Ansyen Testaman 2022
25 Avril–1 Me. Egzòd 24; 31–34 “Se Mwenmenm k ap Mache avèk Ou”


“25 Avril–1 Me. Egzòd 24; 31–34: ‘Se Mwenmenm k ap Mache avèk Ou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: AnsyenTestaman 2022 (2021)

“25 Avril–1 Me. Egzòd 24; 31–34,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Jewova parèt devan Moyiz ak ansyen nan Izrayèl yo.

Ilistrasyon Jewova ki parèt devan Moyiz ak 70 ansyen nan Izrayèl, pa Jerry Hartson

25 Avril–1 Me

Egzòd 24; 31–34

“Se Mwenmenm k ap Mache avèk Ou”

Se pa tout prensip enpòtan nan ekriti yo nou ka souliye nan plan leson sa yo. Tande Lespri a pou ede w konsantre sou verite w bezwen yo.

Ekri Enpresyon w yo

Te gen rezon pou espere ke timoun Izrayèl yo t ap rete fidèl a Bondye apre Li te fin revele yo lwa L la (gade Egzòd 20–23). Malgre ke yo te mimire e flanche nan lepase, lè Moyiz te li lwa a nan pye Mòn Sinayi a, yo te fè alyans sa a: “ Na fè tou sa Senyè a mande nou fè, na obeyi l”(Egzòd 24:7). Apresa Bondye te rele Moyiz sou mòn nan, li te di li pou l te bati yon tabènak “”pou m ka vin rete nan mitan yo” (Egzòd 25:8; gade chapit 25–30).

Men pandan Moyiz te sou tèt mòn nan ap aprann fason pou Izrayelit yo te ka gen prezans Bondye nan mitan yo, Izrayelit yo te anba mòn nan ap fè yon zidòl bèf annò pou yo te adore pito. Yo te fèk pwomèt pou yo “pa t gen okenn lòt bondye,” poutan yo “te vire do byenvit” bay kòmandman Bondye yo (Egzòd 20:3; 32:8; gade tou Egzòd 24:3). Sete yon chanjman etonan, men dapre eksperyans nou konnen ke pafwa enpasyans, laperèz oswa dout kapab simonte lafwa ak angajman. Pandan n ap chèche prezans Senyè a nan lavi nou, li ankourajan pou nou konnen ke Senyè a pa t abandone ansyen Izrayèl e Li p ap abandone nou—paske Li “se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p ap janm sispann renmen, l ap toujou kenbe pawòl li” (Egzòd 34:6).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Egzòd 24:1–11

Alyans mwen yo montre volonte m pou m obeyi lwa Bondye a.

Pandan w ap li nan Egzòd 24:3–8 konsènan alyans Izrayelit yo pou obeyi lwa Bondye yo, panse w yo kapab vire nan alyans ou te fè avèk Bondye yo. Alyans Izrayèl la te gen rityèl ki te diferan de sa Bondye mande jodia, men ou kapab remake kèk bagay ki sanble, espesyalman si w konsidere verite etènèl rityèl sa yo senbolize yo.

Paregzanp, vèsè 4, 5, ak 8 pale de yon lotèl, sakrifis zannimo, ak san. Kisa bagay sa yo te ka reprezante, e ki rapò yo genyen avèk alyans ou yo? Kijan alyans ou yo kapab ede w fè “tout sa Senyè a te di yo”? (vèsè 7).

Gade tou Moyiz 5:4–9; Becky Craven, “Sousye oswa Neglijan,” Lyawona, Me 2019, 9–11.

Egzòd 32–34

Peche se vire do bay Bondye, men Li ofri yon chemen retou.

Si nou medite sou fason byen rapid Izrayelit yo te “konwonpi tèt yo” (Egzòd 32:7) nan kraze alyans yo a, nou kapab evite menm erè yo. Pandan w ap li Egzòd 32:1–8, eseye mete tèt ou nan plas Izrayelit yo—ou nan dezè a, Moyiz pati depi 40 jou, ou pa konn si l ap retounen oubyen kilè l ap retounen, epi gen yon batay avèk Kananeyen yo poutèt tè pwomiz la k ap tann ou pi devan an (gade tou Egzòd 23:22–31). Poukisa ou panse Izrayelit yo te vle yon idòl annò? Poukisa peche Izrayelit yo te grav konsa? Vèsè sa yo ta ka pouse w medite sou fason ou ta ka tante pou mete konfyans ou nan yon moun oubyen nan yon lòt bagay ki se pa Sovè a. Èske gen yon bagay ou santi w enspire pou w fè pou w kapab mete Bondye an premye konplètman nan lavi ou? Kisa ki enspire w apwopo siplikasyon Moyiz te fè Senyè a nan Egzòd 33:11–17la?

Pandan ke peche Izrayelit yo te grav, istwa sa a gen yon mesaj sou mizèrikòd ak padon Bondye tou. Kisa Egzòd 34:1–10 anseye ou apwopo Sovè a? Kijan aksyon Moyiz nan non Izrayelit yo raple w sa Jezikri te fè pou tout moun nan? (gade Egzòd 32:30–32; Mozya 14:4–8; 15:9; Doktrin ak Alyans 45:3–5).

Tradiksyon Joseph Smith, Egzòd 34:1–2 (nan apendiks Bib la).

Ki diferans ki te genyen ant de tab an wòch Moyiz te fè yo?

Lè Moyiz te desann soti sou mòn nan, li te pote lwa a ekri sou tab an wòch yo. Apre l te vin reyalize ke Izrayelit yo te kraze alyans yo te fè a, Moyiz te kraze tablo yo (gade Egzòd 31:18; 32:19). Apresa, Bondye te kòmande Moyiz pou l te fè yon lòt pè tab an wòch epi pote yo tounen sou mòn nan (gade Egzòd 34:1–4). Tradiksyon Joseph Smith, Egzòd 34:1–2 (nan apendiks Bib la) klarifye ke premye pè tab an wòch yo te gen òdonans “lòd sen” Bondye yo oswa Prètriz Mèlkisekèk la. Dezyèm pè a te gen “lwa yon kòmandman chanèl.” Sete yon lwa pi piti ki te administre pa “pi piti prètriz la” (gade Doktrin ak Alyans 84:17–27), ki te fèt pou prepare Izrayelit yo pou yon lwa siperyè ak yon pi gwo prètriz pou yo kte apab antre pi konplètmanbyen nan prezans Bondye.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Egzòd 31:12–13, 16–17.Apre lekti vèsè sa yo, petèt fanmi ou ta kapab te ka diskite sou kesyon Prezidan Russel M. Nelson an sou konpòtman nou nan jou Saba a: “Ki siy w ap bay Senyè a pou montre lanmou w pou Li?” (“Saba a Se yon Delis,” Lyawona, Me 2015, 130). Fanmi ou kapab fè kèk siy pou mete nan tout kay la pou raple w kijan pou w montre lanmou w pou Senyè a nan jou Saba a. (Gade koleksyon videyo a tou “Jou Saba—Nan Fwaye a” nan [ChurchofJesusChrist.org].)

Imaj
moun k ap mache devan yon legliz

Lè nou onore jou Saba a, nou montre lanmou nou pou Senyè a.

Egzòd 32:1–8.Pou ede fanmi w diskite sou kijan Izrayelit yo te vire do bay Bondye, panse pou w trase yon chemen atè a (oubyen chèche youn toupre lakay ou). Pandan y ap mache sou chemen an, manm fanmi yo ta kapab pale sou tantasyon nou rankontre pou nou vire “soti sou chemen [Senyè] a kòmande a.” Kijan nou ka rete sou chemen an? Si nou pèdi, kijan nou ka retounen sou li? Kijan Sovè a ede nou?

Egzòd 32:26.Apre l te fin jwenn Izrayelit yo ap adore yon idòl la, Moyiz te mande, “Kimoun ki pou Senyè a?” Kijan pou nou montre nou pou Senyè a?

Egzòd 33:14–15.Manm fanmi yo ta ka pataje eksperyans kote yon konn santi sa Bondye te pwomèt Moyiz la: “Se mwenmenm k ap mache avè ou, M ap fè w jwenn repo.” Nou kapab chante yon chan sou depandans nou sou Bondye, tankou “Reste avec nous, Seigneur!” (Cantiques, no. 166).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan yo sigjere: “Qui donc est au Seigneur?Cantiques, no. 68.

Amelyore ansèyman nou

Envite Lespri a. Konsidere fason mizik sakre, travay atistik, ak ekspresyon lanmou enfliyanse atmosfè espirityèl nan fwaye ou pandan w ap anseye fanmi ou (gade Anseye nan fason Sovè a, 15).

Imaj
Moyiz ap kraze tablèt yo

Adorasyon Bèf la, pa W. C. Simmonds