Ansyen Testaman 2022
Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Tabènak la ak Sakrifis


“Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Tabènak la ak Sakrifis,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Tabènak la ak Sakrifis,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
senbòl refleksyon

Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou

Tabènak la ak Sakrifis

Lè nou ap li Ansyen Testaman an, pafwa nou jwenn pasaj long sou bagay ki te klèman enpòtan pou Senyè a men ki kapab pa sanble yo gen rapò avèk nou imedyatman jounen jodi a. Egzòd 25–30; 35–40; Levitik 1–9; 16–17 se egzanp nan sa. Chapit sa yo dekri an detay tabènak Izrayèl la nan dezè a ak sakrifis bèt ki fèt kote sa a.1 Tabènak la sete yon tanp pòtatif, kote Senyè a te rete pami pèp Li a.

Tanp modèn nou yo gen resanblans avèk tabènak Izrayèl la, men sètènman yo pa reponn a deskripsyon l ki nan Egzòd la. E nou pa touye bèt nan tanp nou yo—Ekspyasyon Sovè a te mete yon fen a sakrifis animal la depi plis pase 2000 an. Epoutan, malgre diferans sa yo, gen gwo valè jodia nan yon lekti sou fòm adorasyon Izrayèl tan lontan an, espesyalman si nou wè yo jan pèp Bondye a nan Liv Mòmon an te wè yo a—kòm yon fason pou yo te “ranfòse lafwa yo nan Kris” (Alma 25:16; gade nan also Jakòb 4:5; Jawòm 1:11). Lè nou konprann senbòl tabènak la ak sakrifis animal, nou kapab jwenn ide espirityèl ki ap fòtifye lafwa nou nan Kris la tou.

Imaj
moun ki ap pote ti mouton bay prèt yo nan tabènak la

Ilistrasyon Izrayelit yo ki ap pote yon ti mouton nan tabènak la, pa Robert T. Barret

Tabènak la Ranfòse Lafwa nan Jezikri

Lè Bondye te kòmande Moyiz pou l te bati yon tabènak nan kan Izrayelit yo, Li te deklare bi tabènak la: “pou m ka vin rete nan mitan yo” (Egzòd 25:8). Anndan tabènak la, prezans Bondye te reprezante pa ach alyans lan—yon bwat an bwa ki te kouvri avèk lò, ki te genyen rejis kote alyans Bondye te fè avèk pèp Li a te ekri a (gade nan Egzòd 25:10–22). Yo te mete ach la nan sal ki te pi sen an, pi ofon an, se yon vwal ki te te separe l de rès tabènak la. Vwal la senbolize separasyon nou de prezans Bondye akozde Chit la.

Aleksepsyon de Moyiz, nou konnen yon sèl moun ki te kapab antre “kote ki pi sen an”Egzòd 26:34)—gran prèt sakrifikatè souveren an. Menm jan avèk lòt prèt yo, li te oblije resevwa lavman ak onksyon toudabò (gade nan Egzòd 40:12–13) epi li te abiye nan rad sakre ki se senbòl ofis li a (gade nan Egzòd 28). Yon fwa pa an, nan yon jou ki te rele Jou Ekspyasyon an, gran prèt la te ofri sakrifis nan non pèp la anvan l te antre poukont li nan tabènak la. Nan vwal la, li tae konn boule lansan (gade nan Levitik 16:12). Lafimen pafime ki t ap monte nan syèl la te reprezante priyè pèp la ki t ap monte al jwenn Bondye (gade nan Sòm 141:2). Apresa, gran prèt la, ki t ap pote san ki te soti nan yon sakrifis animal, te konn travèse vwal la pou l te apwoche bò twòn Bondye a, ki te senbolize pa ach alyans lan (gade nan Levitik 16:14–15).

Lè w konnen sa w konnen konsènan Jezikri ak wòl li nan plan Pè Selès la, èske w ka konprann kijan tabènak la oryante nou nan direksyon Sovè a? Menm jan avèk tabènak la, ak ach ki anndan l lan te reprezante prezans Bondye pami pèp Li a, Jezikri sete prezans Bondye pami pèp Li a (gade nan Jan 1:14). Menmjan avèk gran prèt la, Jezikri se Medyatè ant noumenm ak Bondye Papa a. Li te pase atravè vwal la pou l te entèsede pou nou gras ak san pwòp sakrifis Li a (gade Ebre 8–10).

Kèk aspè nan tabènak Izrayèl la kapab parèt familye pou nou, sitou si nou te ale nan tanp pou nou te resevwa pwòp òdonans nou yo. Menmjan avèk kote ki pi sen nan tabènak la, sal selès nan tanp lan reprezante prezans Bondye. Pou antre, nou dwe dabò resevwa lavman ak onksyon. Nou mete rad sakre. Nou priye devan yon otèl kote priyè yo monte al jwenn Bondye. E finalman nou pase atravè vwal la pou nou antre nan prezans Bondye.

Petèt resanblans ki pi enpòtan ant tanp modèn yo ak tabènak tan lontan an sèke toulède, si nou byen konprann, ranfòse lafwa nou nan Jezikri epi ranpli nou avèk gratitid pou Sakrifis Espyatwa L la. Bondye vle pou tout pitit Li yo antre nan prezans Li; Li vle “yon wayòm prèt” ak prètrès (Egzòd 19:6). Men peche nou yo anpeche nou jwenn benediksyon sa a, paske “okenn bagay sal pa kapab rete avèk Bondye” (1 Nefi 10:21). Pou rezon sa a, Bondye Papa a te voye Jezikri, “gran prèt tout bon bagay ki gen pou vini yo” (Ebre 9:11). Li separe vwal la pou nou epi li bay tout pèp Bondye a pouvwa pou yo “pwoche avèk konfyans devan twòn gras la pou nou kapab jwenn mizerikòd” (Ebre 4:16).

Jodi a, bi tanp yo se plis pase jwenn egzaltasyon pou tèt nou. Apre nou fin resevwa pwòp òdonans pa nou, nou kapab kanpe nan plas zansèt nou yo, kòm reprezantan yo pou nou resevwa òdonans nan non yo. Nan yon sans, nou kapab vin tounen yon bagay tankou gran prèt tan lontan—ak Gwo Gran Prèt la —ki ap ouvri wout prezans Bondye pou lòt moun.

Sakrifis Ranfòse Lafwa nan Jezikri

Yo anseye prensip ekspyasyon ak rekonsilyasyon yo avèk puisans nan ansyen pratik sakrifis bèt tan lontan an, ki te egziste lontan anvan lwa Moyiz la. Akozde levanjil retabli a, nou konnen ke Adan ak Èv te ofri sakrifis, yo te konprann referans senbolik li pa rapò a sakrifis Sovè a, e yo te anseye pitit yo sa (gade nan Moyiz 5:4–12; gade tou nan Jenèz 4:4).

Karaktè senbolik sakrifis animal la kapab te sanble li patikilyèman touchan nan Jou Ekspyasyon (“Yom Kippur” nan lang ebre) Izrayèl tan lontan an. Bezwen seremoni anyèl sa a te eksprime nan Levitik 16:30: “Jou sa a ya fè sèvis pou wete yo anba tout peche yo, pou yo ka parèt nan bon kondisyon devan Senyè a.” Konsa, prezans Bondye ta kapab rete pami pèp la. Ekspyasyon sa a te akonpli atravè yon bann seremony. Nan youn ladan yo, yo te konn touye yon kabrit kòm ofrann pour peche pèp la, epi gran prèt la te konn pote san kabrit la nan kote ki pi sen an. Apresa, gran prèt la te poze men l sou yon kabrit vivan epi li te konfese peche timoun Izrayèl yo—kote l te senbolikman transfere peche sa yo sou kabrit la. Apre sa yo te konn mete kabrit la deyò kan Izrayèl la.

Nan rityèl sa a, kabrit yo te senbolize Jezikri, ki pran plas moun ki fè peche yo. Yo pa ka admèt peche nan prezans Bondye. Men olye l te detwi oswa chase pechè yo, Bondye te bay yon lòt mwayen—yo t ap touye oswa chase yon kabrit pito. “E kabrit la va pote sou li tout inikite yo” (Levitik 16:22).

Karaktè senbolik rityèl sa yo te oryante sou mwayen Bondye te ba nou pou nou retounen nan prezans Li—Jezikri ak Ekspyasyon L lan. Sovè a “pote doulè nou yo, ak chagren nou yo,” menm “inikite nou tout” (Ezayi 53:4, 6). Li te kanpe nan plas nou, Li te bay lavi L pou peye pri peche, epi Li te ranpòte laviktwa sou lamò gras a Rezirèksyon L lan (gade nan Mozya 15:8–9). Sakrifis Jezikri a sete “dènye gwo sakrifis la; wi, se pa sakrifis lòm ni sakrifis bèt, men pito “yon sakifis enfini ak etènèl” (Alma 34:10). Se li ki te akonplisman tout bagay ke sakrifis tan lontan yo te reprezante.

Pou rezon sa a, apre sakrifis Li a te fin fèt, Li te di: “Pa ofri m pou san koule ankò; wi, sakrifis … nou yo fini. … Ofri m yon kè brize ak yon lespri kontri kòm sakrifis” (3 Nefi 9:19–20.

Konsa lè w jwenn pasaj ki nan Ansyen Testaman an konsènan sakrifis yo ak tabènak la (oubyen apre, tanp lan)—e w ap jwenn anpil—sonje ke premye bi tou sa se pou ranfòse lafwa w nan Mesi a, Jezikri. Kite kè w ak lespri w tounen vè Limenm. Medite sou sa L te fè pou l te mennen w tounen nan prezans Bondye—ak sa w ap fè pou suiv Li.

Nòt

  1. Egzòd 33:7–11 mansyone yon “tabènak kongregasyon an,” kote Moyiz te konn kominike avèk Senyè a, men se pa t kote ki te fèt pou sakrifis yo dekri nan Egzòd ak Levitik la. Sakrifis sa yo te fèt nan tabènak yo dekri nan Egzòd 25–30la, ke Bondye te kòmande Moyiz pou l te konstwi e ke pitit Izrayèl yo te konstwi (gade nan Egzòd 35–40). Souvan yo te rele tabènak sa a, kote Aaron ak pitit li yo te konn fè sakrifis bèt yo, “tabènak kongregasyon an” (gade. pa egzanp, nan Egzòd 28:43; 38:30; Levitik 1:3).