Ansyen Testaman 2022
2–8 Me. Egzòd 35–40; Levitik 1; 16; 19: “Sentete pou Senyè a”


“2–8 Me. Egzòd 35–40; Levitik 1; 16; 19: ‘Sentete pou Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2022 (2021)

“2–8 Me. Egzòd 35–40; Levitik 1; 16; 19,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Tanp São Paulo nan Brésil

2–8 Me

Egzòd 35–40; Levitik 1; 16; 19

“Sentete pou Senyè a”

Pandan w ap etidye ekriti yo, pote atansyon a enpresyon espirityèl ou resevwa sou fason ou ka vin plis tankou Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Ekri Enpresyon w yo

Kite Ejipt—osi enpòtan ak mirakile bagay sa a te ye—pa t totalman akonpli plan Bondye pou pitit Izrayèl yo. Menm pwosperite fiti yo nan tè pwomiz la pa t objektif final Bondye pou yo. Sa yo sete sèlman etap pou t al jwenn sa Bondye te vle toutbon pou pèp Li a: “Nou dwe sen: paske mwen menm Senyè Bondye a mwen sen” (Levitik 19:2). Kijan Bondye te chèche rann pèp Li a sen alòske yo pa t konn anyen sof kaptivite pandan dè jenerasyon? Li te kòmande yo pou yo te kreye yon lye sentete pou Senyè a—yon tabènak nan dezè a. Li te ba yo alyans ak lwa pou gide aksyon yo epi, alafen, pou chanje kè yo. E lè yo pa t abouti nan efò yo pou yo te respekte lwa sa yo, Li te kòmande yo pou yo te fè sakrifis zannimo ki senbolize ekspyasyon pou peche yo. Tout bagay sa yo sete pou te dirije lespri yo, kè yo, ak lavi yo al jwenn Sovè a ak redanmsyon Li ofri a. Li se chemen sentete a toutbon, pou Izrayelit yo ak pou noumenm. Nou tout pase tan nan kaptivite peche, e nou tout jwenn envitasyon pou nou repanti—pou nou kite peche deyè epi suiv Jezikri, ki pwomèt, “M ka fè nou sen” (Doktrin ak Alyans 60:7).

Pou yon koudèy sou liv Levitik la, gade “Levitik” nan Diksyonè Bib la.

Imaj
Learn More image
Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Egzòd 35–40; Levitik 19

Senyè a vle m vin sen menmjan avèk Li.

Egzòd 25–31 gen enstriksyon Senyè a te bay Izrayelit yo konsènan fason pou yo te bati yon tabènak, kote òdonans sakre yo t ap ede yo vin yon pèp ki sen. Egzòd 35–40 dekri efò Izrayelit yo pou obeyi enstriksyon sa yo. Pandan w ap li chapit 35–40, chèche kisa Senyè a te mande pèp Li a pou yo te mete nan tabènak la, epi reflechi sou kisa bagay sa yo te ka reprezante ak sa yo sigjere sou ogmante nan sentete. Konsidere espesyalman kijan bagay sa yo ka vire panse nou bay Sovè a. Yon tablo tankou sa a ka ede w:

Ki bagay ou te jwenn?

Kisa sa ka reprezante?

Ki bagay ou te jwenn?

Ach Alyans lan (gkzòd 37:1–9; 40:20–21)

Kisa sa ka reprezante?

Prezans Bondye; alyans ak kòmandman L yo

Ki bagay ou te jwenn?

Otèl lansan an (Egzòd 40:26–27; gade tou Egzòd 30:1, 6-8)

Kisa sa ka reprezante?

Priyè yo monte al jwenn Senyè a

Ki bagay ou te jwenn?

Chandelye oubyen lanp (Egzòd 37:17–24)

Ki bagay ou te jwenn?

Otèl Sakrifis la (Egzòd 38:1–7; gade tou Egzòd 27:1; 29:10–14)

Ki bagay ou te jwenn?

Basen dlo a (Egzòd 30:17–21)

Si w konn patisipe nan òdonans tanp, kisa w aprann konsènan tabènak la nan Egzòd 35–40 ki fè w sonje eksperyans ou nan tanp lan? (gade tou “Ide pou Kenbe nan Lespri w: Tabènak la ak Sakrifis”). Reflechi sou fason alyans tanp yo ede w vin pi sen tankou Papa nou Ki nan Syèl la ak Jezikri.

Natirèlman, rete kote ki sen sèlman pa fè nou sen. Levitik 19 dekri lwa ak kòmandman Senyè a te bay pou ede Izrayelit yo ogmante sentete yo. Kisa w jwenn nan kòmandman sa yo ki ka ede w vin pi sen? Kisa w santi w enspire pou w fè pou w ka suiv prensip sa yo?

Gade Carol F. McConkie, “Bote Sentete,” tou nan Liahona, Me 2017, 9–12; “Tabènak la” (videyo), ChurchofJesusChrist.org; Diksyonè Bib, “Sentete”, temples.ChurchofJesusChrist.org.

Egzòd 35:436: 7

Senyè a mande m pou m fè ofrann mwen yo avèk yon kè byen dispoze.

Nan ane apre yo te kite Ejip la, nou ta ka dekri relasyon ant pitit Izrayèl yo ak Jewova kòm yon bagay enkonsistan. E poutan, lè nou li Egzòd 35:4-36:7, gade kijan Izrayelit yo te reponn ak kòmandman pou yo te bati tabènak la. Kisa nou aprann de Izrayelit yo ki ka ede nou pi byen sèvi Senyè a?

Prezidant Bonnie L. Oscarson te ansenye: “Chak manm dwe santi konbyen nou bezwen l. Chak moun gen yon bagay enpòtan pou yo kontribye e gen talan ak kapasite pa l ki ka ede avanse travay enpòtan sa a” (“Jènfi yo nan Travay la,” Liahona, Me 2018, 37). Pandan w ap li Egzòd 36:1–4la, reflechi sou kisa Senyè a “mete” nan ou. Panse pou w mande Papa nou ki nan Syèl la sa L ba ou pou w ka patisipe nan travay Li a.

Imaj
pèp ansyen k ap pote ofrann pou bati tabènak la

Pitit Izrayèl yo te pote ofrann pou tabènak la avèk “yon kè byen dispoze” (Ekzòd 35:5). Ilistrasyon Corbert Gauthier, © Koleksyon Lifeway/lisans goodsalt.com

Levitik 1:1–9; 16

Gras avèk Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, m ka jwenn padon.

Anpil pati nan liv Levitik la ka parèt etranj pou nou—sakrifis bèt, rityèl ki gen san ak dlo, ak lwa ki gouvène tout ti detay lavi. Men rityèl ak lwa sa yo te fèt pou ansenye prensip ki familye yo—repantans, sentete, ak Ekspyasyon Sovè a. Pou jwenn prensip sa yo pandan w ap li Levitik 1:1–9; 16la, konsidere kesyon tankou: Kisa m ka aprann de sakrifis sa yo konsènan Jezikri ak sakrifis ekspyatwa L la? Nan ki fason m tankou moun k ap fè sakrifis sa yo? Ou ta ka konsidere revize “Ide Pou Kenbe nan Lespri W: Tabènak la ak Sakrifis” nan resous sa a ak “Sakrifis” nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Egzòd 36:1–7.Nan Egzòd 36:1–7, kisa nou aprann konsènan fason Izrayelit yo te reponn ak kòmandman pou yo te bati tabènak la? Kòm yon fanmi, ou ta ka reflechi a fason Senyè a envite nou pou nou patisipe nan Travay Li a. Kijan nou ka suiv egzanp Izrayelit yo?

Egzòd 40.Pandan n ap li Egzòd 40 la ansanm, ou ta ka envite manm fanmi yo pou yo leve men yo chak fwa yo tande yon fraz tankou “jan Senyè a kòmande a.” Kisa nou aprann nan chapit sa a sou obeyi Senyè a?

Egzòd 40:1–34.Pandan w ap li sou asanblaj tabènak la nan Egzòd 40, nou ka travay ansanm pou idantifye diferan pati tabènak la, pandan n ap itilize foto ki akonpaye plan leson sa a. Pou konekte diskisyon sa a avèk adorasyon nan tanp jounen jodi a, nou ta ka revize ansanm “Poukisa Sen Dènye Jou Yo Bati Tanp” (temples.ChurchofJesusChrist.org) oubyen gade videyo “Tanp” la nan (ChurchofJesusChrist.org).

Levitik 19Chak manm fanmi ka chèche yon vèsè nan chapit sa a ke yo santi k ap ede yo vin “sen” (Levitik 19:2) e pataje l avèk fanmi an.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Ah, donne-moi, Père,” Cantiques, no. 70.

Amelyore Etid Pèsonèl

Chèche Jezikri. Tout ekriti yo, menm Ansyen Testaman an, temwaye de Jezikri. Pandan w ap li Ansyen Testaman an, konsidere sa senbòl, pèp, ak evènman yo ka anseye w konsènan Sovè an.

Imaj
tabènak

Ansyen Tabèbak la, pa Bradley Clark