Ansyen Testaman 2022
30 Me–5 Jen. Jij 2–4; 6–8; 13–16: “Senyè A Voye yon Moun Pou Delivre yo”


“30 Me– 5Jen. Jij 2–4; 6–8; 13–16: ‘Senyè A Voye yon Moun Pou Delivre yo,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“30 Me– 5 Jen. Jij 2–4; 6–8; 13–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Debora avèk lame yo

Ilistrasyon sou Debora k ap dirije lame Izrayèl yo, © Lifeway Collection/otorize pa goodsalt.com

30 Me– 5 Jen

Jij 2–4; 6–8; 13–16

“Senyè A Voye yon Moun Pou Delivre yo”

Gen anpil istwa enspiran nou jwenn nan Jij 2–4; 6–8; 13–16. Medite sou fason w ka itilize istwa sa yo pou ede timoun yo vin pi pre Sovè a ak gen dezi pou yo suiv Li.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite chak nan timoun yo pou rakonte yon istwa ki soti nan ekriti yo ke yo te aprann resamman. Apre sa mande yo pou yo pataje sa yo aprann nan istwa sa yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Piti yo

Jij 3:9

Jezikri se Sovè m.

Lè Izrayelit yo te priye Senyè a, Li te voye yon moun pou delivre yo. Ede timoun yo wè ke Jezikri se Liberatè Bondye te voye pou nou an.

Aktivite Posib

  • Eksplike yo ke lè Izrayelit yo te sispann respekte kòmandman Bondye yo, yo te pèdi pwoteksyon Li epi yo te sibi defèt anba men ènmi yo Nan i Jij 3:9 li fraz sa a “timoun Izrayèl yo te kriye bay Senyè a.” Kisa Izrayelit yo te fè lè yo te bezwen èd? Pataje yon eksperyans kote w te priye pou w te resevwa èd epi Bondye te reponn priyè w la.

  • Nan Jij 3:9 li fraz “Senyè a voye yon moun pou delivre yo” a epi envite timoun yo pou yo repete li avèk ou plizyè fwa. Eksplike yo ke yon liberatè se yon moun ki sove nou. Montre yo plizyè foto moun, enkli yon foto Jezikri, epi mete foto yo fas anba atè a. Kite chak timoun pran tou pa yo pou vire foto yo pou yo ka jwenn foto Jezi a, epi leve l anlè. Temwaye ke Jezikri se Liberatè Bondye te voye pou sove nou anba peche ak lanmò a.

Imaj
Jedeyon ak lame a

Jedeyon te konfye l nan Senyè a. © Lifeway Collection/otorize pa goodsalt.com

Jij 6:11–16; 7:1–8

Senyè a ka itilize ti bagay piti yo pou fè gwo travay.

Jedeyon te konsidere tèt li kòm pòv ak ensiyifyan, men Bondye te wè li kòm yon “nonm puisan chaje valè” (Jij 6:12). Ede timoun yo wè ke menm si yo santi yo piti, Bondye ka travay avèk yo pou fè bagay enpòtan (gade Alma 37:6–7).

Aktivite Posib

  • Di yo ke Senyè a te bezwen yon moun pou te ede L sove Izrayèl anba ènmi yo, Madyanit yo, epi Li te chwazi Jedeyon. Li Jij 6:15 pou timoun yo, epi mande yo poukisa Jedeyon pa t santi li te ka fè sa Senyè te vle a. Li vèsè 16la, epi mande yo kiyès Senyè a te di Jedeyon ta pral ede. Pale yo de yon okazyon kote Senyè a te mande ou pou w te fè yon bagay difisil pou sèvi Li epi ou te santi Li te avèk ou.

  • Montre foto timoun oswa jèn ki ap fè gwo travay nan sèvis Bondye (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nimewo. 19, 23, 90, 102), oswa pale de egzanp ou konn wè. Ede timoun yo panse a fason yo ka patisipe nan travay Bondye a, epi envite yo desine tèt yo ki ap fè bagay sa yo.

  • Itilize paj aktivite semèn sa a pou w anseye yo sou fason Senyè a te fè lame Izrayèl la pi piti pou Izrayelit yo te ka konnen ke pouvwa L la te sove yo anba lènmi yo. Pataje egzanp sou kèk bagay piti ki fè yon gwo travay, tankou abèy ki ap rasanble nèkta pou yo fè myèl. Rann temwayaj ou ke Bondye ka ede nou fè gwo travay, menm lè nou santi nou piti.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Jij 3; 7–9, 12–15

Jezikri se Liberatè mwen.

Jij 3 dekri yon sekans ke w ka itilize pou anseye timoun yo ke Bondye delivre nou anba peche atravè Sovè a, Jezikri.

Aktivite Posib

  • Ekri bagay sa yo sou tablo a: “te mal aji,”te kriye devan Bondye,” epi “te sisite yon liberatè.” Envite kèk nan timoun yo pou yo chèche fraz sa yo nan Jij 3:7–9, epi envite lòt yo pou yo chèche yo nan Jij 3:12–15. Eksplike yo ke anpil fwa nan liv Jij la, Izrayelit yo “te mal aji.” Epi apresa, , lè ènmi yo te atake yo, yo te kriye bay Senyè a,” epi Senyè a “te voye yon liberatè” pou ede yo. Kisa nou aprann osijè Senyè a nan sekans sa a?

  • Chante ansanm yon chan ki ka ede timoun yo konprann ke Jezikri se Redanmtè ak Liberatè yo, tankou “Il envoya son Fils aimé” (Chants pour les enfants, 20–21). Envite yo pou yo pataje sa yo santi konsènan sa Sovè a te fè pou delivre nou anba peche, eprèv, tristès, ak lanmò.

Jij 4:1–15

Mwen ka fidèl anvè Senyè a menmsi lòt moun pa fè sa.

Malgre anpil nan Izrayelit yo te vire do bay Senyè a, gen kèk ki te rete fidèl a Li e ki te kapab ede anpil lòt retounen nan ladwati. Kijan w ka ankouraje timoun yo pou yo rete fidèl a Senyè a kèlkeswa sa lòt moun yo ap fè?

Aktivite Posib

  • Di timoun yo ke pandan yon tan kote Izrayelit yo te mechan, te gen yon fi jis ki te rele Debora ak kòmandan lame Izrayelit yo, Barak, ki te delivre Izrayèl anba ènmi l yo (gade nan Jij 4:1–15). Li ansanm Jij 4:14, epi mande yo pou jwenn yon bagay Debora te di ki te montre ke lafwa l nan Senyè a te solid. Apre sa mande yo li Doktrin ak Alyans 84:88 pou yo jwenn yon prensip ki nan Jij 4:14la tou. Ankouraje yo pou yo pataje kisa pwomès Senyè a “M ap mache avèk ou” a vle di pou yo.

  • Chante yon kantik sou obeyi kòmandman yo, tankou “Bien Choisir” (Cantiques, no. 154) oswa “Choisir le Bien” (Chants pour les Enfants, 82–83). Kijan nou ka defann ladwati epi obeyi kòmandman yo menmlè lòt moun ozalantou nou pa fè sa?

Jij 7

Chemen Bondye diferan de chemen mond lan?

Senyè a te mande Jedeyon pou l te fè bagay ke pwobableman li pa t ap konprann nan moman an. Kisa ki enspire w konsènan istwa l la? Kijan w santi sa ka beni timoun w ap anseye yo?

Aktivite Posib

  • Mande timoun yo pou yo imajine ke yo te bezwen mete yon lame kanpe pou ale nan batay. Ki kantite moun yo t ap vle nan lame yo a? Itilize Jij 7:4–7, pou w envite timoun yo demontre kijan Senyè a te ede Jedeyon chwazi lame ki t ap delivre Izrayèl anba Madyanit yo. Poukisa Senyè a te vle pou lame Jedeyon an piti konsa? (gade Jij 7:2). Poukisa kòmandman pou suiv Senyè a kapab te difisil pou Jedeyon ak lame l la? Envite timoun yo pou yo pataje eksperyans kote yo te aprann konfye yo nan Senyè a menmlè fè sa te difisil anpil.

  • Envite yo pou yo desine foto yon epe, yon boukliye, yon twonpèt, yon lanp, ak yon lans. Mande yo kiyès nan objè sa yo yo t ap mennen avèk yo nan yon batay. Envite yo li Jij 7:16 pou aprann kisa lame Jedeyon an te pran avèk yo. Poukisa li t ap mande kouraj pou fè sa a? Li ansanm Jij 7:19–21 pou aprann kijan lame a te itilize twonpèt ak lans pou mete Gadyanit yo andewout. Kisa nou aprann konsènan Senyè a nan istwa sa a?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pataje avèk yon manm fanmi yo yon bagay yo te aprann jodia ki fè yo vle kenbe kòmandman yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Adapte aktivite yo pou reponn bezwen yo. Pa konsidere plan sa yo kòm enstriksyon ke w oblije suiv. Itilize yo pito kòm sous ide pou deklannche pwòp enspirasyon pa w pandan w ap reflechi sou bezwen timoun w ap anseye yo. Pa egzanp, nan kèk ka, ou gen dwa santi w enspire pou w adapte yon aktivite pou timoun piti yo, oubyen visevèsa.