Ansyen Testaman 2022
23–29 Me. Jozye 1–8; 23–24: “Fòtifye nou epi pran kouraj”


“23–29 Me. Jozye 1–8; 23–24: ‘Fòtifye nou epi pran kouraj,,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“23–29 Me. Jozye 1–8; 23–24,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Moyiz k ap òdone Jozye

Ilistrasyon Moyiz k ap òdone Jozye, tablo: Darrell Thomas

23–29 Me.

Jozye 1–8; 23–24

“Fòtifye nou epi pran kouraj”

Pandan w ap li Jozye 1–8 ak 23–24 la, ekri enpresyon espirityèl ou resevwa yo. Kisa w pral fè pou w dekouvri kisa timoun w ap anseye yo aprann nan chapit sa yo?

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Desine yon foto sou tablo a sou yon bagay ou pran nan youn nan istwa ki nan Jozye 1–8; 23–24 yo, epi gade si timoun yo ka devine istwa kote l soti a. Paregzanp, ou ta ka desine yon rivyè oubyen miray yon vil.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Piti yo

Jozye 1:8

M ka panse sou ekriti yo lajounen ak lannuit.

Senyè a te di Jozye ke si l te medite sou ekriti yo epi l suiv konsèy ki ladan yo, li t ap gen siksè nan dirije Izrayelit yo nan tè pwomiz la. Kisa w ka fè pou w anseye timoun yo sou gwo benediksyon ki soti nan ekriti yo?

Aktivite ki posib

  • Bay chak timoun yon foto oubyen yon desen solèy la ak lalin nan. Li pou yo nan Jozye 1:8: “Medite [sou ekriti yo] lajounen ak lannuit.” Eksplike ke medite vledi panse pwofondman sou yon bagay. Repete fraz la plizyè fwa, epi envite timoun yo pou yo kenbe solèy la anlè lè w di “lajounen” epi lalin nan lè w di “lannuit.” Kite yo repete fraz la avèk ou.

  • Mande yo pou yo site kèk bagay yo fè lajounen ak kèk bagay yo fè lannuit. Di yo ke yo te di Jozye pou l te panse a ekriti yo lajounen ak lannuit. Ede yo panse a istwa oubyen ansèyman nan ekriti yo ke yo ta ka panse sou yo lajounen ak lannuit. Envite yo desine yon foto tèt pa yo oubyen fanmi yo k ap li ekriti yo. Poukisa yo renmen li ekriti yo? Ki benediksyon yo jwenn lè yo fè sa?

Jozye 3

Mwen dwe batize pou m ka antre nan wayòm syèl la.

Istwa Jozye k ap dirije Izrayelit yo atravè Rivyè Jouden an al nan tè pwomiz la bay yon opòtinite pou anseye timoun yo ke nou dwe batize pou yo antre nan wayòm syèl la.

Aktivite ki posib

  • Revize kèk detay nan istwa pitit Izrayèl yo k ap travèse Rivyè Jouden an pou antre nan tè pwomiz la (gade nan “Pwofèt Jozye” nan Istwa Ansyen Testaman yo). Apresa, montre yon foto Jezi k ap batize, epi di timoun yo ke Jezi te batize nan menm rivyè a. Mande timoun yo pou yo pataje lòt bagay yo konnen konsènan batèm Jezi a.

  • Chante yon chan sou batèm avèk timoun yo, tankou “Baptême” (Chant pour les enfants, 54–101). Ede yo idantifye kisa chan sa anseye nou sou rezon k fè Jezi te batize epi pou ki rezon nou dwe suiv egzanp Li. Envite yo pataje sa yo santi konsènan batèm pa yo. Pale sou sa timoun yo ka fè kounyea pou prepare pou yo batize lè yo gen yuitan.

    Imaj
    yon tifi ki kanpe nan fon batèm nan

    Nou dwe batize pou nou antre nan wayòm syèl la.

Jozye 24:15

M ka chwazi pou m sèvi Jezikri.

Dènye mesaj Jozye te bay pèp li a sete pou yo te chwazi pou yo kontinye sèvi Senyè a oubyen pou yo abandone Li. Avèk menm amou Jozye te genyen pou pèp li a, ou ka ankouraje timoun w ap anseye yo pou yo chwazi sèvi Senyè a “jodia.”

Aktivite ki posib

  • Mande yo pou yo pale de kèk nan chwa yo deja fè jodia. Li pou yo nan Jozye 24:15: “Chwazi depi kounyeya kimoun nou vle sèvi; … pou mwenmenm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Senyè a n ap sèvi.” Kijan timoun yo ka chwazi pou yo sèvi Senyè a jodia? Nan ki kèk fason nou ka chwazi pou sèvi L chak jou?

  • Chante ansanm yon kantik sou bon chwa, tankou “Choisir le bien” (Chants pour les enfants, 82–83). Kijan nou santi nou lè nou chwazi pou nou sèvi Jezikri? Envite timoun yo pou yo desine foto tèt pa yo k ap fè yon bagay pou yo sèvi Senyè a. Pataje yon istwa nan lavi pa w oubyen youn ou pran nan yon revi Legliz la konsènan chwazi pou sèvi Senyè a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Jozye 1–4; 6

“Fòtifye ou epi pran kouraj.”

Apre Jozye te vin dirijan Izrayelit yo, Senyè a te ankouraje l, Li te di l, “Fòtifye ou epi pran kouraj” (Jozye 1:6). Kisa timoun yo ka aprann nan men Jozye sou fason pou yo fòtifye yo epi pran kouraj pou Kris la?

Aktivite ki posib

  • Envite timoun yo pou yo chèche fraz ki repete nan Jozye 1:6, 9, ak 18 la, epi ekri l sou tablo a (gade nan vèsè 7). Ede yo pou yo panse sou rezon k fè nou ta ka bezwen mesaj sa a, menmjan avèk Jozye. Revize avèk klas la kèk nan istwa ki nan Jozye 1–4; 6 yo (gade tou nan “Jozye, Pwofèt la” ak “Rahab ak Espyon yo” nan Istwa Ansyen Testaman yo), epi mande timoun yo pou yo idantifye fason moun ki nan istwa sa yo te montre kouraj ak fòs.

  • Envite yo pou yo pale de yon moun yo konnen ki solid ak plen kouraj nan defann Jezikri. Ankouraje yo pou yo ekri yon bagay yo ta renmen fè pou yo vin pi solid ak pi plen kouraj pou defann Jezikri.

Jozye 1:8

M ka medite sou ekriti yo lajounen ak lannuit.

Yon fason Senyè a te ede Jozye prepare pou difikilte li te rankontre yo sete nan ankouraje l pou l “medite” sou ekriti yo “lajounen ak lannuit.” Kijan konsèy sa a ta ka beni timoun w ap ansenye yo?

Aktivite ki posib

  • Envite timoun yo pou yo ekri ki kantite fwa yo pase nan yon jou an jeneral nan plizyè aktivite. Apresa, envite yo li Jozye 1:8, pou yo chèche yon bagay nou tout bezwen fè chak lajounen ak nannwit. Mande yo pou yo jwenn mo ak fraz nan vèsè sa a ki anseye nou konsènan benediksyon ki genyen nan edidye ekriti yo. Nan ki fason lè nou medite sou ekriti yo sa ka ede nou gen siksè nan lòt bagay n ap fè chak jou?

  • Envite timoun yo li ansanm ekriti sa yo: Jozye 1:8; 1 Nefi 15:23–24; 2 Nefi 31:20; 32:3; Jakòb 4:6; Elaman 3:29–30. Mande timoun yo pou yo chèche yon mo oubyen fraz nan chak pasaj ki anseye yo sou pouvwa ki genyen nan etidye ekriti yo. Ki bi yo ka fikse pou etid ekriti pèsonèl yo?

Jozye 24:15

M ka chwazi pou m sèvi Jezikri.

Nan pami pawòl final Jozye te di Izrayelit yo, te gen yon siplikasyon pou yo “chwazi … jodia kiyès y ap sèvi.” Konsidere kijan konsèy sa a ka beni timoun w ap anseye yo.

Aktivite ki posib

  • Envite timoun yo pou yo fè afich kote y ap itilize kèk nan mo ak fraz ki nan Jozye 24:15yo. Fè yo pataje afich yo fè yo epi eksplike pou ki rezon yo chwazi mo sa yo. Kijan nou ka montre Bondye nou chwazi pou nou sèvi Li?

  • Envite timoun yo pou yo sigjere kèk sityasyon kote yo ta ka deside pou yo chwazi Bondye pase lòt bagay. Mande yo pou yo konsidere kisa yo t ap fè. Poukisa li enpòtan pou yo “chwaze … jodia” tan pou yo ret tann pou yon sitiyasyon prezante? Nan ki fason n ap beni lè nou fè chwa ki bon?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo chwazi yon bagay ou te pale ke yo ta renmen pataje avèk fanmi yo. Ankouraje yo pou yo panse sou fason yo ka pataje l nan semèn k ap vini an.

Amelyore ansèyman nou

Ede timoun yo vin pi bon etidyan. Objektif ou nan anseye timoun yo se pa sèlman pou kominike yo laverite. Ou dwe ede yo devlope pou yo ka vin moun otonòm k ap chèche laverite tou.