Ansyen Testaman 2022
18–24 Avril. Egzòd 18–20: “Tout Sa Senyè a Di, L ap Fè L”


“18–24 Avril. Egzòd 18–20: ‘Egzòd 18–20: “Tout Sa Senyè a Di, L ap Fè L,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“18–24 Avril. Egzòd 18–20,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
mòn

Yon mòn an Ejip, moun kwè, ke tradisyon di ki se Mòn Sinayi a.

18–24 Avril.

Egzòd 18–20

Egzòd 18–20: “Tout Sa Senyè a Di, L ap Fè L”

Sè Michelle Craig te anseye: “Kòm disip fidèl [Jezikri], ou ka resevwa enspirasyon ak revelasyon pèsonèl, ki konsistan avèk kòmandman L yo, ki taye pou ou” (“Kapasite Spirityèl,” Lyawona, Nov. 2019, 21). Ekri epi aji sou enspirasyon w resevwa pandan w ap li Egzòd 18–20 yo.

Ekri Enpresyon w yo

Vwayaj Izrayelit yo sòti an Ejip apye pou al sou Mòn Sinayi a te chaje avèk mirak—manifestasyon endenyab sou pouvwa ak amou, ak mizèrikòd enkonparab Senyè a. Sepandan, Senyè a te gen benediksyon ki te rezève pou yo ki te plis pase libere yo soti an Ejip ak satisfè grangou ak swaf fizik yo. Li te vle yo vin tounen pèp alyans Li, “trezò patikilye,” Li ak yon “nasyon Sen” (Egzòd 19:5–6). Jodia, benediksyon alyans sa yo etann pi lwen pase yon nasyon oubyen yon pèp. Bondye vle tout pitit Li vin tounen pèp alyans Li, pou “obeyi vwa [Li] reyèlman, epi kenbe alyans [Li] yo” (Egzòd 19:5), paske Li montre mizèrikòd Li “a dèmilye moun ki renmen [Li], epi ki kenbe kòmandman [Li] yo” (Egzòd 20:6).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Egzòd 18:13–26

M ka ede “pote fado” nan fè travay Senyè a.

Pandan w ap li konsèy Moyiz te resevwa nan men bòpè li, Jetwo a, medite sou fason w ka tankou “òm ki vrè” sa yo (ki tradui kèkfwa kòm òm “konfyans”) yo dekri nan vèsè 21 an. Kòman w ka ede “pote chay” dirijan Legliz ou yo? (vèsè 22). Paregzanp, nan ki fason konsèy sa a ka aplike nan efò sèvis pastoral ou?

Ou ta ka konsidere si oumenm, pafwa konn tankou Moyiz tou, ki ap eseye fè twòp bagay. Kijan konsèy Jetwo a ka aplike pou ou?

Gade nan Mozya 4:27; Henry B. Eyring, “Moun k ap bay Swen an,” Lyawona, Nov. 2012, 121–24 tou.

Imaj
yon mesye k ap bay jènfi lamen

Sèvis pastoral se yon fason nou ka patisipe nan travay Senyè a.

Egzòd 19:3–6

Pèp alyans Senyè a se yon trezò pou Li.

Konsidere kisa sa vle di pou w “yon trezò patikilye” pou Senyè a (Egzòd 19:5). Prezidan Russell M. Nelson te ofri yo eksplikasyon pou fraz sa a: “Nan Ansyen Testaman an, ekspresyon Ebre ki tradui mo patikilye a se segullah, ki siyifi ‘pwopriyete plen valè,’ oubyen ‘trezò.’ … Pou sèvitè Senyè yo ka idantifye nou kòm pèp patikilye Li, se yon konpliman nan pi wo degre” (“Pitit Alyans yo,” Ensign, Me 1995, 34). Nan ki fason sa ap enfliyanse lavi w lè w konnen ke si w kenbe alyans ou yo, sa ap fè w vin tounen yon “trezò patikilye”?

Gade tou nan Gerrit W. Gong, “Covenant Belonging,” Liahona, Nov. 2019, 80–83.

Egzòd 19:10–11, 17

Eksperyans sakre mande preparasyon.

Senyè a te di Moyiz ke pitit Izrayèl yo bezwen prepare anvan pou yo ka “rankontre avèk Bondye” (Egzòd 19:10–11, 17) epi kenbe yon alyans avèk Li (gade nan Egzòd 19:5). Kisa w fè pou w prepare pou eksperyans sakre nan lavi w yo, tankou ale nan tanp oubyen pran sentsèn? Kisa w ka fè pou w prepare pi totalman pou eksperyans sa yo? Panse a lòt aktivite ki mande preparasyon, epi medite sou fason preparasyon ou ka afekte kalite eksperyans ou fè a.

Egzòd 20

Bondye gen mizèrikòd.

Pandan w ap li Egzòd 20 an, panse pou w note kiyès nan dis kòmandman yo ou santi w ap obeyi epi ou santi w ta dwe obeyi pi fidèlman. Ou ta ka chwazi yon kòmandman pou w travay sou li epi apresa etidye l avèk plis detay nan li ekriti ki anrapò avèk li (gade nan Gid Ekriti yo nan scriptures.ChurchofJesusChrist.org) oubyen mesaj konferans (gade nan seksyon sijè a nan conference.ChurchofJesusChrist.org). Panse pou w enkli nan etid ou a benediksyon ki vini pou moun ki obeyi kòmandman yo. Nan ki fason benediksyon sa yo montre mizèrikòd Bondye ak amou L pou ou?

Gade tou nan Carole M. Stephens, “Si Ou Renmen M, Kenbe Kòmandman M Yo,” Lyawona, Nov. 2015, 118–20.

Egzòd 20:1–7

Li enpòtan pou m mete Senyè anpremye nan lavi m.

Lè w li Egzòd 20:1–7 la, sa ta ka enspire w pou w panse a priyorite nan lavi w yo—ou ta ka menm ekri yo nan yon lis. Ki kèk “fodye” oubyen “imaj taye[ ]” (Egzòd 20:3–4) posib ou ta ka tante pou w mete anvan Bondye? Nan ki fason lè w mete Senyè a anpremye, sa ka ede w avèk lòt bagay enpòtan nan lavi ou? Kisa w enspire pou w fè pou w ka konsantre w sou Pè Selès ak Jezikri?

Gade tou nan Dallin H. Oaks, “Pa Lòt Bondye,” Lyawona, Nov. 2013, 72–75.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Egzòd 18:8–12.Ki efè temwayaj Moyiz te rann sou delivrans Bondye a te fè sou Jetwo? Ki gran bagay Senyè a fè pou fanmi nou? Avèk kimoun nou ka pataje eksperyans nou? Kijan nou ka prezève eksperyans sa yo pou jenerasyon k ap vini yo?

Egzòd 18:13–26.Vèsè sa yo ta ka enspire fanmi w pou yo panse a sèvis dirijan lokal ou yo nan Legliz la, tankou evèk, dirijan jèn yo, oubyen enstriktè Primè. Ki responsablite yo genyen ki sanble l “twò lou” (Egzòd 18:18) pou yon sèl moun pote poukont li? Kisa nou ka fè pou pou ede soulaje fado yo?

Egzòd 20:3–17.Panse a yon fason siyifikatif pou w diskite sou Dis Kòmandman yo an fanmi. Paregzanp, ou ta ka ekri kòmandman nan Egzòd 20:3–17 yo sou dis timoso papye. Manm fanmi w yo ta ka separe yo an de kategori: (1) onore Bondye ak (2) renmen lòt moun (gade tou nan Matye 22:36–40). Konsidere chwazi yonn oubyen de kòmandman chak jou semèn sa a epi diskite sou li ansanm avèk plis detay. Paregzanp, nan ki fason sa ka ranfòse fanmi nou lè nou obeyi kòmandman sa a? Kòman Sovè a te obeyi li?

Egzòd 20:12.Pou w ka pi byen konprann Egzòd 20:12 la, li ta bon si fanmi w ta gade definisyon mo “onore” a. Apresa, yo ta ka fè yon lis bagay nou ka fè ki ta ka onore paran nou. Ou ta ka chante yon chan konsènan onore paran tankou, “Sans tarder, je recherche mon Sauveur” (Chants pour les enfants, 67), epi apresa, itilize kèk ide nan lis ou a pou w ekri nouvo kouplè pou chan an.

Pou plis ide pou anseye timoun, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Pour trouver la paix,” Chants pour les enfants, 146–47.

Amelyore etid pèsonèl ou

Chèche yon lè ki konvnab pou ou. Li souvan pi fasil pou w aprann lè w ka etidye ekriti yo san moun pa entèwonp ou. Chèche yon lè ki konvnab pou ou, epi fè tout sa w kapab pou w etidye regilyèman a lè sa a chak jou.

Imaj
Moyiz ki kenbe tablèt an wòch yo

Ilistrasyon Moyiz ki kenbe Dis Kòmandman yo, tablo Sam Lawlor