouvwa lafwa ak zèv (gade Ebre 11:31; Jak 2:25). Pandan w ap li Jozye 2a, konsidere wòl lafwa ak zèv Rahab jwe nan sove tèt li, fanmi li ak espyon Izrayelit yo. Kisa sa anseye w apwopo fason lafwa w nan Kris la ak zèv ou kapab enfliyanse pwòp tèt pa w ak lòt moun?

Ou ka petèt enterese pou konnen ke Rahab sete zansèt Wa David ak Jezikri (gade Matye 1:5). Ki leson posib sa ka aprann nou?

Imaj
Rahab

Rahab nan fenèt li. Ap Tann Pwomès la, Elspeth Young.

Jozye 3–4

Mwen ka fè eksperyans “mèvèy” Bondye yo si m gen lafwa nan Jezikri.

Senyè a vle pou “tout moun sou latè va konnen jan Senyè a gen pouvwa” (Jozye4:24). Pandan w ap li Jozye 3–4, medite sou kijan w konnen men Senyè a puisan. Kijan Senyè a fè “mèvèy” nan lavi ou? (Jozye 3:5). Kijan ou ka fè eksperyans—oubyen rekonèt—mèvèy sa yo pi souvan? (paregzanp, gade Jozye 3:17).

Poukisa ou panse Izrayelit yo te bezwen sanktifye tèt yo anvan yo te travèse Rivyè Jouden an? Ki siyifikasyon nou jwenn nan lefèt ke rivyè a te separe sèlman apre “pye prèt yo … te fin tranpe arebò dlo a”?Jozye 3:13, 15).

Pou lòt evenman enpòtan ki te pase nan Rivyè Jouden an, gade 2 Wa 2:6–15; 5:1–14; ak Mak 1:9–11. Pandan w ap medite sou ekriti sa yo, ki koneksyon ou wè ant evenman sa yo?

Gade tou Gérald Caussé, “Eske l Toujou Mèveye pou Ou?Lyawona, Me 2015, 98–100; “Egzèse Lafwa nan Kris” (videyo), ChurchofJesusChrist.org.

Jozye 6–8

Obeyisans pote pouvwa Bondye nan lavi mwen.

Chapit sa yo jere zafè bagay pou tè Jeriko ak Ai. Pandan w ap li yo, konsidere kijan ou konbat tantasyon nan lavi pa w (paregzanp, gade Jozye 7:10–13). Kisa w aprann sou fason Bondye ka ede ou ak kisa w bezwen fè pou gen aksè a pouvwa Li? Paregzanp, kisa ki enpresyone w apwopo enstriksyon Senyè a te ba yo pou yo pran Jeriko a? (gade Jozye 6:1–5). Petèt resi sa a nan Jozye 7 la ap enspire w pou w detèmine si “gen yon bagay mal” nan lavi w ou bezwen retire (Jozye 7:13).

Jozye 23–24

“Kole sou Senyè Bondye w la.”

Apre l te fin divize tè pwomiz la ant douz tribi Izrayèl yo (gade Jozye 13–21), Jozye te ba yo dènye ansèyman li. Pandan w ap li ansèyman sa yo nan Jozye 23–24, ou kapab fè yon lis sou avètisman, konsèy, ak pwomès benediksyon w jwenn. Lè w konsidere tout sa Izrayelit yo te pase, poukisa w panse Jozye te chwazi di yo bagay sa yo nan fen lavi li? Kisa w jwenn ki enspire w pou w “atache w a Senyè a”? (Jozye 23:8).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Jozye 1:8.Kisa vèsè sa a sigjere sou fason pou nou abòde etid ekriti nou, alafwa endividyèlman ak kòm yon fanmi? Kijan ekriti yo te fè “chemen nou pwospere” epi pote “bonjan siksè” pou nou?

Jozye 4:3, 6–9.Apre w fin li sa Senyè a te vle Izrayelit yo fè avèk wòch ki te soti nan Rivyè Jouden yo, fanmi w ta ka pale de kèk nan gwo bagay Senyè a fè pou ou. Apresa ou kapab bay chak manm fanmi an yon wòch epi envite yo pou yo ekri oubyen desine sou li yon bagay Senyè a fè pou yo.

Jozye 6:2–5.Fanmi w ta ka kontan demontre enstriksyon Senyè a te bay Izrayelit yo pou yo konkeri Jeriko a. Kisa Senyè a ta vle nou aprann nan istwa sa a?

Jozye 24:15.Apre yo fin li vèsè sa a, manm fanmi yo ta ka pataje eksperyans kote yo te chwazi pou sèvi Senyè a menmsi sa te difisil. Poukisa li enpòtan pou nou chwazi pou n sèvi Li “jodiya” olye nou tann pou n deside jiskaske yon sitiyasyon prezante? Kijan nou kapab sipòte manm “lakay” nou pandan n ap fè efò pou nou “sèvi Senyè a”?

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Kantik yo sigjere: “Bien Choisir,” Cantiques, no. 154

Amelyore ansèyman nou

Rann temwayaj ou souvan. Temwayaj sensè ou sou verite a kapab enfliyanse fanmi ou anpil. Li pa bezwen elokan ni long. Yon temwayaj gen plis pouvwa lè l dirèk epi l soti nan fon kè. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 11.)

Imaj
Miray Jeriko yo tonbe

Senyè a te kraze miray Jeriko yo. © Providence Collection/licensed from goodsalt.com