Ansyen Testaman 2022
2–8 Me. Egzòd 35–40; Levitik 1; 16; 19: “Sentete pou Senyè a”


“2–8 Me. Egzòd 35–40; Levitik 1; 16; 19: ‘Sentete pou Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“2–8 Me. Egzòd 35–40; Levitik 1; 16; 19,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Tanp São Paulo nan Brésil

2–8 Me

Egzòd 35–40; Levitik 1; 16; 19

“Sentete pou Senyè a”

Pandan w ap li ekriti yo, nan lapriyè semèn sa a, panse a timoun w ap anseye yo. Sentespri a kapab ede w konnen ki verite yo bezwen aprann ak kijan w ka anseye yo verite sa yo.

Ekri Enpresyon W yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Mete non chak timoun nan yon veso. Mande yon timoun pou l pran youn nan non yo, epi envite timoun nan ke yo te tire non l lan pou l pataje yon bagay li te aprann resamman nan Ansyen Testaman an. Pale avèk timoun yo de kijan bagay y ap aprann yo ede yo vin pi pwòch Jezikri. Kontinye jiskaske chak moun te gen opòtinite pou yo pataje.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Piti yo

Egzòd 1–2

Mwen ka ede fòtifye travay Senyè a.

Jèn timoun yo gen don ke yo ka itilize pou kontribye nan travay Senyè a sou tè a. Kijan w ka ede timoun yo santi yon dezi pou yo pataje sa Senyè a ba yo a?

Aktivite posib yo

  • Li Egzòd 36:1 pou timoun yo, epi mande yo pou yo koute pou yo ka tande kisa Senyè a te bay Bezaleyèl ak Owoliyab pou ede yo bati “sanktyè” a (tabènak la). Site yon don chak timoun genyen (sa ta ka ede si w ta mande paran yo). Temwaye ke Bondye “mete” don anndan chak nan pitit li yo.

  • Di timoun yo poukisa ou vle ede avèk travay Senyè a. Ede yo panse a fason yo ka patisipe tou (tankou aprann sou yon zansèt, pale yon moun de Jezi, oswa sèvi yon manm fanmi). Ekri ide yo sou moso papye, mete yo nan yon resipyan, epi envite chak timoun pou yo chwazi youn epi demontre aksyon ki sou moso papye a.

Egzòd 40:17–34.

Mwen ka santi prezans Bondye nan andwa sakre yo.

Senyè a te kòmande timoun Izrayèl yo pou yo bati tabènak la pou L te ka “demere nan mitan yo” (Egzòd 25:8). Ou ka ede timoun yo aprann sou kèk lye sen Bondye ba nou jodia pou ede nou santi prezans li.

Aktivite posib

  • Montre yon foto ansyen tabènak la (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Mande timoun yo pou jwenn divès pati tabènak la nan foto a, tankou chandelye a oswa otèl yo, epi eksplike ke bagay sa yo te la pou ede Izrayelit yo panse a Senyè a (pou plis enfòmasyon sou tabènak la, gade nan Egzòd 40:17–34). Ki andwa sakre nou genyen jodi a ki ede nou panse a Senyè a?

  • Montre yon foto yon tanp, epi li Egzòd 25:8 pou timoun yo. Eksplike ke nan epòk nou an, Bondye ba nou andwa sakre kote nou ka vin pwòch li. Ede timoun yo fè lis kèk nan andwa sa yo. Mande yo kijan yo santi yo lè yo panse a andwa sakre sa yo. Di yo ke nou ka santi nou pwòch Bondye tou lè nou priye, kèlkeswa kote nou ye.

  • Konplete paj aktivite a avèk yo. Pandan w ap fè sa, chante yon chan sou tanp avèk yo, tankou “Oh, j‘aime voir le temple” (Chants pour les enfants, 99).

    Imaj
    Tanp Wòm nan Itali

    Menmjan avèk tabènak tan lontan an, tanp lan oryante nou sou Sovè a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Egzòd 35:20–29; 36:1

Bondye ban mwen don pou m ede nan travay li a.

Chak nan pitit Papa nou ki nan Syèl la gen yon bagay pou l kontribye nan travay Li a. Timoun w ap anseye yo ka bezwen èd ou pou yo ka rekonèt kijan yo ka itilize don yo pou ede nan travay Bondye a.

Aktivite Posib

  • Montre yon foto tabènak la (gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Mande timoun yo ki materyèl yo ta kapab bezwen pou yo ta bati tabènak la. Li Egzòd 35:20–29 pou yo, epi mande yo pou yo chèche jwenn kijan materyèl nesesè yo te vin disponib. Temwaye ke chak nan timoun yo genyen yon bagay pou kontribye nan travay Senyè a.

  • Mande yo pou yo li Egzòd 36:1 pou yo jwenn kisa Senyè a te bay sila yo ki te aple pou ede bati tabènak la. Envite yo pou yo pataje kisa yo santi Senyè a te ba yo pou ede bati wayòm li an (fè sigjesyon si sa nesesè). Kijan nou ka itilize bagay sa yo pou beni lòt moun?

Egzòd 40:17–33.

Mwen ka vin pi plis sanble avèk Jezikri ak Pè Selès la.

Tabènak la pa t sèlman pèmèt timoun Izrayèl yo jwi prezans Bondye avèk yo, men li te anseye yo kisa yo ta kapab fè pou yo vin pi sanble avèk Bondye.

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo itilize Egzòd 40:17–33 pou yo ka idantifye kèk bagay ki te fè pati tabènak la epi jwenn kèk ladan yo nan foto ansyen tabènak la (gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Envite yo pou yo fè pwòp desen pa yo sou tabènak la. Di yo kijan chak pati nan tabènak la ta kapab anseye sou Sovè a oswa Pè Selès la. Paregzanp, lach la ka raple nou kòmandman Bondye yo, otèl la ka raple nou sakrifis Jezikri a, chandelye a ta kapab raple nou ke Sovè a se Limyè Mond lan, eksetera.

  • Mande timoun yo pou yo li Egzòd 25:8 pou yo ka wè poukisa Senyè a te vle timoun Izrayèl yo bati yon “sanktyè” (oswa tabènak). Ede timoun yo drese lis andwa ak sitiyasyon kote nou ka santi prezans Senyè a. Kijan andwa sa yo ede nou vin pi sanble avèk Pè Selès la ak Jezikri?

Levitik 1:1–4

Gras a Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, m ka jwenn padon.

Sakrifis zannimo yo ki te fèt nan Ansyen Testaman an te la pou anseye timoun Izrayèl yo sou padon ke Ekspyasyon Jezikri a rann posib.

Aktivite posib

  • Montre foto Jezikri nan Jetsemani ak sou kwa a (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nimewo. 5657). Eksplike ke Senyè a te kòmande timoun Izrayèl yo pou yo fè sakrifis zannimo pou anseye yo ke yo ta kapab jwenn padon pou peche yo atravè Ekspyasyon Jezikri a. Li avèk yo Levitik 1:1–4, epi envite yo pou yo chèche jwenn mo oswa fraz ki raple yo sakrifis Jezikri a.

  • Montre yon foto Jezikri ki ap vizite moun nan Amerik yo (tankou Liv Ilistrasyon Levanjil la, nimewo. 82). Eksplike ke apre Jezikri te krisifye ak resisite, Li te anseye moun yo nan Amerik la poukisa yo pa t bezwen sakrifis zannimo ankò. Li ansanm 3 Nefi 9:19–20, epi mande yo kisa yo te kòmande nou pou nou fè sakrifis pito. Kisa sa vle di pou nou ofri kòm sakrifis yon kè brize ak yon lespri kontri? Sigjere ke yo chèche “Kè Brize” nan Gid pou Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org) pou ede yo reponn kesyon sa a. Envite yo medite sou kijan yo ka ofri Senyè a yon kè brize ak yon lespri kontri.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo mande Pè Selès la semèn sa a kijan L ta renmen yo kontribye nan travay Li a nan fanmi yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Montre timoun yo Pè Selès la ak Jezikri. Prensipal objektif ou ta dwe pou ede timoun w ap anseye yo pou yo fòtifye lafwa yo nan Pè Selès la ak nan Jezikri. Kisa w ka fè pou ede yo konprann kijan viv verite levanjil yo ap ede yo vin pi sanble avèk Papa a ak Pitit Gason an?