Ansyen Testaman 2022
13–19 Jen. 1 Samyèl 8–10; 13; 15–18: “Batay la se Batay Senyè a”


“13–19 Jen. 1 Samyèl 8–10; 13; 15–18: “Batay la se Batay Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“13–19 Jen. 1 Samyèl 8–10; 13; 15–18,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Jèn David avèk fistibal li

David ak Golyat, tablo Steve Nethercott

13–19 Jen

1 Samyèl 8–10; 13; 15–18

Batay la se Batay Senyè a.”

Malgre aktivite suivan yo prepare pou timoun pi piti oubyen ki pi gran, ou ka adapte nenpòt ladan yo pou reponn a bezwen moun w ap anseye yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre foto David ak Golyat la ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Envite timoun yo pataje sa yo konnen konsènan istwa a, epi poze kesyon pou ede yo sonje pati nan istwa a yo pa t rakonte.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Piti yo

1 Samyèl 16:1–13

Senyè a konnen sa ki nan kè m.

Lè nou pataje istwa sou fason Senyè a te di Samyèl pou l te chwazi David kòm wa a, sa ka ede timoun yo konnen Senyè a konnen nou endividyèlman.

Aktivite ki posib

  • Pataje fason Senyè a te di Samyèl ke David t ap vin tounen wa Izrayèl (gade nan 1 Samyèl 16:1–13). Pandan w ap rakonte istwa a, ou ta ka kite yon timoun reprezante Samyèl. Li ta ka bay yon lòt timoun ki reprezante David yon kouwòn an katon. Pataje temwayaj ou ke Senyè a te konnen kè David epi L konnen nou chak.

  • Pataje yon eksperyans kote ou te santi Senyè a konnen ou. Chante ansanm yon kantik sou kijan Sovè a ap pran swen nou, tankou “Jésus est notre ami” (Chants pour les enfants,37).

1 Samèl 17:10–54

Lafwa nan Jezikri ka ede m pran kouraj.

Timoun konprann jèn David paske, malgre David te piti, li te simonte yon gwo difikilte. Ede yo wè ke sous kouraj ak fòs li a sete lafwa l nan Jezikri.

Aktivite ki posib

  • Revize istwa David ak Golyat la avèk timoun yo (gade nan “David ak Golyat” nan Istwa Ansyen Testaman yo), epi kite yo pran tou pa yo pou yo jwe sèn sou istwa a. Siyale timoun ki pretann li se Golyat la pou l di, “Ban m yon moun pou batay avèk mwen” (1 Samyèl 17:10). Siyale timoun ki pretann li se David la pou l di, “M ap vini sou ou nan non Senyè a” (1 Samyèl 17:45). Temwaye ke lè nou gen lafwa nan Senyè a, L ap ede nou gen kouraj tankou David.

  • Itilize paj aktivite semèn sa a pou montre kijan Golyat te wo an konparezon avèk jèn David. Eksplike ke lame Izrayèl la te pè Golyat. Mande timoun yo pou yo pretann yo pè. Apresa, montre yon foto Jezikri, epi di timoun yo paske David te gen lafwa nan Senyè a, li te ka brav. Mande yo pou yo kanpe dwat, kòmsi yo brav.

  • Envite pou yo mache tankou yo se David ki pral batay avèk Golyat pandan y ap chante yon chan sou pran kouraj, tankou “Je serai vaillant” (Children’s Songbook, 162).

1 Samyèl 18:1–4

Bon zanmi ka yon benediksyon pou mwen.

Amitye Jonatan ak David se yon gwo egzanp sou benediksyon ki ka vini nan bon zanmi.

Aktivite ki posib

  • Desine de desen sou tablo a, yonn pou reprezante David epi lòt la pou reprezante Jonatan. Li kèk fraz pou timoun yo nan 1 Samyèl 18:1–4 ki mete aksan sou amou de zanmi sa yo te santi yonn pou lòt. Bay chak timoun yon kè an katon, epi mande yo kijan yo ka montre amou yo pou yon zanmi. Apre chak timoun fin pataje yon ide, envite timoun nan atache papye an katon an sou tablo a.

  • Pale yo de yon bon zanmi ki ede w viv levanjil la oubyen bati lafwa ou nan Jezikri, epi envite timoun yo pataje kiyès ki ede yo. Envite yo jwe sèn kote y ap fè yon bon bagay pou yon zanmi.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

1 Samyèl 8:6; 9:15–17; 10:1–24; 16:1–13

Moun k ap sèvi nan Legliz la, se Bondye ki aple yo.

Istwa kote Bondye ap chwazi Sayil ak David kòm wa a ka ede klas ou a konprann kòman moun resevwa apèl pou sèvi nan Legliz la jodia. Istwa sa yo ka bati lafwa ke apèl soti nan Bondye atravè sèvitè Li otorize.

Imaj
Samyèl k ap wen Sayil

Ilistrasion Samyèl k ap wen Sayil, © Lifeway Collection/licensed from goodsalt.com

Aktivite ki posib

  • Sou moso papye ki separe, ekri ekspresyon ak ekriti sa yo: pèp la te vle yon wa (1 Samyèl 8:6); Senyè te di Samyèl ke Sayil t ap wa (1 Samyèl 9:15–17); Samyèl te wen Sayil (1 Samyèl 10:1); Samyèl te prezante Sayil devan pèp la (1 Samyèl 10:24). Mande timoun yo pou yo li pasaj ekriti yo epi mete yo nan lòd ki apwopriye a.

  • Aprann senkyèm atik lafwa a ansanm. Brèfman, rakonte timoun yo kijan w te resevwa apèl ou pou anseye nan Primè a. Kijan w fè konnen se Bondye ki te aple ou? Temwaye ke Bondye enspire dirijan pou aple moun pou sèvi.

1 Samyèl 16:1–13

“Senyè a gade andedan kè moun.”

Li natirèI pou nou jije lòt moun daprè sa nou ka wè, men, yon pati nan vin tounen plis tankou Jezi, se aprann kòman pou nou wè jan L wè a—pou nou gade “nan kè moun” (1 Samyèl 16:7).

Aktivite ki posib

  • Envite timoun yo imajine yon moun te mande yo pou yo chwazi yon moun kòm wa. Ki kalite yo t ap chèche? Li ansanm 1 Samyèl 16:6–7 pou chèche konnen kisa Senyè a te di Samyèl pandan l t ap chèche yon nouvo wa pou Izrayèl. Kisa nou aprann nan enstriksyon Senyè a bay yo?

  • Prezante yon leson avèk objè pou ilistre pou timoun yo ke jijman nou fè ki baze sou “aparans” (vèsè 7) ka pa kòrèk. Paregzanp, ou ta ka montre yo kèk manje oubyen yon liv avèk yon kouvèti ki pa ale avèk sa k andedan kouvèti a. Kisa 1 Samyèl 16:7 ak leson avèk objè sa sijere sou fason nou ta dwe konsidere tèt pa nou ak lòt moun?

  • Pataje yon eksperyans kote ou te aprann poukisa ou dwe “gade andedan kè,” pa sèlman “sou aparans” (vèsè 7). Kite timoun yo pataje nenpòt eksperyans sanblab yo genyen. Chante yon chan ki mete aksan sou prensip sa a, tankou “Je viens vers toi” oubyen “We are different” (Chants pour les Enfants, 78, 263).

1 Samyèl 17:20–54

Jezikri ka ede m simonte nenpòt difikilte.

Timoun yo ka rankontre difikilte ki parèt osi difisil ke venk yon jeyan tankou Golyat. Egzanp David la ka ba yo esperans ke Senyè a ap ede yo goumen batay yo.

Aktivite ki posib

  • Bay timoun tach pou yo desine foto sou diferan pati ki nan istwa nan 1 Samyèl 17:20–54. Mete foto yo an òd sou tablo a, epi envite timoun yo pou yo pataje istwa a, pou yo pale sou chak foto yo te desine. Kisa Senyè a vle nou aprann nan istwa sa a?

  • Ede timoun yo fè yon lis sou tablo a, ki gen kèk gwo difikilte yon moun ta ka rankontre. Envite yo pou yo chèche kisa David te di ki ka ankouraje yon moun ki rankontre difikilte tankou sa yo (gade nan 1 Samyèl 17:26, 32, 34–37, 45–47). Rakonte yo kijan Jezikri konn ede ou pandan difikilte.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Poze timoun yo yon kesyon sou yon bagay yo aprann jodia. Ekri yon kesyon, epi bay chak timoun yon kopi pou pote lakay li pou diskite avèk fanmi l.

Amelyore Ansèyman Nou

Ede timoun yo vizyone ekriti yo. Souvan, timoun pote plis atansyon a yon leson lè yo ka gade yon foto ki gen relasyon avèk istwa ekriti yo oubyen ansèyman yo. Konsidere pou w ta itilize foto ki nan Liv Ilistrasyon Levanjil la oubyen sou ChurchofJesusChrist.org.